Kreyòl ayisyen

lang ki pale an Ayiti
(Depi paj redireksyon « Kreyòl »)
Kreyòl ayisyen
Enfòmasyon jeneral
Pale nan Ayiti
Moun ki pale yo sou 10 milyon an Ayiti, 2 milyon deyò peyi a
Sitiyasyon ofisyèl
Lang ofisyèl Ayiti
Gouvène pa Akademi Kreyòl Ayisyen
ISO 639
ISO 639-1 ht
ISO 639-2 hat
ISO 639-3 hat

Kreyòl ayisyen, ou ayisyen, se lang kreyòl lan ki gen plis moun ki pale li sou latè kè nenpòt lòt lang kreyòl. Se lang natif natal tout Ayisyen ki fèt e ki elve an Ayiti kote yo rele li Kreyòl. Nan dyaspora a, gen plis pase yon milyon Ayisyen ki pale kreyòl. Gen moun sa yo k ap viv nan Lamerik dinò (Ozetazini ak Okanada), nan Lamerik disid (Venezwela ak Giyàn franse), nan Karayib la (Kiba, Repiblik dominikèn, Matinik, Gwadloup, Bahamas), ann Ewòp (Frans), ak nan kèk peyi Lafrik. Nan kominote ayisyen ki gen plis moun yo, tankou Nouyòk, Miyami, Monreyal, osinon Repiblik dominikèn, kreyòl ayisyen devlope anpil nan kontak li fè non sèlman ak lang peyi sa yo men tou ak varyete yo pale an Ayiti. Pami tout kreyòl , se sou kreyòl ayisyen yo fè plis rechèch nan linivèsite. Kwak se sèlman yon ti ponyen Ayisyen ki te pale lang franse, lang sa a te lang ofisyèl peyi Ayiti pandan lontan jouktan, kreyòl vin tounen lang ofisyèl Ayiti depi lane 1987. Kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl depi 1980 e gen anpil ekriven ayisyen ki ekri liv enteresan sou diferan aspè esperyans ayisyen.

Istwa

Sou plan istorik, li difisil pou nou bay presizyon sou ki lè kreyòl ayisyen parèt. Nan lane 1697, Franse yo ki t ap viv ann Ayiti depi 1629, vin okipe ofisyèlman pati lès Sen Domeng. Kiskeya se non tout zile a. Anvan 1697, se Panyòl ki te mèt tout zile a. Se apre Franse fin pran Sen Domeng, vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl ki baze sou franse parèt: Franse yo kòmanse komès esklav epi vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Se konsa lang kreyòl la vin parèt. Daprè kèk istoryen, nan lane 1728, te genyen anviwon 50 000 esklav ak yon ti kras mwens kolon nan Sen Domeng, men ant 1740 ak 1791 yo estime te genyen prèske yon demi-milyon Afriken ki t ap travay kòm esklav nan jaden Sen Domeng yo. Yo te rele esklav ki te fèt nan kontinan Afrik la « bosal », men sa ki te fèt Sen Domeng yo, yo te rele yo « kreyòl ». Kreyòl ayisyen grandi nan kontèks jaden Sen Domeng yo, kote esklav afriken, ki te pale lang niger-congo yo, te antre an kontak avèk kolon fransè ki te pale yon varyete franse ki diferan anpil de franse moun pale kounye a, epi esklav afriken sa yo eseye kominike avèk kolon fransè sa yo. Tankou nenpòt ki lòt lang kretyen vivan pale sou latè, kreyòl ayisyen se yon sistèm lengwistik total ki gen pwòp règ pa li, ki pa depann de okenn lòt lang pou li fonksyone. Genyen 7 milyon edmi moun ki pale li nan Ayiti, gen plis pase yon milyon lòt ki pale li nan dyaspora a. Kreyòl ayisyen pa fransè mawon. Se yon lang diferan de lang franse, menmsi gen anpil mo nan vokabilè li ki soti nan fransè tankou mo franse soti souvan nan lang laten.

Premye tèks

Premye tèks nou konnen ki ekri nan kreyòl ayisyen genyen anviwon 10 liy. Li te parèt nan yon liv ki rele Voyage d’un Suisse dans différentes colonies d’Amérique ki te pibliye nan lane 1786. Moun ki te ekri liv sa a rele Justin Girod de Chantrans. Li te yon vwayajè suis ki te viv Sen Domeng nan mwa me 1782 ak jiyè 1783. Men tèks sa a jan li te parèt nan liv de Chantrans lan. Se te yon lèt yon jenn ti fanm esklav te ekri mennaj li pou li mande li padon paske mennaj la te konprann ti fanm lan ap ba li zoklo: (Twompe'l)

Moi étais à la case à moi; moi étais après préparer cassave à moi; Zéphir venir trouver moi, li dit que li aimer moi, et qu’il voulait que moi aimer li tout. Moi répondre li que moi déjà aimer mon autre et que moi pas capable d’aimer deux. Li dit moi, que li mériter mieux amour à moi que matelot à li. Moi répondre li, que li capable de mériter li mieux, mais que pas te gagner li encore. Li dit moi que li va gagner li, et tout de suite li faire moi violence…Ah, toi connais comment li fort! Juger si gagner faute à moi! Le ciel témoin, cher dombo, de l’innocence et de fidélité à moi.

Mwen te anndan joupa mwen, m t ap pare kasav mwen; Zéphir vin wè mwen, epi li di m li renmen mwen, e li ta renmen mwen renmen li tou. Mwen di li mwen gen yon mennaj deja e mwen pa kapab genyen de mennaj. Li di mwen li merite lanmou mwen pi plis pase matlòt li. Mwen di li se posib men li poko genyen li. Lè sa a, li di mwen l ap vin pran li, epi san m pa atann li plonje sou mwen… Ou konnen jan nèg sa a gen kouray! Èske ou panse se fòt pa m! Bon Dye nan syèl la temwen, dombo cheri, mwen inosan e mwen se yon mennaj fidèl!

Malgre enpòtans istorik li, nou dwe li tèks sa a avèk anpil rezèv epi nou pa ta dwe konsidere li tankou yon bon echantiyon lang kreyòl moun te konn pale nan Sen Domeng nan epòk sa a. Girod de Chantrans se yon etranje ki te viv Sen Domeng pannan yon sèl lane epi li pa te konn pale kreyòl fen e byen.

Òtograf

Jiskaprezan, se sitou nan domèn òtograf gen jefò ki fèt pou estandadize kreyòl ayisyen. N ap raple se nan lane 1980, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Nan kesyon diksyonnè, gen kèk bon diksyonnè kreyòl-kreyòl, bileng angle-kreyòl ak franse-kreyòl. Pou moun ki pale angle, genyen anpil bon liv deyò pou aprann kreyòl ayisyen, men genyen omwen 4 linivèsite ameriken ki anseye klas kreyòl. Laplipa lengwis ki etidye kreyòl ayisyen admèt li gen 3 manman dyalèk[1][2] - dyalèk nan Nò : se varyete moun pale nan Kap Ayisyen ki reprezante dyalèk sa a; dyalèk nan Sant lan: se varyete moun pale nan Pòtoprens ak nan zòn Pòtoprens ki reprezante dyalèk sa a; epi dyalèk nan Sid: se varyete moun pale nan zòn vil Okay ki reprezante dyalèk sa a. Varyete moun pale nan Nò a sanble se li menm ki mwens sanble ak kreyòl majorite Ayisyen pale, akòz de kèk diferans li genyen sou plan leksikal ak sou plan sentaksik. Varyete moun pale nan Sant lan sanble se li menm ki gen plis prestij pou rezon politik, ekonomik e kiltirèl, men paske gen anpil moun ki kite pwovens pou vin viv Pòtoprens, fwontyè ki separe dyalèk yo vin pi flou e anpil Ayisyen pale alèz de dyalèk.

Edikasyon

Sou plan inivèsitè, etid kreyòl yo devlope anpil. Gen seksyon etid kreyòl nan plizyè depatman lengwistik linivèsite ewopeyen ak linivèsite nan Lamerik dinò. Nan linivèsite sa yo, kreyòl ayisyen se youn nan kreyòl atlantik yo lengwis yo plis etidye. Pati nan kreyòl ayisyen lengwis sa yo etidye pi plis se sentaks e teyori lengwistik yo plis itilize pou yo fè rechèch sa yo se teyori lengwistik ki rele gramè jenerativ. Chak ane, depi fen ane 1970 yo, genyen omwen yon tèz doktora sou yon aspè enpòtan nan yon lang kreyòl (ayisyen osnon yon lòt kreyòl) yon etidyan prezante nan yon linivèsite Ewòp osinon Lamerik dinò. Fòk nou pa bliye mansyonnen de michan revi sou kreyolistik: nan domèn kreyòl ki baze sou franse yo, genyen revi ki rele: Études Créoles. Se an Frans yo pibliye revi sa a e li parèt de fwa chak ane; nan domèn kreyòl ki baze sou angle yo, genyen revi ki rele: Journal of Pidgin and Creole Languages. Se nan peyi Olann yo pibliye revi sa a e li parèt tou 2 fwa chak ane.

Depi kèk lane, kreyòl ayisyen rive entegre sistèm lekòl vil tankou Nouyòk, Miyami e Boston. Dapre kèk otè ki fè rechèch sou kesyon an, genyen omwen 30 000 elèv ayisyen ki enskri nan lekòl piblik vil Nouyòk la. Kreyòl ayisyen se katriyèm lang etranje yo pale e ansenyen nan sistèm lekòl piblik vil Nouyòk la, apre lang panyòl, lang ris ak lang chinwa. Nan tout nivo lekòl, keseswa nan nivo primè, osinon nan nivo segondè, gen klas kote yo ansenye lang kreyòl ayisyen ak matyè tankou matematik, syans, istwa an lang kreyòl ayisyen. Deplizanpli, gen anpil elèv ayisyen ki antre nan klas sa yo, espesyalman elèv ki fèk soti Ayiti, men pwofesè yo pa genyen ase michan tèks literè an kreyòl pou ansenyen timoun yo literati, lekti, kominikasyon, menm jan pwofesè ameriken yo genyen kantite tèks literè ann angle, lè y ap fè klas literati pou elèv ameriken. Otorite nan lekòl Nouyòk ta dwe fè yon gwo travay pou devlope michan tèks literè an kreyòl pou elèv ayisyen (yo ta kapab menm kòmanse tradui kèk bon liv ki genyen nan kantite literati ayisyen ki ekri an franse).

Alfabè

Konsòn

B CH D F G H J K L M N NG P R S T V W Y Z
[b] [ʃ] [d] [f] [ɡ] [h] [ʒ] [k] [l] []m] [n] [ŋ] [p] [r] [s] [t] [v] [w] [j] [z]
Bòl Chanje Doktè Fanm Gato Hany! Joumou Kenèp Lanmou Manman Nòt Peng Pastè Rido Sove Tòti Vakans Wout Yanm Zaboka
Fèb Nich Kòd Bèf Gwòg Ah! Wouj Bèk Myèl Fim Bòn Mòp Jistis Tèt Vav Kaw Woy Kanbiz

Vwayèl yo

vwayèl bouch
a e è i o ò ou
[a] [e] [ɛ] [i] [o] [ɔ] [u]
vwayèl nen

an

en

on

[ã] [ɛ̃] [õ]

Dyakritik yo

Ofisyèl

dyakritik
aksan grav `
à è ò

Lòt òtograf

  • é
aksan egi
  • ä
trema	        itilize nan mo kòm	        avwän, pän, krän
  • ê, ô
sikonflèks         raman itilize, petèt nan        ô, anmwêy (vwayèl long)

Kreyòl ayisyen an, lè li ekri avèk aksan egi, mete aksan prèske sou tout e ki pa pran yon lòt aksan. Pa egzanp, men kijan kèk mo t ap ekri ak aksan egi: fété, prété, gadé, kalité, gaté, élatriyé.

Lòt rezon an, y ak w kenbe kreyòl la afrikanize. Nouvo mo ki antre nan lang kreyòl la se pa mo ki sòti nan langaj afriken; tipikman, yo se mo ki sòti nan lang franse, angle, panyòl, oubyen kèk lòt lang romans.

Pou yon apwòch final sou tretman e aksan egi, kèk moun trete kreyòl la kòmsi li ekri avèk aksan egi sou tout e (ki pa pran yon lòt aksan), men limite anplwaman e aksan egi sèlman kote l nesesè. Nan sityasyon sa, moun sa te ka ekri kèk mo konsa : Ayisien, bien, pie, die, ansien, trant-e-en, Panaméen, Kaymitéen. Konpare a Ayisyen, byen, pye, dye, ansyen, tranteyen, etc.; donk, limite kantite y itilize pa fraz.

Lis Swadesh

Pwonon pou deziyen premye moun sijè
mwen
ou
li
nou
nou
yo

Pou deziyen yon bagay
sa
sila

Pou deziyen yon bagay
isit
la

Pou kesyone, entewoje
kimoun
kisa
ki kote
kan, kilè
kòman, kijan

pou deziyen yon kantite
pa, pyès
tout
anpil
kèk
trepe
lòt
yonn, youn, en
de
twa
kat
senk
gran
long
laj
epè, pwès
lou
piti
kout
etwat
fen

Pou deziyen yon jan, yon moun
fanm
nonm
moun
pitit, timoun
mari
manman
papa

Pou deziyen yon zannimo yo
zannimo
pwason
zwazo
chen
pou
koulèv

pyebwa
forè
baton
fwi
grenn
fèy
rasin
ekòs, po
flè
zèb
kòd

po
vyann
san
zo
grès
ze
kòn
lake, ke
plim

cheve
tèt
zòrèy
zye
nen
bouch
dan
lang
zong
pye
janm, pye
jenou
men
zèl
vant
zantray
kou
do
tete, sen
fwa

bwè
manje
mòde
souse
krache
vomi
soufle
respire
ri
tande
konnen
panse
santi
dòmi
viv
mouri
tiye, touye
goumen, batay
chase
frape
koupe
separe
pike
grafouyen
fouye
naje
vole
mache
vini
blayi
chita
leve, kanpe
vire
tonbe
bay
kenbe
sere
frote
lave
siye
tire
pouse
voye, jete
mare
koud
konte
di
chante
jwe
flote
koule
glase
anfle

solèy
lalin
etwal

dlo
lapli
rivyè
lak
lanmè, loseyan

sèl
ròch
sab
pousyè
latè

nuaj
bwouya
syèl, lesyèl
van
nèj, lanèj
glas
lafimen
dife
sann
boule

chemen, rout
mòn, montay

rouj
jòn
blan
nwa

lanuit
jou
ane

cho
frèt, fwèt
plen
nouvo, nèf
vye, aje
bon
move
pouri
sal

dwat
ron
file, koupe
defile, febli
lis
mouye
sèk
kòrèk

akote, pre
lwen
dwat
gòch
a
nan, andedan
ak, avèk
ak, epi, e
si, anlè
paske, akòz
non

Gade tou

Referans

  1. Orjala, Paul R. "A dialect survey of Haitian Creole." Hartford Seminary Foundation, 1970.
  2. Fattier, Dominique. « Contribution à l'Étude de la Genèse d'un Créole: L'Atlas Linguistique d'Haïti, Cartes et Commentaires. » Université de Provence, 1998

Lyen deyò