Cléante Valcin

yon feminis ak ekriven ayisyen


Cléante Valcin
Image illustrative de l’article Cléante Valcin
Non nesans Cléante Desgraves Valcin
Fonksyon Fanm ekriven
Nesans
Pòtoprens
Lanmò (ak 65 ane)
Nasyonalite Ayisyen
Domèn Literati

Cléante Desgraves Valcin, rele Cléante Valcin, ki fèt 13 janvye 1891 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri 26 janvye 1956, se yon ekriven ayisyen.

Biyografi modifye

Cléante Valcin fèt Cléante Desgraves. Manman li, Alice Cunningham, te amerikèn ak papa li, Hector Desgraves, te ayisyen. Li travay tankou famasyen ak tou pyanis. Pandan li te jèn li, Cléante travay nan nan famasi a avèk papa li.

Li etidye nan "Pensionnat des Demoiselles" dirije pa Virginie Sampeur, yon fanm ekriven. Desgraves te vin yon pwofesè jouk maryaj li nan lane 1917. Virgile Valcin, mari li, te pwoprietè kay enprime Valcin. Yo genyen de (2) timoun : Charles ak Yolande.

Li pibliye yon rekèy pwezi, Fleurs et Pleurs nan lane 1924. Li pibliye premye woman Cruelle destinée an 1929, epi La Blanche Négresse an 1934. Cruelle Destinée se premye woman pibliye pa yon fanm ayisyèn.

Li se tou yon fanm aktivis feminis. Li kontribye tou nan revi La Semeuse (kreye ak dirije pa fanm, avèk Jeanne Perez ak Le Temps.

Nan lane 1935, Cléante Valcin se yon manm fondatè jounal feminis Voix des femmes ak Ligue féminine d’action sociale. Nan mwa jen 1955, li reprezante gouvènman ayisyen an nan 10yèm Asanble Jeneral Fanm yo nan Pòtoriko ak nan anpil kongrè entènasyonal. Li te defann dwa fanm yo.

Zèv li yo modifye

  • 1924 : Fleurs et Pleurs (pwezi)
  • 1929 : Cruelle destinée (woman)
  • 1934 : La Blanche Négresse (woman)
  • 1953 : Femmes haïtiennes

Referans modifye

Lyen deyò modifye