Jeannot Hilaire: Diferans ant vèsyon yo

Contenu supprimé Contenu ajouté
Masterches (diskisyon | kontribisyon)
Aucun résumé des modifications
Liy 35 :
'''Jeannot HILAIRE''' fèt jou premye [[mas]] [[1945]], bò [[Tigwav]]. Li pran [[lenstriksyon primè]] nan [[Lekòl Frè Tigwav]] (F.I.C. Ploermel), epi sekondè nan [[Petit Séminaire-Collège Saint Martial]] nan [[Pòtoprens]], ditan direksyon [[Pè Sentespri]] yo. Apre bakaloreya, li antre vin etidye [[filozofi]] nan [[Grand Séminaire Notre-Dame]], toujou nan [[Pòtoprens]]. An [[1968]] li vwayaje vin ann Itali, kote li swiv kou lang ak kilti itayen an prive, epi ann ete 1969 nan <Università per Stranieri> nan vil Perugia. Sa tap pèmèt li pase lisans an filosofi nan <Pontificia Università Urbaniana / Roma>, apre sa antre nan etidye teyoloji jistan pou li te pran yon bachlò degre.<br />
 
Retounen ann [[Ayiti]] annan lane [[1971]], li rete pase de mwa nan peyi a, epi li repati vin dabò ann [[Itali]], epi kèk tan apre ann [[Almay]] ([[RFA]], Repiblik Federal Almay), kote li te vin jwenn posiblite travay, ann atandan mwayen pou li te pran you fòmasyon nan lang ak kilti [[alman]] nan yon [[Goethe Institut München]], ki enstale nan lokalite [[Staufen]] im [[Breisgau]]. Non ti vil sa, nan [[Baden-Würtemberg]] nan ansyen [[RFA]], soti asosye avèk lejann [[Doktè Faust]]. Se la, dapre latradisyon, pèsonaj literati alman sa a te pou mouri an 1538.
 
Apre peryòd sa a, Jeannot HILAIRE tap vin twouve l an [[Swis]] nan finisman lane [[1974]], nan pèspektiv pou li te antreprann yon etid nan syans natirèl. Li kòmanse efektivman, men li pat pou rive lwen nan pouswiv lide sáa. Se konsa li fikse kò li bò Fribou {Fribourg} depi epòk la.