Janjak Desalin: Diferans ant vèsyon yo

Contenu supprimé Contenu ajouté
Aucun résumé des modifications
Aucun résumé des modifications
Liy 24 :
Kòm ansyen esklav, li te patisipe nan leve kanpe ke esklav yo te fè nan koloni franse ki te rele Sen Domeng. Li se te premye lyetnan anba lòd [[Tousen Louvèti]] lè [[Napoléon Bonaparte|Napoleon]] te voye solda li yo, sou kòmandman bo frè li Jeneral Leklè, pou Lafrans te ka repran kontwòl zile a. Sepandan, apre Franse yo te arete Tousen epi yo te voye l nan peyi Lafrans, Gouvènman fanse sa te vini avek lòd pou remete nèg yo anba esklavaj ki te aboli depi lane 1794 nan tout koloni franse yo. Desalin te òganize nan mwa oktòb 1802, yon revòl kont lame franse a. Nan batay sa yo, anpil san te koule. Desalin te fini pa genyen viktwa kont lame franse yo ke Jeneral Rochanbo te kòmande. Se finalman yon 18 me 1803, nan gwo batay ki te rive nan Vètyè, ke franse yo te bay le gen epi te mete yo deyò nan zile a. Kèk mwa pita, nan premye janvye 1804, Desalin te deklare endepandans peyi ki te rele Sen Domeng la, ke li te batize Ayiti. Non Ayiti sa te jan kèk nan bann Endyen ki te rete nan zile te konn rele tè a. Men Endyen sa yo ki te bann Tayino te disparèt ak maladi nan lane 1550. Sa vle di 147 tan anvan Espanyòl yo te bay Franse yo yon bout nan zile nan lane 1697, nan yon trete ki fèt nan lavil Riswik.
 
Anperè Desalin te eseye remete ekonimi a sou pye ak yon sistèm agrè ak fòs ponyèt. Kolaboratè li yo te konplote e yo te asasine l nan lane 1806, apre li te deside anpeche kèk milat nan Sid peyi a fè fo papye pou yo pran tè ke yo di te tè papa yo, blan franse ke kite pou yo. Epi se konsa, yon 17 oktòb, Desalin te pari pou Sid peyi a, lè yo tann li yon pièj nan lavil Pon Wouj, nan nò Pòtoprens. Epi yo te tiye Anperè a. Pami konplotè yo nou jwen [[Aleksann Petyon]] ki te rekonèt responsabilite li nan yon lèt ke li te ekri bay Anperatris Marie-Klè, madanm Desalin, nan demen asasina a, nan dat 18 oktòb 1804.<ref> Ardouin, Beaubrun "Etudes sur l'histoire d'Haïti : suivies de la vie du Général J.-M. Borgella", Volume 6. pp.358-359.</ref> Men gen plizè moun ki sispèk ke [[Anri Kristòf]] ki te dezyèm nan kòmandman apre Desalin, ke okouran de konplo a, san li pat avèti Anperè a. Antouka, madanm Desalin, ak tout lòt pitit Anperè a, de pito mete yo sou pwoteksyon Wa Kristòf olye yo te ale pou pati Repiblik ke [[Aleksann Petyon]] epi ak [[Jan Pyè Bwaye]] te mete kanpe nan pati Sid peyi a ki te divize an 2 apre lanmò Desalin, jouk anrive nan lane 1820, apre lanmò Wa Kristòf.
 
Desalin te granpè [[Cincinnatus Leconte]], ki te Prezidan Ayiti nan lane 1911 pou rive lane 1912