Lengwistik kreyòl ayisyen: Diferans ant vèsyon yo

Contenu supprimé Contenu ajouté
Lirikreyòl (diskisyon | kontribisyon)
→‎Kreyòl la, Dekode : Q, H, U, C ak X pa fè pati alfabè lang kreyòl la. Donk yo pa ka nan dokiman sa kòm lèt ke Ayisyen pa itilize. Si yo pa nan alfabè a, se nòmal pou yo pa itilize.
Liy 126 :
 
===Baz ki byen etabli yo===
Alfabèt [[kreyòl]] la konsiste pa venn-sis (26) lèt : sis (6) [[vwayèl]], ak ven (20) [[konsonn]]. Tout vwayèl yo itilize pa tout Ayisyen ki ekri an kreyòl, men se pa tout moun ki itilize tout konsonn yo. Gen konsonn ki itilize senpleman nan yon sèl fason, genyen ki prèske pa itilize ditou.
 
====q====
Leksikografè kreyòl pa itilize disetyèm lèt nan alfabèt la ditou. Tcheke nenpòt diksyonnè, ou p ap twouve oken mo liste ki kòmanse ak q, oubyen yon mo ki gen yon q ladan. Son lèt sa efektivman ranplase pa k nan tout sityasyon an kreyòl. Si yon non pròp ki soti nan yon langaj womans gen yon q ladan, kèk ekriven ka ekri l nan parantèz aprè kreyòl ekivalan.
 
====h====
Yon mo kreyòl ki soti nan fransè ki kòmanse ak yon ''h'' myèt, an kreyòl, kòmanse ak vwayèl ki suiv ''h'' la, osinon yon lòt konsonn. Pa gen ''h'' myèt an kreyòl. Pou rezon sa, ''h'' jeneralman pa yon antre nan yon diksyonnè.
 
====u====
Similè ak ''h'', an kreyòl, ''u'' pa kòmanse oken mo, eksepte pètèt si mo a se yon transkripsyon kèk mo etranje. Kòm ''c'' toujou suiv pa yon ''h'' pou fòme yon konsonn konpoze (''ch''), konsa lè ''o'' swiv pa ''u'' li fòme son yon distenk vwayèl (''ou'').
 
====c====
Yo pa souvan itilize ''c'' endepandan an kreyòl. Si yon non pwòp ki soti nan yon lòt langaj womans kòmanse ak ''c'', kèk ekriven ekri ekivalan mo a an kreyòl, epi mete non an kòm li ekri nan lòt lang nan an parantèz. Lèt ''c'' toujou swiv pa yon h an kreyòl. Men kèk mo pa egzanp : chape, chanjman, chemen, chapo, chimè, chalimo, chich, chamo, cho, chat. Yon eksepsyon konsiderab se senbòl Cl. Nan [[chimi]], reprezantasyon pou eleman klore, epi tou, nimewo Women 150.
 
====x====
Konsòn x la pa itilize ditou pa kèk ekriven. Son lèt sa a souvan reprezante pa de (2) lòt konbinasyon ''ks'' ak ''gz''. Majorite a itilize [[Meksik]] olye de Mexik, leksik olye de lexik, egzanp pito exanp. Gade wè ke ''ks'' ak ''gz'' klèman divize mo sa yo an distenk silab. Menm ekriven sa yo t ap chwazi ekspresyon sou expresyon. Pa gen okenn mo ki kòmanse pa x an kreyòl.
 
====w pou ou====
An kreyòl, li jeneralman preferab ke youn pa gonfle ni vwayèl ni konsòn ansanm nan kreyasyon yon mo. ''Mwen'' meyè ke ''m[ou]en'', oubien ''mouin''. ''Lwen'' olye ke ''louen'', ''swiv'' pito ''souiv''.