LanNan anpil peyi sou latè, men sitou lannan kèk peyi ki lanan [[Afrik]] delwès, lannan kèk zile ki lannan [[Oseyan endyen|Oseyan Endyen]], lanan prèske tout zile ki lannan [[Karayib]] la, avèk lannan kèk peyi ki lannan zòn [[Pasifik]] sid, plizyè milyon moun pale yon seri lang yo rele [[pidjin]] ak kreyòl. Lang sa yo se lang ki soti lannan kontak avèk lòt lang. Dapre definisyon klasik [[lengwis]] ki te etidye lang sa yo bay, pidjin se lang ki devlope lannan komès osnon lannan lòt sitiyasyon kontak, kote diferan gwoup moun ki rankontre pa pale menm lang. Akoz de sa, yo oblije kreye yon fason nèf pou yo kominike. Kreyòl yo menm se ta pidjin ki vin ogmante estrikti lengwistik yo, epi detire fason moun itlize yo. Lè sa a, yo vin tounen lang natif natal yon kominote lengwistik. Se kolonizasyon peyi [[Ewòp]] yo te kòmanse lannan [[17e syèk|17è syèk]], ki fè lang kreyòl moun pale lannan zile Karayib yo parèt. [[Kolonizasyon]] sa a te mache avèk yon komès esklav, kote Ewopeyen yo te al fè dappiyan sou plizyè milyon Afriken annan Afrik epi anbake yo sou gwo bato ak chenn lannan pye yo pou y al travay kòm esklav lannan jaden kann lannlan zile Karayib yo. [[Frans]], [[Espay]], [[Angletè]], [[Pòtigal]], [[Peyiba]], te pi gwo peyi ewopeyen ki te antre lannan komès esklav e ki tap fè kolonizasyon tou.
Lang peyi sa yo vin tounen lang klas dominan yo lannan tout zile Karayib yo ([[lang angle]] lannan peyi [[Jamayik]], lang franse annan [[Ayiti]], [[Matinik]], [[Gwadloup]]...) men laplipa moun lannan zile sa yo kontinye pale yon varyete kreyòl ki gen laplipa mo li yo baze sou lang ansyen koloni a. Gen plizyè gwoup lang kreyòl. Kwak diferan moun ki pale kreyòl sa yo kapab pafwa konprann sa lòt ap di, lang kreyòl sa yo pa konpreyansib, soti lansotinan yon zile ale lannan yon lòt. Se gras a mo yo nou rive idantifye yo. Majorite mo lang kreyòl yo soti lannan yon lang ewopeyen; pa egzanp, laplipa mo ki lannan [[lang kreyòl ayisyen]] soti lannan lang franse, laplipa mo ki lannan [[kreyòl jamayiken]] soti lannan [[lang angle]], men [[sentaks]], sistèm règ lang kreyòl yo diferan anpil de lang ewopeyen. Sou plan lengwistik, nanpwen anyen ki fè lang kreyòl yo enferyè devan lang ewopeyen yo osnon devan nenpòt lòt lang sou latè. Menm jan avèk tout lang kretyen vivan pale, lang kreyòl yo reflete pwopriyete gramatikal inivèsèl avèk devlòpman mantal tout lang kretyen vivan pale, keseswa lang angle, lang franse, [[lang chinwa]], [[lang arab]], [[lang swahili]], [[lang hindi]], [[lang quechua]], etceks. Sou plan ideyolojik, lang kreyòl yo angaje lannan yon gwo batay kont yon seri fòs lannan sosyete kote moun pale yo ap fè tout sa yo kapab pou lang kreyòl yo pa leve kanpe. Malgre lang kreyòl yo se lang tout moun pale lannan laplipa zile sa yo, genyen gwoup moun ki refize sèvi ak yo pou devlope alfabetizasyon osnon edikasyon. Dimansyon ideyolojik la pèdi anpil lannan aspè negatif li te genyen pandan dènye 30 lane ki sot pase yo, men li kontinye ap kreye anpil pwoblèm toujou.
== kreyòl yo ak orijin franse ==
* [[langLang kreyòl ayisyen]] : [[Ayiti]] epi [[dyaspora]] ayisyen toupatou sou [[latè]]
* L[[lang kreyòl matinitché|ang kreyòl matinitché]] : [[Matinik]] ak [[Gwadloup]] ([[Departman]] [[Frans|Lafrans]] nan [[Karayib]])
* Ladominik (Karayib)
* Sentlisi (Karayib)
|