Lengwistik kreyòl ayisyen: Diferans ant vèsyon yo

Contenu supprimé Contenu ajouté
Aucun résumé des modifications
Baliz yo : Modifikasyon mobil Modifikasyon nan sitwèb mobil
Baliz yo : Modifikasyon mobil Modifikasyon nan sitwèb mobil
Liy 2 :
Nou ka defini [[lengwistik]] kòm etid de nati e estrikti langaj imen (sa vle di fason moun pale). Yon [[Lengwistik|lengwis]] se yon moun ki etidye fenomèn sa yo.
 
== Kreyòl Peyi d Ayiti a ==
Langaj [[kreyòl]] - ki baze premyèman sou fransè ak plizyè lang afriken, enfliyans pa lang endyen yo, enpe panyòl ak anglè - kapab konklizivman defini tankou ayisyen, nan sans de lang ki pale pa pèp ayisyen an [http://www.tanbou.com/1994/Rechechlengwistik.htm]. Wi, varyete kreyòl sa atribiye avèk kèk lòt gwoup ak nasyon avèk istwa similè ak pèp Ayisyen an, men a fòs de popilasyon estime plis ke 8 milyon jounen jodi a, majorite kreyolopal se Ayisyen oubyen desandan d Ayisyen.
 
Si nou defini mo Ayisyen an tankou [[konstitisyon]] peyi d Ayiti a fè l nan TIT II, Atik 11, kòm :
 
Nenpòt moun ke manman li oubyen papa li se natif natal Ayisyen, si manman nli oubyen papa li pa te jamèjanmen denonserenonse nasyonalite yo, moun sa se Ayisyen depi lè li te fèt la.
 
Definisyon sa nesesite ke gen Ayisyen ki pa pale kreyòl. Yon moun ka fèt nan nenpòt peyi epi satisfè demann konstitisyonnèl sa.
 
Toutfwa, si nou limite definisyon sa a moun ki fèt annan Ayiti (moun ke lonbrik yo plante nan peyi a), ki gen omwen yon paran Ayisyen, proklamasyon an kòrèk, ki di, « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl », TIT 1, Chapit I, Atik 5(a) konstitisyon Ayisyen an. Èske w jamèjanmen rankontre yon Ayisyen ki satisfè modifikasyon sa a ki pa t pale kreyòl ?
 
Malgre gran kantite moun ki pale kreyòl, resous ki disponib an kreyòl reyèlman limite. Yon rezon, majorite ekriven Ayisyen, istorikman pale, chwazi pou ekri nan lòt lang (e.g. fransè, anglè). Yon lòt rezon, edikasyon an kreyòl sèlman fèk a nivo primè ann Ayiti. Yon rezon plis, enstitisyon Ayisyen yo an gran pati, chwazi pou yo fè biznis yo an fransè.