Différences entre versions de « Lengwistik kreyòl ayisyen »

aucun résumé de modification
Tags: Atik sa a te modifye ak yon aparèy mobil. Chanje sit entènèt la lè l sèvi avèk yon aparèy mobil
Tags: Atik sa a te modifye ak yon aparèy mobil. Chanje sit entènèt la lè l sèvi avèk yon aparèy mobil
 
==Istwa==
Sou plan istorik, li difisil pou nou bay presizyon sou ki lè kreyòl ayisyen parèt. Nan lane [[1697]], Franse yo ki t ap viv annan Ayiti depi 1629, vin okipe ofisyèlman pati lès [[Sen Domeng]]. [[Ispayola]] se non tout zile a. Anvan 1697, se Panyòl ki te mèt tout zile a. Se apre Franse vin pran Sen Domeng vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl ki baze sou franse parèt: Franse yo kòmanse komès esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Se konsa lang kreyòl vin parèt. Dapre kèk istoryen, vè 1728, te genyen anviwon 50 000 esklav ak yon ti kras mwens kolon nan Sen Domeng, men ant 1740 e 1791 yo estime te genyen prèske yon demi-milyon Afriken ki t ap travay kòm esklav nan jaden Sen Domeng yo. Yo te rele esklav ki te fèt annan Afrik yo « bosal », men sa ki te fèt Sen Domeng yo, yo te rele yo “kreyòl”. Kreyòl ayisyen grandi nan kontèks jaden Sen Domeng yo, kote esklav afriken, ki te pale lang Niger-Congo yo, te antre an kontak avèk kolon franse ki te pale yon varyete franse ki diferan anpil de franse moun pale kounye a, epi esklav afriken sa yo eseye kominike avèk kolon franse sa yo. Tankou nenpòt ki lòt lang kretyen vivan pale sou latè, kreyòl ayisyen se yon sistèm lengwistik total ki gen pwòp règ pa li e ki pa depann de okenn lòt lang pou li fonksyone. Genyen 7 milyon edmi moun ki pale li ann Ayiti, e plis pase yon milyon lòt ki pale li nan dyaspora a. Kreyòl ayisyen pa franse mawon. Se yon lang diferan de lang franse, kwake gen anpil mo lannan [[vokabilè]] li ki soti nan franse tankou mo franse soti souvan nan lang laten.
 
==Premye tèks==