Différences entre versions de « Lengwistik kreyòl ayisyen »

aucun résumé de modification
m (A protégé « Lengwistik kreyòl ayisyen » ([Modifier=Bloke itilizatè nouvo yo ak sa ki pa anrejistre nan sistèm an] (infini) [Renommer=Bloke itilizatè nouvo yo ak sa ki pa anrejistre nan sistèm an] (infini)))
 
Nap bay nan seksyon sa kèk devlopman pou bay detay sou sa nou wè pli wo.
 
'''Lang kreyòl ayisyen''' se youn nan [[lang kreyòl]] ki gen plis moun ki pale li sou latè. Se lang natifnatal tout Ayisyen ki fèt e ki leve an [[Ayiti]] kote yo rele li Kreyòl. Nan dyaspora a, gen plis pase yon milyon Ayisyen ki pale kreyòl. Gen moun sa yo k ap viv nan [[Amerik dinò|Lamerik dinò]] ([[Etazini|Ozetazini]] ak [[Kanada|Okanada]]), nan [[Amerik disid|Lamerik disid]] ([[Venezwela]] ak [[Giyàn franse]]), nan Karayib la ([[Kiba]], [[Repiblik dominikàndominikèn]], [[Matinik]], [[Gwadloup]], [[Bahamas]]), ann [[Ewòp]] ([[Frans]]), ak nan kèk peyi Lafrik. Nan kominote ayisyen ki gen plis moun yo, tankou [[Nouyòk]], [[Miyami]], [[Monreyal]], osinon [[Repiblik dominikàndominikèn]], kreyòl ayisyen devlope anpil nan kontak li fè non sèlman ak lang peyi sa yo men tou ak varyete yo pale anann Ayiti. Pami tout kreyòl , se sou kreyòl ayisyen yo fè plis rechèch nan linivèsite. Kwak se sèlman yon ti ponyen Ayisyen ki te pale lang franse, lang sa a te lang ofisyèl peyi Ayiti pandan lontan jouktan, kreyòl vin tounen [[lang ofisyèl]] Ayiti depi lane [[1987]]. Kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl depi [[1980]] e gen anpil ekriven ayisyen ki ekri liv enteresan sou diferan aspè esperyans ayisyen.
 
== Istwa ==
Sou plan istorik, li difisil pou nou bay presizyon sou ki lè kreyòl ayisyen parèt. Nan lane [[1697]], Franse yo ki t ap viv anann Ayiti depi 1629, vin okipe ofisyèlman pati lès [[Sen Domeng]]. [[Ispayola]] se non tout zile a. Anvan 1697, se Panyòl ki te mèt tout zile a. Se apre Franse vin pran Sen Domeng vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl ki baze sou franse parèt: Franse yo kòmanse komès esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Se konsa lang kreyòl vin parèt. Dapre kèk istoryen, vè 1728, te genyen anviwon 50 000 esklav ak yon ti kras mwens kolon nan Sen Domeng, men ant 1740 e 1791 yo estime te genyen prèske yon demi-milyon Afriken ki t ap travay kòm esklav nan jaden Sen Domeng yo. Yo te rele esklav ki te fèt an Afrik yo « bosal », men sa ki te fèt Sen Domeng yo, yo te rele yo “kreyòl”. Kreyòl ayisyen grandi nan kontèks jaden Sen Domeng yo, kote esklav afriken, ki te pale lang Niger-Congo yo, te antre an kontak avèk kolon franse ki te pale yon varyete franse ki diferan anpil de franse moun pale kounye a, epi esklav afriken sa yo eseye kominike avèk kolon franse sa yo. Tankou nenpòt ki lòt lang kretyen vivan pale sou latè, kreyòl ayisyen se yon sistèm lengwistik total ki gen pwòp règ pa li e ki pa depann de okenn lòt lang pou li fonksyone. Genyen 7 milyon edmi moun ki pale li ann Ayiti, e plis pase yon milyon lòt ki pale li nan dyaspora a. Kreyòl ayisyen pa franse mawon. Se yon lang diferan de lang franse, kwake gen anpil mo nan [[vokabilè]] li ki soti nan franse tankou mo franse soti souvan nan lang laten.
 
== Premye tèks ==
Premye tèks nou konnen ki ekri an kreyòl ayisyen genyen anviwon 10 liy. Li te parèt nan yon liv ki rele "Voyage d’un Suisse dans différentes colonies d’Amérique" ki te pibliye an 1786. Moun ki te ekri liv sa a rele Justin Girod de Chantrans. Li te yon vwayajè suis ki te viv Sen Domeng ant mwa me 1782 e jiyè 1783. Men tèks sa a jan li te parèt nan liv de Chantrans lan. Se te yon lèt yon jenn ti fanm esklav te ekri mennaj li pou li mande li padon paske mennaj la te konprann ti fanm lan ap ba li zoklo:
 
Malgre enpòtans istorik li, nou dwe li tèks sa a avèk anpil rezèv epi nou pa ta dwe konsidere li tankou yon bon echantiyon lang kreyòl moun te konn pale nan Sen Domeng nan epòk sa a. Girod de Chantrans se yon etranje ki te viv Sen Domeng pandan yon sèl lane epi li pa te konn pale kreyòl fen e byen.
 
== Òtograf ==
Jiskaprezan, se sitou nan domèn òtograf gen jefò ki fèt pou estandadize kreyòl ayisyen. N ap raple se nan lane 1980, vin genyen yon [[òtograf]] ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Nan kesyon diksyonnè, gen kèk bon diksyonnèdiksyonè bileng angle-kreyòl ak franse-kreyòl, men poko genyen yon diksyonè kreyòl-kreyòl, menmsi sou yon plan pedagojik, li enpòtan pou ta genyen youn. Pou moun ki pale angle, genyen anpil bon liv deyò pou aprann kreyòl ayisyen, men genyen omwen 4 linivèsite ameriken ki anseye klas kreyòl. Laplipa lengwis ki etidye kreyòl ayisyen admèt li gen 3 manman dyalèk - dyalèk nan Nò : se varyete moun pale nan OkapKap Ayisyen ki reprezante dyalèk sa a; dyalèk nan Sant lan : se varyete moun pale nan Pòtoprens ak nan zòn Pòtoprens ki reprezante dyalèk sa a; epi dyalèk nan Sid : se varyete moun pale nan zòn vil Okay ki reprezante dyalèk sa a. Varyete moun pale nan Nò a sanble se li menm ki mwens sanble ak kreyòl majorite Ayisyen pale, akòz de kèk diferans li genyen sou plan leksikal ak sou plan sentaksik. Varyete moun pale nan Sant lan sanble se li menm ki gen plis prestij pou rezon politik, ekonomik e kiltirèl, men paske gen anpil moun ki kite pwovens pou vin viv [[Pòtoprens]], fwontyè ki separe [[dyalèk]] yo vin pi flou e anpil Ayisyen pale alèz 2 dyalèk.
 
== Edikasyon ==
Sou plan inivèsitè, etid kreyòl yo devlope anpil. Gen seksyon etid kreyòl nan plizyè depatman lengwistik linivèsite [[ewopeyen]] ak linivèsite nan [[Lamerik dinò]]. Nan linivèsite sa yo, kreyòl ayisyen se youn nan kreyòl atlantik yo lengwis yo plis etidye. Pati nan kreyòl ayisyen lengwis sa yo etidye pi plis se sentaks e teyori lengwistik yo plis itilize pou yo fè rechèch sa yo se teyori lengwistik ki rele gramè jenerativ. Chak ane, depi fen ane 1970 yo, genyen omwen yon tèz doktora sou yon aspè enpòtan nan yon lang kreyòl (ayisyen osnon yon lòt kreyòl) yon etidyan prezante nan yon linivèsite Ewòp osinon Lamerik dinò. Fòk nou pa bliye mansyonnen 2 michan revi sou kreyolistik: nan domèn kreyòl ki baze sou franse yo, genyen revi ki rele: ''Études Créoles''. Se an Frans yo pibliye revi sa a e li parèt 2 fwa chak ane; nan domèn kreyòl ki baze sou angle yo, genyen revi ki rele: ''Journal of Pidgin and Creole Languages''. Se nan peyi [[Olann]] yo pibliye revi sa a e li parèt tou 2 fwa chak ane.
 
</center>
 
=== Vwayèl yo ===
<center>
{| border="1" width="85%" cellspacing="5" style="text-align: center; border: solid 1px red; background-color: #EEFEDC; padding: 1em;"
</center>
 
=== Dyakritik yo ===
==== Ofisyèl ====
<center>
{| border="1" width="85%" cellspacing="5" style="text-align: center; border: solid 1px red; background-color: #EEFEDC; padding: 1em;"
Sèl aksan ki egziste an kreyòl se aksan fòs ki ta vle sanble ak aksan grav. Kòm klavye òdinatè yo poko programe pou fè aksan fòs la, nou itilize aksan grav nan plas li. Trè aksan fòs la pi long pase aksan grav la. Epi li pa twò kouche, li prèske kanpe dwat sou vwayèl li ye a, me li panche tou piti a goch.
 
==== Sa ki pa egziste nan kreyòl ayisyen an ====
*é(aksan tegi); ä(trema), ê, ô(aksan sikonflèks)
44 785

modifications