Différences entre les versions de « Lang kreyòl »

aucun résumé de modification
Tags: Atik sa a te modifye ak yon aparèy mobil. Chanje sit entènèt la lè l sèvi avèk yon aparèy mobil Modification sur mobile avancée
Yon '''lang kreyòl'''<ref>{{Cite web|url=https://semantics.uchicago.edu/kennedy/classes/sum07/myths/creoles.pdf|title=The study of pidgin and creole languages|website=University of chicago}}</ref> oswa '''kreyòl[[ayisyen]]''' se yon '''[[lang natirèl]]''' ki vinivin fèt lè ou melanje plizyè lang pou yo vinivin fè yonn, nan yon ti kras tan, ak yon gramè fasil<ref>{{Cite web|url=https://www.acsu.buffalo.edu/~jcgood/jcgood-JPCL.pdf|title=Typologizing grammatical complexities|website=University of Buffalo}}</ref>. Anpil fwa, se yon lang pidjin ki vin tounen yon lang apa. Konsèp lang kreyòl ta vle sanble ak konsèpt '''[[lang melanje]]''' oswa '''lang mix''' yo, epoutan, yo pa menm. Men poukisa yo pa menm<ref>McWhorter, J. H. (2005). Defining creole. Oxford University Press.</ref>:
# [[Gramè]] lang kreyòl yo stab, gramè a byen tabli, byen chita.
# Lang kreyòl yo gen yon bann ak yon pakèt mo [[vokabilè]], yon '''[[leksik]]''' ki byen chita.
# Lang kreyòl se yon seri de lang ki pase soti nan manman ak papa desann bay pitit, apre sa pitit-pitit elatriye. Se premye lang yo aprann pale.<ref>Calvet, Louis-Jean. (2006). Toward an Ecology of World Languages. Malden, MA: Polity Press</ref>
Nou pa konnen konbyen lang kreyòl egzak ki egziste nan mond lan. Men depi lanne 1500 yo, genyen plis pase 100 lang kreyòl vin fèt. Pifò se lang ki fèt ak lang ki soti sou kontinan '''[[Ewòp]]''' yo, tankou lang Angle ak lang franse<ref>"Creole – Language Information & Resources". www.alsintl.com. Archived from the original on June 20, 2017. Retrieved October 9, 2017.</ref>. Se paske nan periòd sa, lèzòm te vini ka fè pi bon bato. Lèzòm te vini aprann navige bato plis byen. Sa vini fè ke peyi nan kontinan Ewòp yo te nan sa yo rele '''[[Laj pou Eksplorasyon''' oswa '''Laj pou Dekouvri|Laj Eksplorasyon oswa Laj pou Dekouvri]]''' an, ak '''[[Esklavaj Atlantik]]'''<ref>Linguistics, ed. Anne E. Baker, Kees Hengeveld</ref> lan, kote yo te ka ale lòt bò dlo pou vann oswa achte machandiz. Pou yo te ka fè komès ak moun ki pa pale menm lang ak yo, yo te vini fè yon lang ki plis fasil, plis senp pou yo kominike. Lang sa yo, yo rele yo '''[[pidjin]]''', yo sanble ak konsèp lang melanje yo. Men lè yo vini tabli, lè yo byen chita, lè yo stab, yo vin bay kategori lang kreyòl yo. Se pa sèl lang peyi sou kontinan '''[[Ewòp]]''' la ki fè lang kreyòl. Pou nou pran egzanp, genyen kreyòl ki fèt ak lang Arab ak lang Chinwa. Jounen jodi a, se '''[[kreyòl Ayiti]]''' an ki gen plis moun ki pale. Se plis pase 10 milyon moun ki pale li, epi se premye lang yo aprann pale<ref>"Haitian Creole at UVA and Duke". iwl.virginia.edu. Retrieved December 15, 2020</ref>.
 
==Konprann kreyòl nan yon kout je==
Save yo kwè ke yon lang kreyòl fèt lè yon lan [[pidjin]] ke granmoun yo pale, pou dèzyèm lang yo, vini tounen yon lang natif natal kote pitit yo, pitit-pitit yo vini pale pou premyè lang - yon fénomèn ke yo rele [[nativizasyon]]<ref>Lowenberg, Peter H. (1986). "Non-Native Varieties of English: Nativization, Norms, and Implications". Studies in Second Language Acquisition. 8 (1): 1–18. doi:10.1017/S0272263100005805. ISSN [tel:0272-2631 0272-2631]. JSTOR 44486848.</ref>.
495

modifications