Grip pòsin se yon enfeksyon respiratwa ke viris grip la pwovoke epi li pwopaje nan kochon regilyèman. Yo rapòte nan peyi Meksik gen moun ki tonbe malad grav e ki mouri poutèt yo trape grip pòsin nan; sepandan ka kikonfime resaman nan peyi Etazini se dè ka ki pa twò grav.[1]

Grip pòsin

Sentom modifye

Sentòm grip pòsin yo sanble yo manifeste menm jan ak sentòm abityèl moun konn genyen lè yap pran grip e sentòm sa yo se lafyèv, tous, malgòj, kò fè mal, letèji (moun nan santi kò l kraze ak dòmi nan je l), maltèt, frison ak fatig. Gen moun ki fè konnen grip pòsin lan ba yo dyare ak vomisman.

Transmèt modifye

Viris grip pòsin lan kapab transmèt dirèkteman ant kochon ak moun. Transmisyon de moun a moun posib tou, e sanble se sa kap fèt la avèk epidemi sila a. Li pwopaje sitou lè moun touse epi lè yo etènye. Moun ka trape enfeksyon an lè yo manyen yon bagay ki gen viris grip la sou li epi apresa yo manyen bouch yo oswa nen yo.

Nenpòt ki moun ki gen kontak ak yon moun ki enfekte gen risk pou l pran grip pòsin. Li transmèt de yon moun a yon lòt moun menm jan viris grip la konn transmèt nan sezon grip: atravè ti patikil toupiti ki pwopaje nan lè nou respire a lè moun ki enfekte a touse oswa lè li etènye.

Prevansyon modifye

Men pibon bagay pou fè pou evite pran oswa pwopaje grip pòsin:

  • Ankouraje tout moun kouvri bouch yo ak nen yo lè yo touse oswa lè yo etènye.
  • Lave men w souvan ak savon e ak dlo, sitou lè w fin touse oswa lè w fin etènye. Ou ka itilize

pwodui abaz alkòl ki fèt pou lave men; pwodui sa yo efikas tou.

  • Eseye pa rete pre moun ki malad.
  • Si w tonbe malad, evite pran kontak ak lòt moun pou w pa enfekte yo.

Pwoteksyon sa yo se menm pwoteksyon moun pran lè se sezon grip e lè moun gen plizyè lòt enfeksyon respiratwa.

Kijan m ka pwoteje tèt mwen pou m pa pran grip pòsin? modifye

Men pibon bagay pou fè pou evite pran oswa pwopaje grip pòsin:

  • Ankouraje tout moun kouvri bouch yo ak nen yo lè yo touse oswa lè yo etènye.
  • Lave men w souvan ak savon e ak dlo, sitou lè w fin touse oswa lè w fin etènye. Ou ka itilize

pwodui abaz alkòl ki fèt pou lave men; pwodui sa yo efikas tou.

  • Eseye pa rete pre moun ki malad.
  • Si w tonbe malad, evite pran kontak ak lòt moun pou w pa enfekte yo.

Pwoteksyon sa yo se menm pwoteksyon moun pran lè se sezon grip e lè moun gen plizyè lòt enfeksyon respiratwa.

Kisa pou m fè si m santi sentòm ki tankou sentòm grip? modifye

Nenpòt kimoun ki gen lafyèv, kap touse oswa ki gen malgòj fèt pou l rete lakay li san l pa ale travay ni lekòl pandan omwen 7 jou, epi l pa dwe tounen travay ni tounen lekòl pazavan youn oswa de(2) jou apre sentòm yo fin ale nèt. Lave men w regilyèman. E kòm toujou, kouvri bouch ak nen w lè wap touse oswa lè wap etènye. Ou pa bezwen ale lopital si maladi a pa pa fò sou ou, sepandan nenpòt ki moun ki gen sentòm grav tankou si moun nan difisil pou l respire, moun sa a fèt pou l ale pran swen ak tretman medikal touswit.

Èske mwen dwe ale fè tès pou grip pòsin? modifye

Menm si w ta konnen ou gen grip pòsin, sa pap afekte tretman wap resevwa a, sepandan si yo fè tès pou yon seri de moun ki afekte, sa kapab pèmèt otorite yo swiv pwopagasyon maladi a. Pou yo dyagnostike grip pòsin, gen de(2) seri tès yo dwe fè nan laboratwa. Depatman Lasante ak Ijyèn Mantal rekòmande moun fè tès sèlman lè yo resanti sentòm ki grav oswa lè gen yon gwoup moun ki tonbe malad ansanm. Se sèlman yon prelèvman nazal (nan nen) yo bezwen pou yo ka fè tès laboratwa a.

Èske gen yon vaksen kont grip pòsin? modifye

Pou lemoman, nanpwen vaksen kont grip pòsin. Vaksen moun pran nan sezon grip la pa pwoteje moun kont grip pòsin. Se poutèt sa li trè zenpòtan pou moun pran anpil prekosyon, tankou kouvri bouch yo lè yap touse ak lave men yo.

Si m santi sentòm grip yo, èske m bezwen pran medikaman? modifye

Medikaman antiviral tankou Tamiflu (oseltavimir) ak Relenza (zanamivir) ka soulaje sentòm grip pòsin yo, e medikaman sa yo patikilyèman enpòtan pou moun ki malad grav yo oswa moun ki gen risk pou yo devlope konplikasyon akòz grip la. Pami moun ki nòmalman gen plis chans pou yo devlope konplikasyon se timoun piti, granmoun aje, ak moun ki soufri maladi kwonik. Pasyan ki gen grip yo e ki fè pati de kategori ki gen risk sa yo fèt pou yo ale pran tretman medikal. Li bon tou pou moun ki nan menm kay ak mounki gen nan kategori sa yo, pou yo ale pran tretman defason pou yo pa kite enfeksyon an antre sou yo.

Ki sentòm ki prezante lè moun malad grav ak grip pòsin? modifye

Byenke ka grip pòsin yo anrejistre jiskaprezan yo pa pi grav, moun ki enfekte yo ta dwe okouran de kèlke maladi grav grip pòsin lan ka bay. Si w ta vin malad epi w santi youn nan siy avètisman sila yo, ale pran tretman medikal dijans. Men kèk siy avètisman timoun prezante ki montre yo bezwen al pran tretman medikal dijans:

  • Souf rapid oswa pwoblèm respirasyon
  • Po timoun nan vin on tijan ble
  • Si timoun nan pa bwè ase likid
  • Si timoun nan pa vle reveye oswa li pa kominike ak lòt moun
  • Timoun nan tèlman ap fè chimerik ke li pa vle yo pote l
  • Sentòm ki tankou grip la kòmanse ale epi yo retounen ak lafyèv ansanm ak yon tous ki pi mal
  • Lafyèv ak gratèl

Men kèk sentòm granmoun prezante ki montre yo bezwen swen medikal dijans:

  • Difikilte pou yo pran souf yo oswa etoufman (souf kout)
  • Doulè oswa presyon sou lestomak oswa sou abdomèn
  • Vètij sibit
  • Moun nan ap depale (konfizyon)
  • Vomisman grav oswa kap pèsiste

Kisa pou m fè si m abite nan menm kay ak yon moun ki gen sentòm ki tankou grip? modifye

Si sentòm yo grav, moun nan fèt pou l ale kay doktè. Si moun ki afekte a te gen kontak ki pre avèk yon moun ke yo panse oswa ke yo konfime ki gen grip pòsin, doktè a oswa moun kap ba l swen medikal la ka pwopoze pou moun nan fè tès pou grip pòsin.

Kisa pou m fè si m abite nan menm kay ak yon moun yo konfime ki gen grip pòsin? modifye

Swiv menm prekosyon ou konn swiv pou evite grip moun abitye pran nan sezon grip:

  • Pa pran anpil kontak avèk moun ki malad la. Evite pran kontak sere ak moun nan, tankou

piga bo l, piga itilize menm sèvyèt, menm linèt oswa piga itilize menm bwòsadan avèk moun ki malad la.

  • Pa kite moun vini an vizit. Si gen vizitè ki dwe rantre nan kay la, yo pa fèt pou yo pran okenn

kontak sere avèk moun ki malad la.

  • Lave men w souvan ak savon ak dlo oswa avèk yon solisyon pou men ki abaz alkòl.
  • Ou ka konsidere pou w mete yon mask pou figi oswa yon mask respirasyon N95. Ou ka

achte yo nan nenpòt ki famasi oswa nenpòt ki kenkayri. Si wap itilize yon mask an twal ke w ka itilize ankò, ou fèt pou w lave l ak savon lesiv nòmal epi seche l nan machin ki seche avèk lè cho.

  • Lave asyèt sal ak ajantri swa nan machin ki lave asyèt oswa lave yo alamen avèk dlo tyèd e

ak savon. Ou pa bezwen separe vesèl pasyan ki gen grip la itilize.

  • Ou mèt fè lesiv ou san pwoblèm nan machin-a-lave nòmal avèk dlo tyèd oswa dlo frèt ak

savon. Pagen nesesite pou w separe lesiv moun ki malad la.

Èske si m netwaye kay mwen sa kapab anpeche transmisyon maladi a? modifye

Wi. Pou w ka anpeche transmisyon maladi a, tout sifas ki gen nan kay la, tankou manch pòt, pòt frijidè, telefòn ak sifas ki gen nan twalèt yo fèt pou yo lave avèk savon oswa savon lesiv; rense yo ak dlo, dezenfekte yo epi rense yo ankò. Dezenfektan yo se pwodui ki « anrejistre antanke dezenfektan » sou etikèt la. Si w pagen dezenfektan, fè yon solisyon abaz klowòks; annik ajoute 1 gwo kiyè klowòks nan yon ka (4 tas) dlo. Itilize yon mòso twal pou w pase solisyon sa a sou tout sifas yo epi apre rense sifas yo ak dlo. Jete solisyon abaz klowòks ke w itilize a epi fè yon lòt melanj solisyon ak dlo pwòp lè wap rekòmanse ak netwayaj la. Itilize sèvyèt ki gen solisyon dezenfektan pou w siye aparèy elektwonik ke moun manyen souvan (telefòn, òdinatè, rimot kontwòl).

Referans modifye

  1. « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2009-07-04. Retrieved 2009-11-13.