Gwòt Marijàn

Se yon gwòt ki lokalize li nan komin Pòtapiman ki twouve l nan depatman Sid peyi Ayiti. Se pi gwo gwòt ki egziste nan peyi a jiskaprezan ak nan Karayib la[1] tou. Gwòt sa a se yon veritab kach-kach ki gen plis pase 4 kilomèt galri ki bay sou twa (3) etaj. Yo ba li pote non sa nan memwa Marie-Jeanne Lamartinière[2]. Gwòt sa ekziste depi sou epòk endyen yo, nou kapab remake sou fasad wòch kalkè yo tras akewolojik ak kèk siy ki montre nou ekzistans Tayino yo ki se te premye moun ki tap viv nan zòn sa a.

Touris yo lè yo ap vizite gwòt la genyen yon gid ki pou akonpaye yo paske anndan gwòt la gen anpil bèl peyizaj.

Sitiyasyon gewografik ak jeyolojikModifier

Gwòt Marijàn twouve nan pati lès komin Pòtapiman. Pou antre nan gwòt la ki jwenn li sou yon ti tèt mòn ki rele Lavout ki sitiye nan anviwon 120 mèt wotè pa rapò nivo lanmè a. Yon vizitè ka fè 15 minit pou pi pitit ap mache depi sant vil Pòtapiman an pou rive kote li ye a.

Se yon bèl sit natirèl ki gen yon gran labirent ki prèske mezire 15 kilomèt ki la depi 60 milyon ane konsa daprè chèchè yo. Dayè, gen anpil tras ak siy akeyolojik sou wòch kalkè ak silis, menm jan ak senbòl ki la depi sou epòk anvan Kristòf Kolon te debake.

Gen chimis ki di Gwòt Marijàn rich ak oksid fè ak kabonat kalsyòm.

DeskripsyonModifier

Gwòt Marijàn gen 56 chanm ou kav, se galri souteren 4 kilomèt ki louvri sou 5 nivo. Pami 5 nivo sa yo, se sèlman 3 yo rive etidye.

56 kav sa yo gen non yo jwenn nan labib, nan mit, nan istwa oubyen nan pwezi.

Premye a rele vout etwale. Yo sèvi ak li tankou sal datant pou vizitè yo avan yo komanse vizit yo. Apre gen yon sal yo rele Cul-de-Sac ki sanble yon plèn ki gen mòn akote l. Agoch, gen yon lòt sal ki rele Olympe . Answit gen yon sal yo rele Hadès ki se yon dye k ap dirije lanfè nan mitoloji grèk yo. Sal sa se li menm ki pi difisil pou yo vizite. Gen lòt sa tamkou Totem ki gen anpil desen ak senbòl ladan l natirèl ladan l. Nan premye seksyon nan gwòt la, nou jwenn lòt sal tankou: Fwatènite, Coin perlé, Gòlgota, Mont des Oliviers, Morne calvaire, Liberté, Vertières, lantèn, Salle des pas perdus, Piscine de Silöe, Temple du Caïman, Lavizit, Bwakayiman.

Nan dezyèm seksyon an, gen sal yo bay non Pèleren gen plizyè lvt pyès ki ofri yon bon frechè.

Anndan gwòt la, gen yon eskilti nan wòch yo molisk, yon elefan, yon pelikan, yon chyen, vyèj, zozo, yon wòb ak yon kayiman.

ReferansModifier

  1. Rosny, Ladouceur (22 oktòb 2017). « La plus longue grotte de la Caraïbe se trouve en Haïti ». Loop Haiti. Retrieved 22 desanm 2019. 
  2. Castonguay, Pascale (6 novanm 2015). « Haïti, un secret bien gardé ». Journal de Montréal. Retrieved 22 desanm 2019. 

Lyen deyòModifier