Agrikilti an Ayiti nan kontèks konstriksyon kanal irigasyon sou rivyè Masak la

Nan dezyèm mwatye ane 2023 a, afè rivyè masak rive mete anpil Ayisyen sou yon menm tab solidarite. Genyen anpil kòmantè ki fèt sou kesyon sa. Youn nan komantè ki fè plis eko, sè ke kanal la pral pèmèt nou bese enpòtasyon oubyen nap otosifizan nan zafé manje, elatriye.

Se nan lide sa a, li enpòtan poun fè bon analiz ak tèt repoze poun poze pwoblèm fondamental sektè agrikòl la genyen ke si nou rezoud yo, sa kapab fè nou fè yon bon pa an avan nan objektif otosifizans ke anpil moun ta renmen an paske pwoblèm agrikilti a pi konplike ke sa.

Avan nou fè sa ann gade yon ansanm eleman ki fondamantal pou fè agrikilti. Nap fè yon konsiderasyon teknik dabò sou 2 gwoup: Faktè pwodiksyon ak mwayen pwodiksyon.

1- Nou ka rezime Faktè pwodiksyon yo konsa:

A) Latè (espas pou fé jaden)

B) Kapita l(ou ka mete ladan machin ak ekipman, lajan pou envesti)

C) Men dèv (ki genyen ladan li tout tip resouzimèn ke sa pran)

D) Teknoloji ak inovasyon (ki pèmèt ogmante pwodiktivite, sa vle di fè plis manje sou yon menm èkta tè, ak fè ekonomie dechèl kwasan)

(Nan ekonomi agrikòl, lè nou konbine tout faktè sa yo ansanm nou taka mete yo sou fòm yon "fonksyon pwodiksyon")

2- Pou mwayen pwodiksyon yo:

Se tout entran (ke nou kapab rele "des biens de production ou biens de consomation intermediaires") kew bezwen tankou semans, angrè (natirèl ou chimik), dlo pou wouze tè a (dlo lapli, irigasyon (pa ponpaj, oubyen kanal sou bèj, irigasyon pa gravite etc.), pestisid (natirèl oubyen chimik) poun site sa yo sèlman.

An Ayiti sektè agrikòl la ap fè fas ak yon ansanm pwoblèm ki pa rezime sèlman ak yon kanal irigasyon (malgre kanal irigasyon kap konstwi sou rivyè masak la se yon pa enpòtan). Pwoblèm sa yo lye non sèlman ak eleman de baz ki mansyone avan yo men ak anpil lòt tankou yon politik agrikòl ki byen defini ki entegre nan yon vizion developman global.

Men an atandan ke nou antre nan kesyon estratejik yo ann fè yon diagnostik poun wè kisa ki disponib, kisa ki manke, kijan nap fè jwenn yo, ki kote ke nap jwenn yo pandan nap kenbe nan tèt nou ke nap fè agrikilti kòm yon biznis men pa sèlman pou sibzistans agrilkiltè a ak fanmil[1].

  1. « Ayiti Agrikilti nan kontèks konstriksyon kanal irigasyon sou rivyè masak la (Ayiti/Repiblik Dominikèn). » (in anglais). Retrieved 2023-11-19.