Albert Einstein

Albert Einstein se yon kokin shenn lejand intelektyel. Daye, nan eshel intelektyel mond lan, misye konsidere kom yon eleman ki arive ale tet. Misye se yon jwif alman ki fe yon revolisyon nan mond syantifik la. Revolisyon misye ya gen pou li we ak syens fizik la kote li montre ke teyori gravitasyonèl Newton lan pa vreman reponn ak tout fenonmen dinamik yo. Par ekzanp, te gen yon iregilarite nan obit planèt Mekiri ke teyori gravitasyonel Newton lan pat ka esplike. Newton te panse ke tan ak espas invaryab, setadi yo pa chanje, yo absoli. Einstein demontre ke le yon objè ap kouri pre vitès limyè, tan ak espas shanje nan yon sans ke yo sibi yon kontraksyon. Setadi tan ak espas vin pi piti pou evite ke yon objè arive depase vitès limyè.

Albert Einstein
Albert Einstein, yon jeni 20yèm syèk an 1921
Eta sivil
Dat nesans:14 mas 1879
Lye nesans:Ulm, Württemberg
Peyi nesans:Almay
dat lanmò : 18 avril 1955
Nyou jèze (Etazini)
Nasyonalite :
Zèv enpòtan:
* Papa relativite restren ak relativite jeneral
Kèk not
Li te Alman, li vini Swis epitou Ameriken pandan dezyèm gè mondyal an.
  • Pri Nobèl fizik (1921)
  • Medaye Copley (1925)
  • Medaye Max Planck (1929)


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Daprè teori relativis Einstein lan, vitès limyè ki se 300,000 mèt pa segon, se pi gwo vitès ki ka egziste nan lanati. Li enpoòtan pou klarifye ke vites limye ya se pa vitès limye ke liye sèlman, men vitès tout ond elektromagnetik yo tankou enfrawouj, iltravyole, ond radyo e latriye. Ki sa ond elektwomanyetik yo ye? teyori Maxwell la ki te marye elektrisite ak manyetis te prevwa ekzistans ond manyetik sa yo. Ond manyetik se ond ki pwodi le yon patikil chaje (ki gen chaj pozitiv ou negativ) sibi yon akselerasyon (nan ka sa akselerasyon siniyfi yon chanjman nan vitès inisyal ou nan direksyon inisyal patikil la).

Teyori Eintein lan, kote ke li demontre matematikman konstansi vites limy ya, yo rele teori sa teyori espesyal relativite'. konstansi vitès limyè sinifi ke vites limye ya, li endepandan de eta mouvman moun ki kenbe yon sous limyè--- are, akselerasyon sous limye ya pa gen okin efe reziltan sou vitès limyè ya. par egzanp, si mwen pa kouri ou menm wap mashe, eke nou chak gen yon flash nan men nou, vitès yo mezire pou reyon limyè kap soti nan lanp ou wa ap menm bagay ak sa yo mezire pou sa kap soti nan lanp mwen ya-- yon fenomen ki defye lwa mekanik Newton ki prevwa ke vites dwe aji selon lwa aljèb vektoryèl yo. setadi, vitès limyè nan ka moun lan ap kouri ya ta dwe plis ke nan ka moun kap mashe ya. le yon fizisis ki rele Michelson fè yon eksperyans syantifik, li wè ke Eisntein ge rezon eke Newton te fè ere nan konseptyalizasyon teyori mekanik li yan. sak fè teyori Newton lan travay byen se paske tolerans ere ya neglijab le yon obje gen vites ki piti relativ ak vitès limyè, eke laje obje ya pa two piti. Lè kondisyon sa yo chanje, teyori Newton lan inaplikab -- nan ka kote vitès yon objè pre vitès limyè (fizik relativis la sèlman ki ka esplike fenonmen lan byen) ou kote ke laje yon objè piti anpil (se fizik kantik lan ki ka rezoub pwoblèm lan). Se sak fe nan zafe radyoloji, teyori Newton lan pa plike, men se sa yo rele kwatom mekanik ki aplike, teyori ke ti mesye tankou Niels Bhor, Planck, Heinsenberg ak Shroddingger te devlope pou eskplike fenenon sibatomik yo.

Yon konsekans teyori espesyal relativite seke matyè ak enèji se vesyon de menm bagay la ko yo ye, yon dekouvèt Eisntein senbolize nan ekwasyon famèz ke fo moun sou late rekonet ki se E = mc2 ---- kote ke E reprezane eneji ki asyosye ak yon kantite matye M, eke C reprezante vitès limyè.

Sak kore plas preyiminan Einstein se pa teyori espesyal relativite ya paske gen evidans ki demontre matematisyen franse Henri Poincaré te pre pou arive ak teyori espesyal relativite, men plito teori jeneral gravitasyonel la. nan teori sa ki se teyori ki englobe tout ide syantifik Einstein ke nou rekonet jodi ya, Eistein demontre nan yon fason injenyèz ke gravite se yon distosyon nan estrikti espas ak tan. nan teori sa, einstein di ke gravite se komsi matyè se yon boul ki kreye yon efondman nan espas. se komsi ou plase yon boul nan mitan yon twal elastik ke ou te itilize pou bouche yon bokal. le ou plase boul sa nan mitan twal plastik la, ap gen yon efondman, se efondman sa ke nou enteprete kom yon afe gravitasyonèl. men analoji ya: paske boul sa ap kreye yon efe toubiyon nan twal elastik sa, si ou plase yon lòt ti mab arebo bou la, ti mab sa ap fe yon toubiyon anba jiska ke li toushe boul la. Nan teyori relastivis gwo met syantifik sa, se pwose dynamik sa ke nou inteprete kom gravite. Gravite ya se fòs rale mennen vini ki ekziste ant tout obje ki konpoze de matyè; setadi bagay ki gen mas ak okipe espas. Youn nan prediksyon teori relativis Einstein lan seke, fos gravisyonèl yon etwal nan syèl la dwe sifizan ase pou koube yon reyon limyè de yon lòt etwal elwanye.

Envestigasyon Hubble teleskop pwouve ke sa fèt vre, yon obsevasyon ki prouve validite teyori Einstein lan.

RekonpansChanje

  • 1921 : Pri Nobèl fizik
  • 1925 : Meday Copley
  • 1929 : Meday Max-Planck
  • 1931 : Pri Jules-Janssen
  • 1935 : Meday Franklin

ReferansChanje

Lyen deyòChanje