Ansy Dérose

aktè-konpozitè-entèprèt ayisyen
Mizisyen
Ansy Desrose
Nesans
Pòtoprens
Lanmò (ak 63 ane)
Pòtoprens
Nasyonalite Ayisyen
Peyi nesans Ayiti
Mizik: konpa

Enstriman



Ansy Dérose, ki fèt 3 jen 1934 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri nan menm vil la, se yon chantè ayisyen. Li se yon atis, mizisyen ak chantè kreyòl.

Biyografi

modifye

Ansy Dérose kòmanse karyè li avèk Madanm Elisabeth Mahy, yon pwofesè franse an teknik vokal. Pandan anviwon dizan, li etidye melodi Franz Schubert, Schumann, Beethoven, Lalo, Jules Massenet ak Gabriel Fauré.

Li resevwa yon bous. Sou 23 novanm 1963, li rive nan Almay pou fè etid teknik. An menm tan li kontinye etidye mizik nan Sarrebruck. Li ganyen yon konkou amatè òganize pa Radyo televizyon nan vil la. Li te premye loreya. Li chante nan Almay chante tradisyonèl ayisyen ak kèk chanson li konpoze li menm.

Li retounen nan Almay. Nan lane 1964, kèk manm fanmi li envite li nan Chikago. Li rete dizuit (18) mwa ak etidye nan « American Conservatory of Chicago » anba direksyon Gran Mèt G. Moore. Li kòmanse karyè atistik entènasyonal li nan « Premye Festival mondyal Chanson » nan Meksiko nan mwa novanm 1970.

Apre trèz (13) ane ansèyman, li vin direktè nan lekòl pwofesyonèl J.B. Damier. Anplis, li etidye Achitekti ak dekorasyon enteryè pandan twa (3) zan.

An 1972, premye albòm li Ansy, sa Musique et sa Poésie e an 1974 dezyèm albòm li Quo Vadis Terra te genyen yon gwo siksè. Chanson li yo te senbòl espwa, lanmou ak fratènite. Li pran kou chan avèk Micheline Laudun-Denis Antretan, Ansy kòmanse chante avèk madanm li, Yole Ledan Dérose (1976), yon pawolyè ak yon chantèz. Piblik ayisyen dekouvri yo nan yon espektak nan Rex Théâtre pou dezyèm pri "Festival international de la Chanson et de la Voix" (Festival entènasyonal Chanson ak Vwa).

Espektak la, « Hommage à la Jeunesse » (Omaj Jenès) pran plas nan Estad Sylvio Cator, sou 11 me 1985, devan plis pase ven senk mil (25 000) espektatè ak patisipasyon nèf (9) jèn reprezantan nèf (9) depatman jewografik peyi a.

Yole Dérose, madanm li, chante avèk li pandan plis pase ven (20) ane.[1]

Zèv li yo

modifye
  • 1972 ː Ansy, sa Musique et sa Poésie, albòm Marc Records LP-226, premye albòm solo
  • 1974 ː Quo Vadis Terra, albòm Marc Records LP-249
  • 1979 ː Merci, albòm Marc Records LP-294, pri nan senkyèm "Festival de la Chanson et de la Voix" nan Pòtoriko, nan mwa oktòb 1979.
  • 1991 ː Merci (an angle)

Referans

modifye
  1. « Africultures – Biographie de Yole Dérose ». africultures.com. Retrieved 29 out 2015. 

Lyen deyò

modifye