Lengwistik: Diferans ant vèsyon yo

Contenu supprimé Contenu ajouté
Masterches (diskisyon | kontribisyon)
Aucun résumé des modifications
deplace kreyòl ayisyen nan atik espesifik
Liy 1 :
{{ebòch}}

Nou ka defini [[lengwistik]] kòm etid de nati e strikti langaj imen (i.e. fason moun pale). Yon [[lengwis]] se yon moun ki etidye fenomèn sa yo.

==Kreyòl Peyi d Ayiti==
Langaj [[kreyòl]] -— ki baze premyèman sou fransè ak plizyè lang afriken, enfliyans pa lang endyen yo, enpe panyòl ak anglè -— kapab konklizivman defini kòm Ayisyen, nan sans de lang ki pale pa pèp Ayisyen an [http://www.tanbou.com/1994/Rechechlengwistik.htm]. Wi, varyete kreyòl sa atribiye avèk kèk lòt gwoup ak nasyon avèk istwa similè ak pèp Ayisyen an, men a fòs de popilasyon estime plis ke 8 milyon jounen jodi a, majorite kreyolopal se Ayisyen oubyen desandan d Ayisyen.

Si nou defini mo Ayisyen an kòm [[konstitisyon]] peyi d Ayiti a fè l nan TIT II, Atik 11, kòm :

Nenpòt moun ke manman l oubyen papa l se natif natal Ayisyen, si manman n oubyen papa l pa t jamè denonse nasyonalite yo, moun sa se Ayisyen depi lè l te fèt.

Definisyon sa nesesite ke gen Ayisyen ki pa pale kreyòl. Yon moun ka fèt nan nenpòt peyi epi satisfè demann konstitisyonnèl sa.

Toutfwa, si nou limite definisyon sa a moun ki fèt ann Ayiti (moun ke lonbrik yo plante nan peyi a), ki gen omwen yon paran Ayisyen, proklamasyon an kòrèk, ki di, « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl », TIT 1, Chapit I, Atik 5(a) konstitisyon Ayisyen an. Èske w jamè rankontre yon Ayisyen ki satisfè modifikasyon sa a ki pa t pale kreyòl ?

Malgre gran kantite moun ki pale kreyòl, resous ki disponib an kreyòl reyèlman limite. Yon rezon, majorite ekriven Ayisyen, istorikman pale, chwazi pou ekri nan lòt lang (e.g. fransè, anglè). Yon lòt rezon, edikasyon an kreyòl sèlman fèk a nivo primè ann Ayiti. Yon rezon plis, enstitisyon Ayisyen yo an gran pati, chwazi pou yo fè biznis yo an fransè.

Gras a nouvo teknoloji, kòm entènèt la, avèk jefò pou kwaze teknoloji avèk kreyòl [http://hometown.aol.com/mit2haiti/MM-IC-01-kr.htm], langaj kreyòl Ayisyen an kòmanse avanse pli lwen. Men yon faktè reste egal, si [[Malis]] ak [[Bouki]] ekri yon menm fraz en kreyòl, li p ap nesesèman vèbatim. Nou fè jefò nan vèzyon kreyòl Ayisyen wiki a pou nou ekri kreyòl nan yon fason ke gran majorite a kapab li e konprann. Nou envite w pou ou fè kòrèksyon kòm ou wè yo nesesè.

== Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen ==

Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYÒL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo

Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:

=== Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo ===

{| width="80%"
| width="100%" style="border:3px; background:#F7F7FF" |
{| width="100%" cellspacing="0"

'''a'''  nan: ''katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.''

'''an'''  nan: ''san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou''

'''b  nan: ''aba'''''

'''ch'''  nan:'' chak, cho''

'''d'''  nan: ''drapo''

'''e'''  nan: ''me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret''

'''è'''  nan: ''nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè''

'''en'''   nan: ''katreven, fen, prensip, lenjistis''

'''f'''  nan: ''nèf, fèt, fen, pwofesè''

'''g'''  nan: ''lagè, grangou''

'''i'''  nan: ''dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip''

'''j'''  nan: ''lenjistis, manje''

'''k'''  nan: ''katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl''

'''l'''  nan: ''mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl''

'''m'''  nan: ''me, mil, moun, montre, lamizè''

'''n'''  nan: ''nèf, inivèsite, moun, aprann''

'''o'''  nan: ''drapo, yo''

'''on'''  nan: ''onz, montre''

'''ou'''  nan:'' tout, moun, kouran, pou''

'''p'''  nan: ''drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè''

'''r'''  nan: ''katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay''

'''s'''  nan: ''inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante''

'''t'''  nan: ''katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay''

'''ui'''  nan: ''dizwi, (dizwit lè li tousel )''

'''v'''  nan: ''katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay''

'''w'''  nan: ''pwofesè, twa, wòl''

'''y'''  nan:'' kreyòl, yon, yo, travay''

'''z'''  nan: ''dizwi ( dizwit), onz''

=== Prensip 2: Chak son ekri menm jan ===

{| width="80%"
| width="100%" style="border:3px; background:#F7F7FF" |
{| width="100%" cellspacing="0"
Chak son ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:

=== Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil ===

{| width="80%"
| width="100%" style="border:3px; background:#F7F7FF" |
{| width="100%" cellspacing="0"
Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz.

Kalkile prensip sa yo byen.
Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri.
Suiv modèl yo byen.
Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.

Koutwazi : ''Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )''

==Kreyòl la, Dekode==

===Baz ki byen etabli yo===
Alfabèt [[kreyòl]] la konsiste pa venn-sis (26) lèt : sis (6) [[vwayèl]], ak ven (20) [[konsonn]]. Tout vwayèl yo itilize pa tout Ayisyen ki ekri an kreyòl, men se pa tout moun ki itilize tout konsonn yo. Gen konsonn ki itilize senpleman nan yon sèl fason, genyen ki prèske pa itilize ditou.

====q====
Leksikografè kreyòl pa itilize disetyèm lèt nan alfabèt la ditou. Tcheke nenpòt diksyonnè, ou p ap twouve oken mo liste ki kòmanse ak q, oubyen yon mo ki gen yon q ladan. Son lèt sa efektivman ranplase pa k nan tout sityasyon an kreyòl. Si yon non pròp ki soti nan yon langaj womans gen yon q ladan, kèk ekriven ka ekri l nan parantèz aprè kreyòl ekivalan.

====h====
Yon mo kreyòl ki soti nan fransè ki kòmanse ak yon ''h'' myèt, an kreyòl, kòmanse ak vwayèl ki suiv ''h'' la, osinon yon lòt konsonn. Pa gen ''h'' myèt an kreyòl. Pou rezon sa, ''h'' jeneralman pa yon antre nan yon diksyonnè.

====u====
Similè ak ''h'', an kreyòl, ''u'' pa kòmanse oken mo, eksepte pètèt si mo a se yon transkripsyon kèk mo etranje. Kòm ''c'' toujou suiv pa yon ''h'' pou fòme yon konsonn konpoze (''ch''), konsa lè ''o'' swiv pa ''u'' li fòme son yon distenk vwayèl (''ou'').

====c====
Yo pa souvan itilize ''c'' endepandan an kreyòl. Si yon non pwòp ki soti nan yon lòt langaj womans kòmanse ak ''c'', kèk ekriven ekri ekivalan mo a en kreyòl, epi mete non an kòm li ekri nan lòt lang nan an parantèz. Lèt ''c'' toujou suiv pa yon h an kreyòl. Kèk mo : chape, chanjman, chemen, chapo, chimè, chalimo, chich, chamo, cho, chat. Yon eksepsyon konsiderab se senbòl Cl. Nan [[chimi]], reprezantasyon pou eleman klore, epi tou, nimewo Women 150.

====x====
Konsòn x la pa itilize ditou pa kèk ekriven. Son lèt sa souvan reprezante pa de (2) lòt konbinasyon ''ks'' ak ''gz''. Majorite a itilize [[Meksik]] olye de Mexik, leksik olye de lexik, egzanp pito exanp. Gade wè ke ''ks'' ak ''gz'' klèman divize mo sa yo an distenk silab. Menm ekriven sa yo t ap chwazi ekspresyon sou expresyon. Pa gen okenn mo ki kòmanse a x an kreyòl.

====w pou ou====
An kreyòl, li jeneralman preferab ke youn pa gonfle ni vwayèl ni konsòn ansanm nan kreyasyon yon mo. ''Mwen'' meyè ke ''m[ou]en'', oubien ''mouin''. ''Lwen'' olye ke ''louen'', ''swiv'' pito ''souiv''.

====en ak in====
Obzève distenksyon ant ''en'' ak ''in''. Kèk mo ki fini ak in : in, izin, zepin, latrin. Kèk mo ki fini ak en : en, pen, zen, lwen, pwen.

===Lòt obzèvasyon===
Pran atik sa kòm konsèy, men pa kòm lòd gramatik. Kite diskou gramè pou grameryen. Se pa anyen kont grameryen. Aktyèlman, nou bezwen tout kantite grameryen [[kreyòl]] posib nou ka jwenn. Men kòm itilizatè langaj, patikilyèman kreyòl, ou bezwen chache mwayen efektiv pou w kapab ekri lang nan. Eseye itilize tout resous ki ekri en kreyòl ou trouve itil. Neyanmwen, toujou kenbe konsèy [[Aleksann Manzoni]], powèt italien, ki di :

« Langaj dwe posede yon òganik [vivan] omogeneyite derive pa lisaj, reflekte oken distenksyon ant langaj literè ak langaj oral ».

Ou sou wiki. Ekri kreyòl la menm jan ou menm ou pale l ; plen moun ki prè pou modifye ak korije nenpòt atik ou soumèt. Malgre, la, esperans lan se touche sou kèk pwen ak obsèvasyon fèt sou lang kreyòl la ki trè enteresan. Esperans lan se ke yo sèvi w kòm zouti ki petèt kapab pemèt ou pi fasilman exprime w an kreyòl pa ekriti. Pa egzanp, distenk diferans nan [[pwonon pèsonèl]] yo an kreyòl konpare ak fransè, plasman atik yo nan yon fraz, kèk nan [[aksan]] ki pi souvan itilize yo, etc.

====Kontraksyon atik ak non====
Leksikografè ayisyen souvan liste kèk mo de (2) fwa. Pa egzanp, ou ka twouve mo lavi, ak vi nan menm diksyonè a. Ki fè, yon fraz tankou fraz suivan :

''Lavi'' ak ''lanmò'' depann sou sa w kite bouch ou pale.

Ka regade kòm yon fraz ekri san atik, oubyen ki kontrakte atik yo ak non yo (nan ka sa, atik ''la'' ak non ''vi'' e ''mò''). Sa pa nesesèman yon prensip jeneral. Pa egzanp, konsidere de (2) fraz sa yo :

(1) Kisa w fè premyèman lè w leve ''le maten'' ?
(2) Kisa w fè premyèman lè w leve ''lematen'' ? (ra)

Pa gen okenn enfraksyon nan enfòmasyon ki kominike la, men fraz nimewo (1) pi souvan ekri.

====Plasman atik yo====
An kreyòl, yon atik ka presede oubyen suiv non li modifie a, selon si fraz la fè sans oralman. Konsidere,

(1) ''Kanaval la'' bien pase ane a, san dega, san traka.
(2) ''La kanaval'' bien pase ane a, san dega, san traka.

Fraz nimewo (1) enfòm en kreyòl. Nimewo (2), kontrèman, pa vreman fè sans. Kote ke, fraz

(1) ''La [[Bib]]'' di, « renmen vwazen w yo kòm pwòp tèt ou », ak
(2) ''Bib la'' di, « renmen vwazen w yo kòm pwòp tèt ou »,

Tou de fè bon sans an kreyòl.

==Referans==

==Bibliyografi==
* Gramè Kreyol Kaye Elèv Katriyèm ak Senkyèm Ane,1982: Enstiti Pedagoji Nasyonal (Depatman Edikasyon Nasyonal Ayiti) 112 P.
* Ann Etidye Lang Nou an, Iv Dejan, 1986 Edisyon Demen Miyò.
* Gramè Kreyòl Vedrine, Emmanuel Vedrine, 1996, E. W.Vedrine Creole Project, Boston, Mass. 354 P.
* Lekti ak Gramè; 4èm Ane, Komite Edikasyon Karitas Ench, 198?

==Lyen==

[[Kategori:lengwistik]]