Aljèb: Diferans ant vèsyon yo

Yo ajoute 43 okte ,  il y a 5 ans
pa gen rezime
Aucun résumé des modifications
Aucun résumé des modifications
[[Category:'''Aljèb'''<nowiki>]] </nowiki>'''Aljèb''' (soti nan mo Arabik الجبر ki vle di "konplete" oubyen "konekte"), se yon branch nan matematik ki defini antanke jeneralization ak extansyon e ki fokus sou strikti relasyonnèl avèk yon apwòch abstrè. Relasyon ke li etidye yo ka vin sou fòm modilè, egalite oubyen inegalite. Youn nan kote aljèb gen yon pakèt enpòtans se nan solisyon ekwasyon. Yon ekwasyon se yon relasyon egalite ki relye yon ansanm eleman ak yon lòt. Pa ekzanp, si pou chak chèz yon machann vann, li resevwa 4 goud, nou ka fòmile yon ekwasyon ki relye revni machann nan, sètadi lajan li resevwa pou chèz li vann; tankou ekwasyon sa " '''R = 4S''' " kote '''S''' reprezante konbyen chèz machann nan vann, epi '''R''' reprezante revni (revni relatif ou total), sètadi kòb machann nan rantre apre li vann yon kantite chèz; konstant lan, sètadi chif invaryab la, ki se '''4''' nan ekwasyon sa, gen yon non espesyal nan etid ekwasyon lineyè ki se "koyefisyan lineyè". Otreman di, koyefisyan lineyè a reprezante konben fwa revni an ogmante pou chak inite chèz ki vann. Pa ekzanp, si machann nan ale nan mache ak 20 chèz e li vann tout, revni total li ap "''' R = 4(20) = 80 goud'''".
Strikti aljebreyik yo se strikti ki pèmèt nou ekri yon pwoblèm matematikman an deyò konsèp limit ke nou jwenn nan analiz, e an deyò konsèp grafik ke nou jwenn nan jewometri. Mo aljèb la limenm gen yon orijin arab, men moun nan tan lontan tankou Babilonyen ak Ejipsyen yo te konn rezoud ekwasyon lineyè e menm kèk ekwasyon kwadratik (dezyem degre) ou kibik (twazyem degre).
Youn nan premye dokiman ke nou jwenn nan antikite ki trete pwoblèm aljebrik se "[[Papyrus Rhind]]". Youn nan pwoblèm ke nou rankontre nan dokiman sa a gen pou wè ak patisyon manje:
12

modifikasyon