Gwaryonèks
Gwaryonèks ( nan Lang tayino : "The Brave Noble Lord" [1] ) se te yon kasik tayino ki soti Magwa nan zile Ispanyola nan moman Ewopeyen yo te rive nan Emisfè Lwès la an 1492. Li te pitit gason kasik Gwakanagarik, gwo pwofèt Tayino ki te gen vizyon Guamikena a (Gason Blan).
Depi 1494, Espanyòl yo te enpoze gwo lajan taks sou popilasyon Tayino nan Ispanyola. Nan ane 1495, Tayino Caonabo t ap dirije yo te leve kanpe ak zam nan men yo men Bartholomew Columbus te kraze yo. Lè sa a, Gwaryonèks te chwazi fè yon aranjman epi bese tansyon an men nan 1497 sitiyasyon an te vin deteryore ankò. Lè sa a, Gwaryonèks te kanpe bò kote rebèl Panyòl Francisco Roldán epi li te kòmanse atake Espanyòl yo. Kolon (Columbus) te rasanble twoup li yo e li te atake kan Gwaryonèks nan mitan lannwit pa sipriz. Yo te mete men sou Kasik epi sòlda vanyan li yo te gaye. Apre sa, Columbus te lage Gwaryonèks epi li te tounen nan politik apezman li an. Rive nan yon moman, li pa t kapab kenbe pouvwa a epi li kouri ale nan nò zile a. Espanyòl yo te kenbe li la epi yo te voye li anchene nan peyi Espay nan lane 1502, men bato a te plonje pandan yon tanpèt[2][3]. Pèdi se te yon fòtin an lò Bartolomé de las Casas te di ki vo 3 600 kastilyen.[4]
Rive nan yon moman, li te kouri ale nan Pòtoriko e li te vin yon kasik nan Otoa (Utuado, Pòtoriko).[5]
Nan medya popilè yo
modifyeKasik Gwaryonèks mansyone nan estwòf yon powèm Potoriken ki gen dis (10) vè (en français: décima) nan "Journal of American Folk-Lore" volim 31, ki te pibliye an 1918.[6]
Gade tou
modifyeReferans
modifye- ↑ « The Dictionary of the Taíno Language ».
- ↑ https://books.google.com/books?id=7Jmi4Wb1DdsC&pg=PA43
- ↑ « Guarionex » (in anglais). 2022-11-05.
- ↑ de las Casas, Bartolomé (1992).
- ↑ « Dictionary of the Taino Language ». taino-tribe.org (in espagnol). Retrieved 6 jen 2020.
- ↑ « Index:Journal of American Folklore vol. 31.djvu ». Wikisource, the free online library. 2020-12-28. p. 324. Retrieved 2020-12-30.