Konjekti Dubner

konjekti matematik

Konjekti Dubner a se yon konjekti ke Harvey Dubner, yon matematisyen ameriken amatè ki espesyalize nan rechèch gwo nonm premye yo, te enonse. Selon konjekti sa :

Si nou rele p-jimo yon nonm premye ki genyen yon jimo, tout nonm pè ki pi gran pase 4208 se adisyon de p-jimo [1] .

nonm ki se eksepsyon yo se : 2, 4, 94, 96, 98, 400, 402, 404, 514, 516, 518, 784, 786, 788, 904, 906, 908, 1114, 1116, 1118, 1144, 1146, 1148, 1264, 1266;, 1268, 1354, 1356, 1358, 3244, 3246, 3248, 4204, 4206, 4208 .

Yo gentan verifye konjekti a pou tout nonm pè ki pi piti pase .

Si yo te pwouve ke konjekti sa a se verite, sa tap tou pwouve konjekti Goldbach la (tout nonm pè se adisyon de nonm premye) ak konjekti nonm premye jimo yo (gen enfinite nonm premye jimo).

Jeneralizasyon modifye

Enterè konjekti Dubner a genyen pa rapò ak konjekti Goldbach la se ke li pi egzijan, paske nonm premye jimo yo pi ra pase nonm premye yo.

Si nou konsidere konjekti Goldbach la tankou yon mirak, konjekti Dubner a plis pase sa.

Si nou jeneralize konjekti Dubner genyen kat (4) nouvo konjekti ki ap sòti ladan li, yo pi egzijan pase li :

Si nou rele nonm ki pi piti nan yon koup nonm premye jomo min-jimo epi pi gran an max-jimo.

• Tout nonm pè (ki ase gran) se adisyon 2 min-jimo

  • (gwo ase) se sòm de de (2) jimo-marasa.
  • Tout nonm pè (ki ase gran) se adisyon 2 max-jimo.
  • Tout nonm pè (ki ase gran) se adisyon total yon min-jimo ak yon max-jimo, avèk min-jimo> max-jimo.
  • Tout nonm pè (ki ase gran) se adisyon yon min-jimo ak yon max-jimo, avèk min-jimo< max-jimo.


Nòt ak referans modifye

Nòt modifye

  1. De nonm yo pa jimo youn ak lòt, men yo chak gen yon jimo.

Referans modifye

  1. Les deux nombres ne sont pas jumeaux entre eux, mais chacun dispose d'un jumeau.

Lyen deyò modifye