Lamour Desances

Lamour Desances
Nesans XVIIe siècle
Afrik
Nasyonalite Ayiti

Lamour Desrances (oswa L'Amour Desrance, Lamour Derance, Lamour Dérance) se yon ofisye ki patisipe nan revolisyon ayisyen an.

Biyografi

modifye

Lamour Desrances fèt nan peyi afrik,li vinn rive Santo Domingo li te vinn sove kite plantasyon an,ki se aitasyon Desrances.li vinn yon esklav mawon,li fe yon twoup esklav rebèl kap simaye laterè nan plenn akaye ak potoprens epi sen mak.

Nan lane 1801 li kanpe ak Toussaint Louverture kont rebèl yo kap simaye laterè e te gen lòd pou masakre kolon blan yo.Lamour Desrances kont Tousen. Jeneral franse Donatien-Marie-Joseph de Rochambeau te rekrite li e li te nonmen li chèf brigad.

Pandan Lagè kouto yo, Lamour Desrances te rejwenn lidè milat André Rigaud nan opozisyon li ak Tousen Louvèti. Ki gen orijin Afriken, Lamour Desrances se youn nan ra ofisye nwa nan kan milat la. Apre defèt Rigaud ki te anbakman pou Lafrans, twoup ame Tousen Louvèti ak Jean-Jacques Dessalines te remonte Lamour Desrances ki te wè nan li yon lidè rival. Kanmarad Lamour Desrances nan zam yo gaye nan forè yo. Yon ti tan apre, fòs franse Jeneral Charles Victoire Emmanuel Leclerc te rekrite l kòm yon ofisye nan batay yo kont lame endijèn Toussaint Louverture

Nan lane 1803,yo te rekonèt Jean-Jacques Dessalines kòm chèf jeneral twoup lame indijene yo. Dessalines tap asire òganizasyon militè gè a,li te oblije kowòdone ak estandadize lame nan Nò a ak latibonit tou. Alexandre Pétion te gen menm travay la li tap kowòdone ak estandadize nan Lwès epi Nicolas Geffrard nan sid. Lamour Dérance tap domine lwès la ak sid kotel te pwoklame tèt li chèf jeneral. Byenke li te bay Pétion asirans pasaj Geffrard ki te gen pou ale nan Sid an fevriye 1803, li te refize rekonèt Desalin kòm jeneral an chèf lame indijen lan. Refi sa a manifeste menm nan senbòl yo, Desalin montre drapo ble ak wouj Ayiti pandan Lamour Desrances prefere koulè nwa ak wouj. Lamour Dérance gen tou sou lòd li Cangé (yon lòt bò, li rekonèt otorite Desalin an kachèt) ak anpil ansyen patizan Rigaud, tankou Lamarre, Marion, Sanglaou, Mimi Baude, ki ezite rekonèt otorite Dessalines, kenbe nan lide Lagè Sid la.

Li te voye jeneral Nicolas Geffrard depoze dènye soulèvman Lamour Desrances lan jakmel fòs lame fransè yo te chase po tout bon nan plenn cul-de-sac la. Lamour Derance te arete epi pati li a te kraze. Jean-Jacques Dessalines vinn mèt sitiyasyon an ak 15 000 sòlda.

Nòt ak referans

modifye