Mèt Fèy Vèt
Nesans | |
---|---|
Nasyonalite | |
Fòmasyon |
Chez les Frères de l’Instruction Chrétienne (d) |
Aktivite | |
Pwopriyetè |
Mouvman Kore Pwodiksyon Lokal ; Consortium Mèt Fèy Vèt (d) |
Met Fey Vet, alyas Harry Nicolas, se yon antreprenè ayisyen, kiltivatè, pwomotè pwodui lokal e direktè konsòsyòm Mèt Fèy Vèt[1] .
Biyografi
modifyeHarry Nicolas, yo konnen pli sou non Mèt Fèy Vèt, fèt yon 22 jiyè 1962 nan lopital inivèsitè Justinien nan Cap-Haïtien, nan Nò peyi Ayiti. Li te grandi sou pwoteksyon grann patènèl li, Clélie Augustin, ki te ba li levasyon epi aprann li devlope sans pou byen komen ak enpòtans pou li jere estim pwòp tèt li. L te jwe yon wòl enpòtan nan edikasyon li, ak asire karyè akademik li[2] .
Harry Nicolas te fè etid primè li kay Frè Enstriksyon Kretyen ak edikasyon segondè li nan kolèj Pratique du Nord ki kontribye grandman nan enfliyanse edikasyon li te resevwa nan men grann li. konsa grann li te jwe yon gwo wòl nan konstui karaktè li ak vizyon li sou lemonn. [3]
Antanke yon kiltivatè, Mèt Fèy Vèt gen yon gwo renome kòm antreprenè ayisyen, k ap pwomosyon pou pwodwi lokal. Harry Nicolas se egalman Direktè Consortium Mèt Fèy Vèt, yon konpayi ki dedye ak pwomosyon pwodwi manje ayisyen. Depi plizyè li pran angajman pou li prezève eritaj agrikòl ak kiltirèl peyi a, ki te toujou atire li nan tradisyon peyizan an. Karyè li make pa yon gwo respè pou tradisyon sa yo ke li chèche prezève ak ankouraje atravè pwojè inovatè li yo [4] .
Mèt Fèy Vèt distenge tèt li patikilyèman nan fè pwomosyon pou pwodui lokal, epi nan jwe yon wòl santral nan re-entwodiksyon pratik agrikòl zansèt yo, ke li adapte ak reyalite modèn lan gras ak itilizasyon teknoloji inovatè yo[5] .
Inisyativ Agrikòl
modifyeYoun nan pi gwo kontribisyon Mèt Fèy Vèt se angajman li nan renesans kiltivasyon mayi a an Ayiti . Nan yon kontèks kote peyi a sou depandans alimantè k ap grandi sou enpòtasyon Li ankouraje kiltivatè yo pou yo retounen nan pwodiksyon mayi a, youn nan pwodui fondamantal ki okipe yon plas spesyal nan rejim ayisyen an, pou yo ka goumen kont grangou. ak pwodui sila, li ankouraje kiltivatè yo anbrase yon teknik agrikòl dirab ki adapte ak reyalite klimatik ak jeyografik peyi Ayiti [6] [7] .
Pwomosyon Kilti Zansèt
modifyeAtravè tout inisyativ li yo, Mèt Fèy Vèt pa sisopann fè pwomosyon pou eritaj kiltirèl ayisyen an, sitou nan pwojè Kita Nago a, yon pwojè ki te santre sou san inite genyen nan mitan ayisyen an, fòs tèt ansanm nan transpòte yon manman penmba twon yon pye bwa, yon senbòl kin temwaye fòs inite nasyonal la ak rezistans, plis pase 700 kilomèt a pye, soti Les Irois pou al bout Ouanaminthe. Pwojè sa a, ki te senbolize sans konbit lakay ayisyen yo te rive fè fyète pèp la, te vize raple enpòtans konbit (koperasyon kolektif) nan konstriksyon idantite nasyonal ayisyen an. [8]
Anplis, Mèt Fèy Vèt te rive entegre pouvwa teknoloji a bay nan pwojè li yo pou fè pwomosyon eritaj sanzèt yo. Li te fonde yon konpayi ki dedye a sèvi ak mwayen modèn pou ankouraje pwodwi lokal yo, pandan y ap respekte konesans tradisyonèl yo. Konsa, li te rive devlope platfòm sou entènèt la pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans pwodiksyon lokal ak benefis pwodwi agrikòl ayisyen yo [9] .
Enplikasyon Sosyal ak Ekonomik
modifyeAntanke yon antreprenè sosyal, Harry Nicolas travay anpil nan kreye travay nan sektè agrikòl la, pandan l ap sansibilize jèn ayisyen yo sou enpòtans otosifizans manje lakay. Travay li yo ride anpil nan revitalize plizyè kominote riral, bay kiltivatè yo yon plas santral nan ekonomi lokal la ak nasyonal.[10]
Kita Nago (mouvman sosyal)
modifyeMouvman Kita Nago a te inisye nan lane 2013, ak Harry Nicolas, yo konnen plis sou non Mèt Fèy Vèt, yon manifestasyon kiltirèl sanposan jwèt lespri ki senbolize solidarite ak inite pèp ayisyen an. Yon isyativ ki jwenn plas li nan listwa ak kilti ayisyen an, senbòl sa a raple detèminasyon ak konsyans istorik ayisyen yo nan batay yo pou libète, otodetèminasyon, ak jistis sosyal.
An menm tan, li anrasinen nan valè fondamantal kolaborasyon ak èd mityèl, jan konbitis la reprezante, ki se yon pratik kolektif agrikòl ak kominotè ki byen anrasinen nan tradisyon ayisyen an [14] . Kita Nago senbolize non sèlman libète pou n kreyatif pèp la, men tou pou li ranmase imajinasyon istorik nasyon an. Mouvman sila te fè eko jouk nan tobout 1804, pandan endepandans ayisyen an, mache kòtakòt ak lide wòdpòte Dessalines ak Christophe, ansanm ak anpil lòt ewo konbatan, ki te reyisi ranvèse opresyon kolonyal la.
Nan sa a, Kita Nago te fè n reviv eritaj sa a, nan reyafime inite nasyonal la depi nan imajinè kolektif pèp la, se tou poto libète ak pwogrè nasyon an[15]. Ekspresyon kreyòl Nou pap fè yon pa kita yon pa nago a tradui aspirasyon pou koperasyon an amoni, yon mach kolektif nan direksyon pou yon objektif komen. Sans sila senbolize inite ak detèminasyon pou konstwi yon sosyete ekitab e pwospè. Bwa sa te mezire 3.10 mèt nan wotè, ke sitwayen yo te pote. Jodi jou, ki vin tounen yon senbòl nasyonal byen djougan nan apwòch kolektif pèp la[16] . Pyebwa sa a, ki soti nan Métivier, Pétion-Ville, e ki rele Kita Nago, materyalize lide pwogrè sosyete ayisyen an kapab fè sèlman gras ak inyon epi koperasyon.
Premye janvye 2013 konsa make yon dat kle, kote Ayisyen reyafime angajman yo pou yo rete ini nan moman difisil yo, rasanble toutotou senbòl sa a pou fè nasyon an vanse nan lespri “tèt ansanm” [11] . Nan re-entwodwi ideyal sa yo nan kontèks kontanporen an, Mèt Fèt Vèt non sèlman fè n reviv yon tradisyon istorik, men galman, inisye yon mouvman ki kapab ini diferan jenerasyon ayisyen nan yon misyon komen: ranfòse lyen sosyal ak ankouraje konsyans kolektif la ki mete aksan sou valè yo nan lanmou, pataje, ak solidarite.
Kita Nago se pa sèlman yon manifestasyon sosyokiltirèl, men se egalman yon apèl pou inite ak rekonsilyasyon nasyonal, yon fondasyon solid ki vize rebati lavni Ayiti ka bati[12] . Malgre siksè popilè pwojè Kita Nago a, li pa resevwa anpil kritik [13] . Gen kèk obsèvatè ki te wè inisyativ sa a kòm yon zak mistifikasyon oswa yon egzajerasyon senbolik, ki mete an kesyon enpak reyèl li sou devlopman nasyonal la. Sepandan, pou sipòtè li yo, Kita Nago pou nasyon ayisyen an rete yon senbòl puisan nan inite ayisyen an ak yon rapèl pou fòs travay kolektif la[17] .
Eritaj ak Vizyon
modifyeMèt Fèy Vèt kontinye patisipe aktivman nan fè pwomosyon pou agrikilti lokal la an Ayiti, pandan l ap mete aksan sou enpòtans inovasyon genyen nan fè respekte tradisyon yo. Atravè divès pwojè li yo, li chèche bati yon ekonomi ayisyen ki rezistan, ki baze sou devlopman resous lokal yo ak otosifizans alimantè. [18]
Distenksyon ak rekonesans
modifyeTravay Mèt Fèy Vèt yo fè louwanj pou plizyè enstitisyon lokal ak entènasyonal. Li te resevwa distenksyon pou wòl li jwe nan pwomosyon kilti ayisyen an ak pou inisyativ agrikòl li yo, ki konsidere kòm modèl devlopman dirab. Efò li fè nan revitalize pwodiksyon mayi a atire atansyon medya yo ak gouvènman ayisyen an, ki konsidere l kòm yon modèl lidèchip kominotè.
Referans
modifye- ↑ « Mèt Fèy Vèt fait la promotion du patrimoine “technologiquement” ». lenouvelliste.com (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « Kote Mèt Fèy Vèt? Le militant « Kita Nago » se confie à Loop Haiti | Loop Haiti ». Loop News (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ VBI (2023-04-14). « Haïti/Agriculture: La culture du maïs pour combattre la faim, conseille "Mèt Fèy Vèt" ». Vant Bèf Info (VBI) (in français). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ metronews (2024-09-11). « Une entreprise pour relancer la production de maïs ». METROPOLE (in français). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « 800 millions de dollars US pour relever la production nationale et faire face à l'insécurité alimentaire, selon Mèt Fèy Vèt ». lenational.org/ (in anglais). 2015-09-23. Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « Haïti : Les itinéraires possibles pour Kita Nago ». www.alterpresse.org (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ VBI (2023-04-14). « Haïti/Agriculture: La culture du maïs pour combattre la faim, conseille "Mèt Fèy Vèt" ». Vant Bèf Info (VBI) (in français). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « Kita nago, une mystification gratuite ». Travaillons pour un autre Ayiti (in français). 2013-01-29. Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « Le symbolisme de kita nago dans le konbit pour la réalisation du canal des paysans de Ouanaminthe ». lenouvelliste.com (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « Harry Nicolas - Mèt Fèy Vèt, le Messie de la production locale en Haïti ». lenational.org/ (in anglais). 2015-09-23. Retrieved 2024-09-23.
- ↑ 11,0 et 11,1 « Kita Nago to Urge Unity among Haitians, Moving Haiti Forward ». Foreign Policy Blogs. 2013-01-31. Retrieved 2024-09-23.
- ↑ 12,0 et 12,1 Modèl:Chapitre
- ↑ 13,0 et 13,1 « Kote Mèt Fèy Vèt? Le militant « Kita Nago » se confie à Loop Haiti | Loop Haiti ». Loop News (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ MrsWanda (2013-01-16). « What is Kita Nago “A New Symbol For Unity In Haiti” ? - L'union Suite » (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « Kita Nago - A New Symbol for Unity in Haiti ». Haiti News & Updates - The Haitian Internet Newsletter (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « Le symbolisme de « Kita nago » en Haïti ». lenouvelliste.com (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ MrsWanda (2013-01-16). « What is Kita Nago “A New Symbol For Unity In Haiti” ? - L'union Suite » (in anglais). Retrieved 2024-09-23.
- ↑ « Kote Mèt Fèy Vèt? Le militant « Kita Nago » se confie à Loop Haiti | Loop Haiti ». Loop News (in anglais). Retrieved 2024-09-23.