Manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak lòt kwayan nan mouvman Sen Dènye Jou a kwè ke Mòmon te yon pwofèt, yon jeneral lame, e yon istoryen pami pèp nefit la sou kontinan ameriken an pandan katryèm syèk aprè Jezikri a.[1] Mòmon te grave yon rezime istwa pèp li a sou plak annò ki te vin tounen Liv Mòmon an.[2]

BiyografiModifier

Mòmon te fèt vè 311 aprè Jezikri. Papa li te rele Mòmon tou, men papa li te bay li non sa a poutèt «peyi Mòmon an, tè kote Alma te tabli legliz la nan pami pèp la».[3] Lè li te gen dizan, Amawon te vin vizite li pou li bay li enstriksyon sou kote li ta jwenn annal grave anba men pwofèt nefit yo e sou sa li te dwe grave sou yo li menm. Rive gen onzan, Mòman te ale nan peyi Zarayemla a avèk papa li.[4]

Mòmon ekri nan liv la jan Jezikri te vin vizite li lè li te gen kenzan.[5]

Nan sèzyèm anne lavi li, 326 aprè Jezikri, menmsi li te jèn, Mòmon te «gwo nan kò», epi pèp nefit la te lonmen li dirijan lame yo.[6] Li te patisipe nan anpil batay kont pèp lamanit la.

Annakòd avèk enstriksyon Amawon yo, Mòmon te ale bo yon ti mòn ki te rele «Shim» lè li te rive gen venkatan [7] pou li te pran annal nefit yo.[8]

Nan lanne 362, Mòmon «te refize toutbon pou [li] kòmande ak dirije» nefit yo «poutèt mechanste yo ak abominasyon yo».[9] Men, aprè trèzan, li te deside pran plas li ankò kòm chèf lame poutèt jan lamanit yo t ap kale nefit yo.[10]

Mòmon te sèvi kòm chèf lame pandan plizye batay jiska nasyon nefit la te sibi destriksyon total li aprè yon gwo batay nan lanne 385. Yon ti tan anvan lamanit yo te tiye li, Mòmon te delivre plak annò yo bay pitit li. Pitit gason li te rele Mowoni.[11]

Liv Mòmon AnModifier

 
Yon represantasyon plak annò Mòmon te bay Mowoni epi Mowoni te bay Joseph Smith.

Sou plak annò, Mòmon te grave yon rezime anpil annal istorik pou pèp nefit la. Nan rezime a, li site lòt ekriven e li mete pawòl lòt ekriven direkteman nan tèks la. Li ajoute komantè li sou tout sa, e li ekri istwa li menm nan.[12] Li dekri jan li te ramase kontribisyon lòt pwofèt yo epi jan li te grave karaktè sou plak metal yo. Tèks la site dokiman ki pa fè pati Liv Mòmon an e Mòmon mansyone lòt liv ki te disponib pou li.

Liv Mòmon an deklare ke pwofèt Amawon te di Mòmon kote pou li jwenn annal moun te konn pase sòti nan men yon jenerasyon bay pwochen an pandan preske milan.[13] Tèks la di tou se te Mòmon ki te fè rezime long istwa zansèt li yo epi li te ajoute plis revelasyon toujou. Mòmon li menm te ekri yon seksyon ki rele «Pawòl Mòmon» epi premye sèt chapit nan seksyon an ki pòte menm non ak liv antye a. Tèks la rakonte jan Mòmon te bay pitit li, Mowoni, plak yo anvan li te mouri a.[14]

Nan lanne 1820, Mowoni te retounen sou latè kòm yon anj [15] pou montre Joseph Smith kote li te kache plak yo.[16] Smith te piblye tradiksyon li a kòm Liv Mòmon An: Yon Lòt Temwayaj Konsènan Jezikri.[17]

Gade touModifier

ReferansModifier

Lyen deyòModifier