Mouvman peyizan papay

Mouvman Peyizan Papay se yon òganizasyon peyizan ki pran nesans nan lane 1973 nan abitasyon Papay ki jwenn li nan seksyon kominal Agwaedyond nan komin Ench. Moun ki te vini ak lide mouvman sa a se Chavannes Jean Baptiste ki jis jounen jodi a toujou yon lidè prensipal nan mouvman sa a[1].

Istwa modifye

Kontèks mouvman sa a te pran nesans

Selon fondatè mouvman sa a, lide mete kanpe yon mouvman konsa te pran nesans nan yon sitiyasyon kote divizyon tap vale tèren, kote solidarite, fondman sivilizasyon peyizan an tap fè bak, kote reziyasyon fè peyizan tounen zonbi, fè peyizan yo pèdi tout volonte pou yo travay ansanm pou transfòme move sitiyasyon yap travèse. Tou sa makònay ak konplèks enferyorite ki anvayi peyizan. Konsa lespri konbit la ak lespri pataj la ap diminye.Se konsa, Chavannes Jean Baptiste, yon sitwayen konsekan,konsyan de sitiyasyon sa yo te deside nan yon moman trè difisil pou te mete kanpe yon mouvman kote tout peyizan jwenn plas yo ladan[2].

Kan souverènte alimantè nasyonal MPP modifye

Chak ane, Mouvman Peyizan Papay (MPP) òganize kan Nasyonal sou Souvrennte Alimantè nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo nan Papay. Kan sa a toujou reyini plizyè santèn jenn fanm ak gason ki sòti nan 10 depatman peyi a.

Nan aktivite sa yo chak ane, kesyon konbit ak respekte dwa peyizan se 2 nan prensipal objektif ke yo toujou genyen. Mouvman Peyizan Papay kwè aktivite konbit la se yonn nan pi bon mwayen pou peyi a repran eskanp figil kote nan konbit, manje kwit pa gen mèt, kote lapenn yon kongo se pou tout kongo, kote je pran kou nen kouri dlo, se yon fason kote yonn toujou prè pou ede lòt, konsa tout moun kapab viv ansanm. Pwone yon sivilizasyon peyizan ki chita sou baz de solidarite ak pataj.

Nou menm jèn yo ki patisipe nan kan an, nou angaje nou pou nou travay nan konstriksyon yon Ayiti granmoun, yon Ayiti solidè.

Nan kan sa yo, nou toujou travay sou plizyè bèl tèm tankou : dezòd ou deregleman klimatik, agrikilti peyizan agwo ekolojik, analiz konjonkti politik nasyonal ak entènasyonal, òganizasyon jèn yo, angajman politik jèn yo, souvrennte alimantè, enfeksyon seksyèlman transmisib, yon lòt jan pou wè lasante.

Referans modifye

  1. « Mots du fondateur ». MPP (in français). Retrieved 2023-10-22. 
  2. « Mots du fondateur ». MPP (in français). Retrieved 2023-10-22.