Nicolás de Ovando
Nesans |
Valladolid |
---|---|
Lanmò |
Madrid |
Nasyonalite | panyòl |
Peyi nesans | Espay |
Nicolás de Ovando se yon sòlda ak yon nòb Panyòl, ki fèt nan Valladolid an 1460. Li mouri 29 me 1511 nan Madrid.
Biyografi
modifyeChwalye òd pou Alcantara, li te tou gouvènè Ispayola soti 1502 rive 1509. Zile Ayiti a Francisco de Bobadilla te revoke nan lane 1501. Li te ranplase pa Nicolás de Ovando ki te vin gen tit Gouvènè. Ovando nèk debake nan Ispayola nan mwa avril 1502. Ovando te administre koloni an avèk lòd e enèji e li te rann li pwospè pa devlopman agrikilti a. Lè Ovando te rive nan Ispayola Anakaona e Kotoubánanma te ap jwi toujou yon gran puisans e yon libète sètèn.
Anakaona se te vèv Kaónabo Manzè te ap reye sou kszaragoua depi lanmò frè li Bohechio. Ovando nèk deside pou li soumèt tout Zile Ayiti a sinome Hispanyola de (2) fòs ki te limite li yo se te kasik yo. Mouche tou deside kòmanse pa Anakaona ki posede yon pwovens vast e fètil, pou soumèt Anakaona, Ovando mèt may li chwazi trayizon.
Ovando nèk anonse Anakaona rèn nan ki pou kszaragoua a yon vizit zanmitay e tou pran chimen pou Leyogàn ak twasan (300) fantasen e desan (200) kavalye yo.
Anakaona te resevwa Ovando tankou se te yon Wa e tankou yon zanmi sou zòd rèn nan lari Leyogàn yo te dekore ak flè e kay yo òne ak palm. Tout sa pou Onore Espanyòl yo e te gen bèl fèt endyen kote pa te manke festen ni areytos yo, ni lagete, ni dans kè kontan.
Bibliyografi
modifye- Las Casas, Historia de las Indias, Fondo de Cultura Económica, Meksiko 1951.
- Juan Collier, Los Indios de las Aericas, edisyon FCE, Meksiko 1960.
- F.A. Kirkpatrick, Les conquistadors espagnols, edisyon Payot, Pari, 1935.
- en Appleton's Cyclopedia of American Biography