Pèmakilti se yon kombinasyon syans, atizay, etik, e aprentisaj itilize pou imajine ekosistem rejeneratif yo ki enspire pa fonksyonman tout èt vivan. Prinsip yo aplike nan ti espas yo kòm yon ti kay osi byen ke yon vil antye. Tout premye se baze nan obsèvasyon. Nou aplike dekouvèt syantifik yo a bon konprann tradisyonèl pou pwoteje divèsite a, estabilite a ak rezistans lan ekosistèm natirèl yo.

Tèm "pemikilti" se yon kombinasyon mo yo "agrikilti pemanan." Sa fe referans a konsepsyon sistèm agrikòl nan kote moun ka viv pli endepandan, otonòm ak dirab ki swiv modèl natirel yo ki se la deja. Lide a reyalize yon sosyete mwens depann de sistèm endistryèl fabrike ak distribiye.

Prensip yo

modifye

Pami prensip sa yo nou di

  • ankouraje divesite a
  • vale fwontye yo
  • obsève ak entegre
  • kaptire ak genyen enèji
  • aplike otoregilasyon e aksepte deplase w devan
  • ankouraje resous renouvlab
  • fatra nan yon kote se resous yon lòt kote
  • entegre olye ke separe
  • travay avèk lanati
  • Pwoblèm nan se solisyon an
  • chak eleman sevi plisye fonksyon yo
  • chak fonksyon se sevi pa plizyè eleman yo
  • prann responsibilite de pwòp lavi w

Pèmakilti se fason konprann yon ekosistèm nan tout antye li, obsève entèraksyon ant tout eleman yo ak chèche pou entegre aksyon imèn yo nan respè de pwosesis natirèl yo.

Aplikasyon yo

modifye

Agrikilti

modifye

Agrikilti se premye objektif de pemikilti e konsa se pati a pli etidye. Gen plisye apwoch yo pou agrikilti sempleman paske egziste yon gwo varyete klimat yo. Sa ke ini pratik sa yo se yon pouswi de dirabilite eneji. Nou etidye efikasite enejetik pou evite travay initil, fe fatra yon resous, ankouraje sevis gratwi yo ki lanati bay, e redwi konsomasyon e deplasman yo.

Pratikan agrikòl yo fe yon "agrikilti biyolojik." Sa vle di ke lavi se sant tout bagay. Anjeneral nou pratike pa-travay sistematik pou evite detwi bet late yo, ewosyon ekses, sa ki lakoz fetilite pi bon na ate a. Pemikilti fe pyebwa e fore a sant apwoch li. Nou we sa nan ankourajman bod e fore yo pou pwoteje lot plant yo kont van an.

Ekolojis Robert Harding Whitaker te montre ke yon ekosistem matire natirel se toujou plis pwodiktif ke sistem imen yo pou pwodwi manje. E sa ki lakoz nou fe rechech e enstiti agro-ekosistem pwoduktif yo ki se enspire de ekosistem natirel

Fore kom sous enspirasyon pi gwo

modifye

Dapre reyalite ke ekosistèm natirel yo se pliu pwodiktif ke sistem pwodiksyon imen, pemikilti atache a model ekosistem natirel yo otan ke posib. Yon model fondmantal se yon fore konpoze set strat yo.

  1. kanopi a
  2. kouch pyebwa entèmedye (pyebwa nen yo)
  3. ti touf bwa yo
  4. zèb anyèl yo
  5. plant kouvri yo
  6. rizosfè
  7. mikosfè
  8. yon adisyon sekondye se estrat vetikal konpoze de lyàn yo

Fore yo pwoteje li menm kont pedi dlo a. Le latè a se vid e ekspoze, soley a ka chale latè a sa ki lakòz latè pedi dlo pli rapid. Sepandan pyebwa pwoteje latè a pa founise lonbraj pou te a osi byen ke pwodwi payaj(fey mouri yo pou kouvri tè a). Konsa nou dwe aplike mwen dlo.

Biyodivèsite

modifye
 
Association culturale maïs-Haricot-Courge dans la région du Mixtepec au Mexique

Pèmakilti swiv prensip la ke lanati pouse vers yon ekilib nan asosyasyon yo ant tout espes yo ki viv la ba. Nan pratik, nou ankouraje divesite nan devlopman agrikol. Moun indijen nan amerik te itilize kombinasyon plant yo pou syèk yo. Konbinasyon pli fame se tws sè yo : mayi, pwa, ak joumou. Pwa yo fè azòt pli diponib nan tè a pou zòt plant yo, mayi se sevi kòm yon post pou pwa yo, e joumou kouvri tè a pou konsève dlo. Sa a se yon sèl egzanp. Gen plizye zòt nan mond lan.

Agrikilti konvansyonèl konsantre nan monokilti yo, grandi yon sèl kalite plant nan chak zòn. Pratik sa a renn jaden nan trè vilnerab a maladi e ensèk yo. Lè yon maladi ou yon ensèk twouve yon plant ki li renmen li pa bezwen chèche ankò pou twouve zòt yo. Pwoksimite yo fè pli fasi pou touye tout plant yo. Men si gen yon gwo varyete plant yo se pli difisil pou maladi è ensèk yo pou pwopaje. Yo bezwen fè pli travay pou twouve viktim yo.

Sa se lakòz la ke nou itilize konsèp polikilti a. Chak plant grandi a kèk gwose dapre espès. Li se vre pli wòt osi byen ke pli ba. Nou dwe chwazi plant yo ki grandi nan manye diferan pou evite kompetisyon. Lè nou gen yon gro jaden tomat, tout tomat yo bezwen konpete pou menm limyè solèy la è pou menm nitriyan sou tè a. Nan lòt kòte, frèz yo ka kolabore ak kawòt yo paske yon se pa fon e zòt la desann tout dwat. Nou rempli espas la avek yon gwo varyete plant yo paske yo pwoteje è sipò yo menm. È anfan yo sipò nou.

Agrikilti de konsèvasyon, agrisilvikilti

modifye

Pemikilti gen objektif atenn yon tè vivan ki sezi kabòn nan lè a epi li retounen a tè. Chak anè moso plant yo (fèy, branch yo, rasin yo, elatriye) fòm payi pou atè forè a. Bèt latè yo travay avek champinyon yo pou manje moso mouri plant yo e pwodwi konpoze chimik yo pli fasi pou zòt plant yo absòb. Sa ki lakòz men kabòn dioksid na lè a e pli kabòn nan fòm solid ki ka nouri latè a e tout kreati ki viv la ba.

Efè fwontyè

modifye

Zòn transisyon ant de ekosistèm yo se yon ekotòn. Pou yon pèmakiltye, fwontyè sa yo se yon kote trè privilejye, pli rich de biodivesite e enteraksyon yo. Nan sa a, potensyel pwodiktif se gwo e notab. Kote sa a se yon zòn echanj pou nourisan pou zèt vivan nan de kote yo. Nan lòd yo stimile efè fwonye a moun souvan fè kote sa yo nan fòm ondlan ou awondi.

Bèt yo

modifye
 
poule nan jaden zèb awomatik
 
Sistèm akwakilti

Anpil pwojè pèmakilti yo itilize bèt yo nan kèk fòm. Tout ekosistèm yo gen yon konpoze bèt. Syans te montre ke san kontribisyon bèt yo, entegrite ekolojik se diminye ou disparèt.

Bèt ensektivò yo mete restriksyon sou pwopogasyon ensèk yo ki ka detwi plant yo. Chèv yo ka vid yon bwose, koupe branch ba yo, ou manje plant envasif yo. Zèbivò yo ki gen ladan lapen yo, mouton yo, ak bèf yo manje plant yo ki se pa itilize nan lòt fason.

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye