Paul Antoine
Image illustrative de l’article Paul Antoine
Fonksyon pwofesè
Nesans (80 ane)
Palmari, Rankit
Nasyonalite ayisyen
Domèn edikasyon

Paul Antoine, ki fèt 23 fevriye 1944 nan seksyon kominal Palmari, komin Rankit, depatman peyi Ayiti, se yon pwofesè inivèsite ayisyen.

Li se manm Akademi Kreyòl Ayisyen.

Biyografi modifye

Paul Antoine se pwofesè Syans antwopolojik ak sosyolojik nan Fakilte Etnoloji (Pòtoprens). Li se pwofesè Dwa anpirik nan Inivèsite Fondasyon Doktè Aristide (UNIFA) ki nan Taba. Li se yon avoka nan Pòtoprens.

Paul Antoine etidye nan Ayiti, nan Genève ak Kanada. Li pran de (2) lisans nan Dwa e nan Sosyoloji ak antwopoloji nan Inivèsite Leta Ayiti (UEH) nan lane 1978. Pita Paul Antoine fè etid siperyè li nan peyi Kanada kote li pran plizyè espesyalite nan jounalism, de (2) metriz nan Syans Kominikasyon ak nan Dwa entènasyonal, e yon doktora nan Kominikasyon Sosyal nan Inivèsite nan Monreyal nan lane 2004.

Soti 1975 rive 1981, Paul Antoine te travay nan medya ekri. Li te redaktè-an-chèf nan jounal kreyòl la Bòn Nouvèl. Li te travay egalman tankou jounalis nan Radio Canada TV. Li se ansyen direktè "SOS Village d’enfants" ant 1989 ak 1998. Li anseye jounalism ak teyori kominikasyon ak analiz sou diskou nan Fakilte Syans imèn.

Li fè aksyon pou pwomosyon kreyòl ayisyen. Premye woman li rele Nan Savann Dezole. Liv sa a vle bay yon deskripsyon dram sosyal ayisyen nan lang kreyòl. Li ekri tou Kò moun, yon liv fizyoloji-anatomi nan kreyòl.

Paul Antoine deklare ː « Mwen rantre nan Akademi an pou m fè kreyòl la louvri zèl li toupatou nan peyi a: nan lari, nan Palman an, nan lekòl, nan Konstitisyon an ak nan tout lwa peyi a, nan liv lekòl, liv istwa ak jewografi; yon fason pou fè avanse ekriti lang lan nèt ale jouk rive nan tobout li ».

Enstiti Filozofi Salezyen te pwopoze kandidati Paul Antoine kòm Akademisyen.

Li se papa kat (4) timoun.

Zèv li yo modifye

  • 2015 ː Nan Savann Dezole
  • 2009 ː Comment rentrer au ciel sans laisser son corps
  • 2008 ː Liberté d’expression et convivialité en Haiti
  • 2000 ː L’analyse du discours
  • 1998 ː Kò Moun

Referans modifye

Lyen deyò modifye