Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib :
Wiksyonè kreyòl

Plant se yon èt vivan vejetal. Plant yo se oganis fotosintetic e ototwof, karakterize pa selil vejetal yo. Yo se un rey de Ekariyota yo, rey sa se yon gwoup monofiletik ki inkli plant yo.

Syens plant la se botanik la, ki nan zon klassik etidye li inkli alg yo e syanobakteri(ki fe pa pati rey plant la). Ansyen an "rey vejetal" pa egziste anko nan klassifikasyon moden yo.

Nimewo espes plant yo nan tout mond se difisil pou detemine men egziste (nan 2015) plis k 400 000 espes decrite, majorite la se plant a fle (369 000 espes nan list). Ayiti genyen plis ke 6000 espès plant vaskilè nan kilès yo n ap pe twouve 4500 fanenogram ak 45% andemik (ref. Kebreau 1960) Nou konnen tou pre 2000 espes se dekouve chak ane. Depi XXe syek twa espes plant yo dispare chak ane, anjeneral se viktim debwazman. Un plant nan senk se menase ak disparisyon.

Fisioloji

modifye

Gwose e kalite

modifye

Nan agrikilti nou fe yon gwo distinksyon ant plant erbeuz e plant ligneuz (ki se fe ak bwa).

Plant vaskilarize yo

modifye

An premye de lod se plant vaskilarize. Yo se konsidere kom plant primitiv dezabiye a veso ki pran swen pou transpotasyon dlo e lot eleman nitritiv. Pami yo se djondjon ou mousse, ki dwe viv nan anviwonman humid e fre pou siviv.

Plant erbeuz yo

modifye

Tem nan "erbeuz" kalifye plant yo ki pa fe ak tisi ligneuz. Yo se zeb nan sans botanik de tem paske branch yo transfome pas nan bwa. Konsa tisi plant yo reste tann. Pami yo se gramine yo, fougere yo, e zeb nan sans tradisyonel.

Dapre botanik la, palmis yo fom yon tij e pa yon twon. Konsa se yon plant erbeuz kom pye bannann e bambu.

Ti touf bwa

modifye

Ti touf bwa yo se plant kontinuel ki fe ak ramifikasyon ligneuz e konsa se bwa. Ti touf yo se karakterize pa kwasans li souvan touf e wote limite li.

Pyebwa

modifye

Pyebwa yo se plant kontinuel ligneuz ki gen twon. Pyebwa viv lontan e ka atenn yon gwose impresyonan. Feyaj ka pase chak ane oswa rete nan plas dapre espes yo.

Pye rezen e liana

modifye

Liana yo se plant yo ki pwan lot plant pou monte pou cheche lumye.kek ant yo kolonise twon pyebwa pou monte li.

Transpotasyon dlo nan plant yo

modifye

Rasin nan se spesyalize nan absopsyon dlo e iyon de te, e se anjeneral sou late. Travay sa se fe nan rizodem pa cheve rasin yo. Cheve tou piti yo fe yon zon sifas pli gwo pou echanje sibstans yo. Apre rasin yo absobe dlo a, dlo a se transpote atrave selil kre(rele xilem)pi wot nan plant lan. La bas dlo se distribye ant selil yo. Selil yo itilize dlo a pou fe fotosintesis e fe yon sev tre rich nan sik yo ki rele "sev oganik." Epi le sa a pase sev oganik se transpote pli ba nan plant lan. Pendan tout sa, plant lan pedi dlo kontinuelman. Plant lan dwe sezi CO2 soti nan atmosfe pou fe fotosintesis. Pou sezi CO2 plant la gen tou piti twou yo ki se ouve e femen. Le twou yo se ouve, plant la pedi vape dlo.

Nitrisyon

modifye

Plant yo itilize sev oganik ki se rich nan sik pou nouri plant lan e ede li konstwi pli selil yo. Plant yo se ototwof. Sa vle di ke plant yo fe pwop manje li. Plant yo pa gen bezwen deplace li pou cheche manje. Konsa plant yo envesti pli eneji pou devlope defans chimik kont ebivo e patojen yo.

Tradiksyon

modifye

Etimoloji

modifye

Mo plant nan soti nan lang franse a (plante) ki soti nan yon mo laten (planta).

Albòm

modifye