Pwoblèm majè pami anpil lòt sektè agrikòl la ap konfronte

1-Mank disponiblite/aksè ak tè kiltivab (Surface agricole utile "SAU")/ basen vèsan pa pwoteje/fètilite sòl yo redwi konsiderableman.

Genyen 4 aspè poun konsidere nan pwen sa:

A) Premye aspè: Anpil moun nan milye riral pa gen tè swa paske paran yo pat gen tè pou kite pou yo, oubyen tou yo pa gen mwayen pou achte tè. Sèl fason pou yo travay latè se si yo jwenn yon moun ki gen tè ki bay li an meteyaj ou demwatye (separe rekòt la ak mèt tè a), fèmaj (lwe tè a pou yon montan lajan kelkonk depandan de kantite a) oubyen izifri (agrikiltè a ka eksplwate tè a tout otan mèt li dakò sa), oubyen agrikiltè yo itilize tè leta. Mòd itilizasyon sa yo fè ke moun ki okipe tè a pa gen okenn vizyon de jesyon lon tèm paske tè a pa pou li.

B) Dezyèman aspè: Se vre agrikiltè a kapab posede tè men degradation anviwonman an (1-2% kouvèti forestyè pou Ayiti alòske 30-40% pou Sendomeng) pwoblém pwoteksyon basen vèsan yo vin fè ke tè sa yo vin pa itilizab, yo degrade a koz erozyon, fètilite yo diminye oubyen yo pa fètil ankò donk yo paka fè manje ankò. Lè sa rive, se swa agrikiltè a konvèti tèt li an travayè agrikòl a plen tan nan sa vle di travay nan tè lòt moun, fè ti kòb poul pran swen fanmil malman. Oubyen li ale al travay Sendomeng, imigre an Amerik Latin, oubyen antre nan kapital Pòtoprens poul chèche lavi avèk tout konsekans ke nou konnen yo.

C) Twazyèman aspè: Milye riral yo ap ibanize (la rurbanisation) moun yo ap plante beton olye yo fè agrikilti. Fenomèn sa redwi espas kiltivab kite disponib nan plèn yo. Donk vin gen mwens tè pou fè agrikilti.

D) Katriyèm ak dènye aspè: kesyon absanteyis la se yon gwo pwoblèm si nou vle ogmante pwodiksyon agrikòl la. Gen anpil moun ki posede de espas kiltivab men pou yon rezon ou yon lòt pa viv nan peyi a epi yo pa bay okenn moun eksplwate tè yo. Sa fè menm lè tè a ka fè manje li rete vid donk li pa eksplwate poul pwodwi.

2- Pwoblèm mòsèlman tè yo (la parcellisation/morcellement des terres ou faible superficie des terres cultivèes):

An ayiti sistèm de transfè byen pa eritaj la koze yon rediksyon konsiderab nan tay pasèl pou fè agrikilti kap vin pi piti chak jou (petite proprité ou minifundia). Sa fè ke chak lè yon proprietè mouri pitit yo pataje espas agrikòl ki genyen yo en ti moso kote chak moun deside de ki itilizasyon lap fè ak ti mose tè pal la. Oubyen pwoblèm ekonomik ka fè yon agrikiltè vann tè kel genyen ti kal pa ti Kal ak lòt moun pou fè kay poul siviv. Sa sèvi de fren ak tout aksyon kita dirijel nan sans modènizasyon sektè agrikòl la ou ta transfòmel an yon veritab bizniz janl ye nan lòt peyi.

Solisyon :

-Fè sa nou rele "Remembrement". Sa vle di mete agrikiltè yo ansanm pou elaji sipèfisi kiltive yo konsa lap pi fasil pou fè modènizasyon ak itilize teknoloji nan pwosesis pwodiksyon an.

-Epi etabli gwo propriyete sou tè leta ki lib men ki kiltivab yo avèk akò leta a.

3- Pwoblèm ensekirite fonsyè/mòd itilizasyon tè yo (tenure foncière):

Youn nan pi gwo pwoblèm ki fé anpil moun ezite envestisman an ayiti se pwoblèm dwa propriyete. Sektè agrikòl la pa epanye de sa. Anpil fwa moun kap travay tè a li pa an sekirite sou li paske yo ka deposedel nenpot ki lè sitou pou moun kap fè agrikilti sou tè leta yo. Anplis, lè se lwe agrikiltè a lwe tè a, oubyen li pranl demwaye oubyen izifri, objektif li se maksimize rant li sou tè sa. Sa fè ke li pa enterese fè okenn envestiman ki kapab ede pwoteje espas la pou eksplwatel dirableman. Ankò, sa sèvi baryè ak tout modénizasyon agrikilti a.

4- Agrikilti a pa mekanize (yon eleman esansyèl ki dwe pran an kont nan tout politik agrikòl serye nan tout peyi):

Mekanizasyon agrikòl jwe yon wòl enpòtan nan agrikilti. Li pèmèt operasyon kiltiral (preparation sol, plante, rekòlte etc...) yo fèt pi vit e pi byen epi pèmet meyè devlopman plant yo ki pral aji pozitivman sou randman yo (sin fè ipotèz ke lòt kondisyon yo reyini, nan ekonomi nou ta di “caeteris paribus”).

Nan peyi endistriyalize yo modènizasyon agrikilti (mekanizasyon, etc..) a te enpozel an menm tan ke devlopman endistriyèl la paske genyen yon transfè natirèl ki fèt de sektè agrikòl la kote machin yo ranplase yon bon pati nan moun yo epi libere mendèv sa yo pou ale nan sektè endistriyèl kote ke endistri yo etabli yo pi souvan nan gran vil yo (Dans le processus d'industrialisation l'augmentation de la productivité agricole due à la modernisation profite à l'industrie du moins en termes de main-d’œuvre).

Jodi a Agrikilti a kontribye pou mwens ke 2% nan PIB (Produit interieur brut) nan peyi devlope yo (sa vle di ekonomi yo divèsifye) epi pousantaj anplwa sektè agrikòl la kreye pa rapò ak anplwa total nan ekonomi yo pase de anviwon 45% a 26% de 1991 a 2021 (selon done Bank Mondyal) yon bès ki kapab kontinye avèk nouvo teknoloji ki rele "Entelijans Atifisyèl" la (modernisation oblige et force la transition). Men an Ayiti sektè agrikòl la reprezante 50% de anplwa total (population active) nan ekonomie an (FMI, 2020) pou 25 % nan PIB a. Sa ki ta vle di nou gen yon ekonomi ki konte anpil sou sekte primè a pou fe kwasans ekonomik epi kreye anplwa.

Men an ayiti nou asiste ak yon egzòd riral kote ke moun yo kite milye riral la pou vin konsantre nan vil yo san ke tranzisyon agrikilti endistri a pa fèt. Sa vin ba ou ibanizasyon non planifye (bidonvilisation de nos villes), non kontwole, pwomiskwite, sa kreye yon rezèvwa de resous pou alimante ensekirite ak kriminalite etc.

Si se vre nou konstate mouvman popilasyon (oubyen mendèv agrikól la) de sektè agrikòl la (secteur primaire) ou de milye riral yo a gran vil yo se pa sektè agrikòl la kap modènize ou mekanize menl fèt pito nan detriman sektè agrikòl la ki vin pa gen ase moun pou kontinye travay paskel pako mekanize ase. Jodi a yon moun kap fè agrikilti pata renmen pitit li vini yon agrikiltè paske agrikilti a tounen yon aktvite degradan an menm tan li pa rantab ak non vyab. E se sak fè anpil agrikilté vann tè bay diaspora pou fè Kay, yo achte moto pou fè Taksi oubyen pou voye pitit yo nan lòt peyi.

NB: Agrikilti modèn pa fèt san mekanizasyon. Men mekanizasyon an dwe antre nan yon kad global de devlopman sektè agrikol la oubyen ekonomi peyi an jeneral kap genyen ladan tou devlopman “agwoendistri” paske mekanizasyon an antre an konkirans dirèk ak moun kap vann mendèv yo pou fè operasyon kiltiral yo.

5- Fèb disponiblite men dèv agrikòl/Pri mendèv elve:

Avèk degradation anviwonman an agrikilti a vin yon aktivite ki pa vyab pa konsekan ki pa rantab. Sa vle di agrikiltè a paka viv de aktivite agrikól ke lap fè a. Donk anpil nan yo kite sa. Sa vle di vin genyen mwens optinite anplwa agrikól ki pouse travayè agrikòl yo ale sendomeng al travay. Sa fè, vin genyen yon rate nan kesyon men dèv ki fè pri men dèv la vin wo. Anplis, lavi chè a vin fè moun ki founisè mendèv yo oblije chaje anpil kòb pou yo gen mwayen siviv ak fanmi yo (Le prix d’un homme-jour a explosé). (En microeconomie on dirait "le prix d'un bien ou d'un service dépend du prix du bien ou du service et des prix des autres biens et services)

6- Entran agrikòl yo manke disponib, an patikilye semans ak angrè (pri elve entran sa yo), pa gen dlo pou wouze té yo:

Se yon veritable kas tèt chinwa a chak fwa ke agrikiltè a ap antreprann yon kanpay agrikòl poul jwenn entran.

A) Semans

Dabitid se yon pati nan rekòt la ke agrikilté a sere poul plante lòt sezon. Men sal konseve yo (Lè kanpay agrikòl la reyisi) ekspoze ak tout sòr risk ki lye ak ensèk kap detwi yo avan menm sezon an rive paske peyizan yo pa toujou gen bon mwayen konsèvasyon oubyen vòl. An plis, nan period kote pa gen Jaden (période de soudure) sitou nan zòn agrikilti fèt ak lapli yo (agriculture pluviale, qui serait de 80 à 90 % ) agrikiltè yo plis ekspoze a kesyon ensekirite alimantè kifè ke menm anvan sezon an rive li konsome sal te sere pou itilize kòm semans pou pwochen sezon an, oubyen li vann sa li te sere a pou achte lòt byen de konsomasyon esansyèl. Sa fè ke, lè sezon an rive li oblije jwenn yon kób poul achte grenn (teknikman diferan de semans) poul plante Men ki pa de kalite. sa se yonn nan fakté ki limitate a la baz yon potansyèl bon rekòt .

Solisyon :

Ministè agrikilti dwe mete sou pye yon bank de semans. Ke lap konstitiye a travé pwodiksyon ak miltiplikasyon semans nan fèm agrikòl leta yo. Oubyen bay oppotinite ak kek antrepriz prive pou pwodwi semans de kalite epi leta achte yo pou distribiye bay agrikilté yo nan diferan zòn pwodiksyon peyi a. Sa tap rezoud sousi pa rapo ak kesyon semans ke agrikilte yo toujou genyen nan komansman chak kanpay agrikòl.

B) Angrè/pestisid (biyolojik tankou: konpòs, oubyen angrè chimik derive de petwòl)

Yo jwe yon wòl enpòtan pou amelyore randman kilti yo. Men an Ayiti li reprezante "les nerfs de la guerre" paske non sèlman li pa toujou diponib sou mache a, anplis pa gen sibvansyon bò kote leta kifè ke moun ki genyenl ki benefisye de yon estrikti mache de monopòl ou oligopòl yo fè mache nwa avèl. Se yon prensip de baz nan ekonomi, lè yon byen ra li vin chè (principle de l'offre et de la demande). Leta dwe gen monopol sou desizyon kap pran pou rann angrè a disponib epi aksesib.

Solisyon:

Mwen pwopoze 3 solisyon pou kesyon angrè a:

1) Swa lete bay opotinite ak de moun nan sektè prive pou achtel Venezuela oubyen nan lot peyi ki ka bay li ak yon pri preferansyèl nan kad yon akò bilateral epi leta fikse yon pri minimum ak yon maksimum epi konkirans lan sou mache a ap determine pri ekilib la.

2) Ou byen leta achte angrè a li menm li vann Ii ak yon pri kel fikse sou mache a a travè biwo agrikòl kominal yo avèk yon strikti de kontwol pou minimize koripsyon. Pou sa leta ka itilize pò ke li genyen a travè peyi a pou ke livrezon angrè a pa santraize nan potoprens. Sa pral pemèt evite yon ansanb de kou transpò ki takapab ajoute sou pri de baz la.

3) Valorize deché kwizin ak deché kilti, dejeksyon bèt yo nan fé konpòs ki kap sevi kom angrè natirèl ki a meyè pri pa rapò ak angré chimik lan epi ki pa gen okenn efè segondé sou anviwonman an kontrèman ak angrè chimik lan kote rezidi yo ka polye nap freyatik yo.

C) Pwoblèm dlo/secherès: Pou sevi ak an gre fok gen dlo pou absopsyon an fèt.

Anwiwon 80-90% tè agrikòl yo se agrikilti plivyal ki pratike sou yo (fòk nou presize tou ke 70-75% teritwa Ayiti se mòn, sa vle di majorite teritwa kote ki ka fè manje yo gen anpil kise mòn tou donk ki pa adapte pou ta fè irigasyon ak teknik òdinè yo, byenke nan agrikilti modèn gen teknik irigasyon ki devlope pou fè agrikilti nan mòn (Agriculture de montagne), men enklinezon tè a(sa nou rele pant lan) pa dwe depase 45% (depase 45% se forè pou etabli sou yo, men se pa objè atik sa). Sa vle di se lè gen lapli regilye ke sezon an bon. Lè pa gen lapli, pa gen dlo disponib pou wouze tè yo malgre gen anpil zòn nan plèn ke rivyè pase tou pre ou nan mitan yo men Jaden moun yo ap seche paske pa gen systèm irigasyon ki konstwi sou yo (men enpotans kanal sou rivyè masak la) ak anpil lòt rivyè ki gen potansyèl pou irigasyon nan peyia. Anplis, nan zón ki gen sistém irigasyon yo anpil nan yo ansyen, yo pa fonksyone byen paske swa pa gen mentnans ki fè ke yo kapab transfòme pito an menas paske yo vin facilite inondasyon tè yo, oswa jesyon yo pa byen fèt. Sa fè anpil fwa yo konn sous konfli ant agrikiltè yo.

Solisyon pou pwoblèm dlo a:

1- Pou rezoud pwoblèm dlo nan agrikilti a fòk dabò li disponib. Sa vle di nou dwe pwoteje tout basen vesan yo, rebwaze espas oubyen tou zòn kote rivyè yo pran nesans yo. Deklare yo kòm zòn pwoteje, epi mete yo sou prwoteksyon leta a travè BSAP (Brigade Speciale des Aires Protegées) ak FAD’H(Lame Dayiti) epi byen ekipe kò yo pou yo gen mwayen fè travay yo.

2- Answit elabore yon pwogram massif pou konstwi kanal irigasyon sou tout tè ki ka irige yo, non selman priz yo men tou kanal segondé pou distribiye dlo a sou té yo.

3- Pou Zòn kipa gen rivyè men ki gen tè irigab se pou nou fè foraj pou monte ak dlo a answit distribiyel.

4- Adopte teknik irigasyon ki pi modèn yo tankou irigasyon gout a gout pou yon itilizasyon optimal dlo a.

5- Konstwi lak de retni pou kenbe dlo a epi itilizel nan moman sechrès.

6- Pou Zòn montay yo, nou ka konstwi de gran rezevwa pou kenbe dlo a nan peryòd gen lapli epi lè sechrès distribiyel pa gravité (Irrigation par gravité).

7- Fèb aksè ak kredi agrikól/asirans agrikòl:

Nan tan pase yo te gen yon strikti fonksyonèl nan Ministé Agrikilti ki te rele Bank Kredi Agrikòl (BCA) ki te konn founi asistans finansyè ak agrikiltè yo men sa fè yon bon tan ke estrikti sa pa fonksyone ankò el fè plas natirèlman ak koperativ de kredi ak enstifisyon mikrofinans yo ki se de biznis prive kap chaje agrikiltè yo to denterè ki wo ki ale jiska 3% pa mwa (an pasan ke enstitisyon yo chaje moun kap fè ti komès yo tou). An jeneral agrikiltè yo pa gen aksè ak kredi paske enstitisyon finansyè oubyen mikrifinans yo (byenke mikrofinans yo fè yon ti efò dènye ane sa yo) jije ke aktivite agrikòl la twò riske epi pa rantab ase kita ka pèmèt yo ranbouse sa yo prete. Agrikilté a pa gen kolateral poul bay an garanti answit aktivite agrikòl yo tou pa kouvri pa asirans agrikòl pou sipòtel nan ka kotel ta pèdi rekòt la pou yo rezon oubyen yon lòt. Sa fè kredi agrikòl ak sibvansyon ki ta pèmèt yo kouvri kou varyab ke aktivite agrikól la mande ak lòt envestisman ki nesesè yo paka fèt. An rezime agrikiltè a livre ak li menm paske leta pa jwe wòl li nan sipòte sektè a nan sans sa.

Solisyon :

1- Reyaktive BCA nan Ministe agrikilti oubyen mete yon strikti bank agrikòl otonòm pou bay sipò finasye inikman ak moun ki nan pwodiksyon agrikòl. Prete yo ak yon to entere zewo avan kanpay agrikòl yo komanse de montan ke yo kapab remèt apre rekòt olye de yon ranbousman mansyèl janl ye nan anpil enstitisyon mikrofinan ak koperativ yo.

2- Pou yon meyè strikti, leta ta kapab tou pase pa enstitisyon finasyè ki disponib yo pou sibvansyone kredia a, pou absobe yon pati nan to enterè ke agrikiltè a ta gen poul peye sou montan kel prete a.

3- Asire yo ke kredi ki bay la pa detounen vè lòt aktivite pou li sèvi inikman pou aktivite agrikòl.

9-Pwoblèm rechèch / vilgarizasyon agrikòl / asistans teknik: fèm agrikòl de rechèch pou amelyorasyon vejetal:

Rechèch nan kesyon agrikilti jwe yon wòl enpòtan. Li pèmèt semans yo bay meyè pèfomans nan amelyore randman yo a travè seleksyon meyè varyete yo, nan nouvo teknik miltiplikasyon vejetal, nan amelyore resistans yo pa rapò ak yon seri de maladi, oubyen kondisyon anviwonmantal ostil. An Ayiti ministè agrikilti se prensipal enstitisyon kite konn jwe wòl sa nan kesyon rechèch agrikòl menm si gen yon nivo yo pa janm atenn. Men jodi a sitiyasyon an kritik lé nou gade ke fèm agrikòl leta yo (kite konn jwe yon gwo wòl tou nan fòmasyon teknik etidyan nan fakilte Agwonomi Damyen).

Tout esè relans agrikilti a pase omwens pa ouvèti fèm agrikòl sa yo nan diferan ekosistèm agrikòl a travè peyi a. Sa ap pèmèt ke agrikiltè a genyen an amon yon estrikti kap panse pou li. Sèvis vilgarizasyon Ministè Agrikilti gen yon wòl esansyèl poul jwe nan sa pou vilgarize tout inovasyon kap fèt nan sektè agrikòl la a travè kad teknik li yo nan akonpaye agrikiltè yo a travè peyi a.

Men tou sektè prive a kapab antre nan kesyon envesti nan pwodiksyon ak transfómasyon. Konsa yap enterese tou nan kesyon rechèch agrikòl kap fè yo fè plis kòb pi devan.

Transfòmasyon an non sèlman se yon mayon enpòtan nan filyè agrikòl men li trè rantab. An menm tan li gen yon efè pull (Pull effect) paske li sitimile agrikiltè a pwodwi plis pwiske mache a deja disponib. Konsa agrikiltè a kapab fè yon meyè planifikayon pwodiksyon yo a mwayen ak lon tèm epi vin pi solvab poul jwenn kredi nan enstitisyon finansyè yo.

10- Pwoblèm ensekirite jeneralize patikilyèman nan zòn agrikòl yo/ aksè ak mache yo:

Sa fè anviwon 5 lane ke pwoblèm ensekirite ap wonje peyi a men sa afekte sektè agrikól la tou nan sans ke gen de zòn pwodiksyon ki anba kontwól bandi (Tankou nan depatman latibonit) sa ki anpeche agrikiltè yo travay tèt frèt janl te ye avan. Sa fòse yo kanpe pwodiksyon nan zòn sa yo. Zòn pwodiksyon ki pa fè fas ak ensekirite gen pwoblèm pou ekoule pwodwi yo nan gran zòn konsomasyon yo tankou nan pòtoprens paske peyi a koupe an plizyè moso a koz aktivite gang yo ki bloke vwa de pasaj yo. Pwoblèm sa kontinye frape antrepriz agrikòl ak agrikiltè yo epi provoke yon rediksyon konsiderab nan aktivite yo. Sa akselere pwosesis de sibstitisyon de pwodwi lokal yo ak pwodi dominiken, Ameriken, elatriye.. Sa ta vle di Ayisyen ap finanse agrikilti Dominiken an plis d mendèv ke nou bayo donk kontinye akselere depandans alimanté Ayiti pa rapò ak Sendomeng. Donk nou antre nan yon sèk visye ke sèl popilasyon Ayisyen an kapab kase janl komanse fè nan kanal Wanament la paske pa gen dirijan (desten nou se nan men nou) men fòk li pi òganize. Tout pwoblèm ki frape agrikilti peyi a li se yon avantaj dirèk pou Sendomeng.

11-Pwoblèm nan Tarif dwanye ki aplike yo:

Depi ane 80 yo dirijan Ayisyen yo antre nan yon pwosesis liberalizasyon mache a sou enjonksyon Enstitisyon Breton Woods yo tankou FMI ak Bank Mondyal nan aplike politik de stabilizasyon ak ajisteman stritirèl ki mande liberalizasyon ekonomi an. Sa fèt nan bese trè ba ou mete a zewo tarif dwanye yo pou favorize pwodwi enpote yo antre. Mezi sa yo afekte sektè agrikòl ak endistri lokal yo paske yo destriktire mache a epi kreye yon dumping ki vle di byen enpòte yo vi pi bon mache ke sa ki pwodwi sou plas yo. Diferans pri sa bese demand pou pwodwi lokal epi detwi endistri lokal yo sa ki akselere enpòtasyon byen ki abouti ak yon balans komèsyal defisitè pou peyi a. Dumping sa tou se rezilta sibvansyon ke agrikiltè swa Ameriken ou dominiken resevwa nan men gouvènman lakay yo pou pèmèt ke pri byen yo rete ba alòske agrikiltè ayisyen an pa resevwa okenn sipò nan men leta Ayisyen pou pèmèt li pwodwi plis ou pi byen ak pi ba kou. Tout sa yo koze yon konpetisyon delwayal ant byen ki enpòte ak sa ki pwodwi lokalman epi detwi agrikilti peyi a paske loske agrikiltè yo paka kenbe ankò yo bay sa vag epi antre pito nan ti komès (byen enpòte) pou anpil nan yo oubyen al nan lòt peyi si opotinite a prezante ak yo.

Ann konsidere 2 tip de tarif : Tarif OMC konsolide kise tarif maksimòm ke peyi yo ka aplike sou pwodwi enpòte yo ke yon peyi paka depase (plafond), epi tarif aplike kise tarif ke leta peyi a aplike an reyalite sou pwodwi yo. An ayiti nou adopte nivo ki pi ba yo. Egzanp kek pwodwi ak tarif ki aplike sou yo selon done Ministè komès ak Endistri (MCI, 2017): Diri (tarif aplike: 3% aloske tarif konsolide a se 40% ), Mayi ak pitimi (Tarif aplike 15-20% aloske tarif konsolide a se 50%), pwa (tarif aplike 4-5% tandis ke tarif konsolide a se 5-20%), ze poul (tarif aplike 10%, tandiske tarif konsolide se 20%) pou nou site sa yo sèlman.

Si nou fè yon diferans ant tarif ki aplike yo epi tarif konsolide yo nou rann nou kont genyen posiblite pou leta ayisyen ajiste tarif yo pou pwoteje pwodiksyon lokal la. Pou Diri genyen yon maj de 37%, pou mayi ak pitimi nou gen yon maj de 30%, pou pwa maj de 15%, pou Ze poul ou gen yon maj de 10% ke nou ka jwe souli. Sa vle di si gen gouvenman kap defann entere peyi a gen aksyon ki ka pran pou amelyore konpetitivite pwodwi lokal pa rapò ak pwodwi enpòte yo nan nivo mache lokal la.

Solisyon :

Kèlkeswa envestisman ki ta fèt nan sektè agrikòl la an Ayiti li dwe akonpanye de yon refòm Dwanye pou reyajiste tarif yo pou takse pi wo pwodwi enpòte yo epi rann yo pi chè sou mache ayisyen an pandan nap sipòte pwodiktè lokal yo pou pwodwi plis pou satisfè mache a epi ekspòte. Donk nou dwe adopte yon modèl de pwodiksyon kap fè "sibtitisyon ak enpòtasyon" sitou pou pwodwi ke nou genyen avantaj konparatif ak konpetitif yo. Sa pral amelyore tou kesyon depresiyasyon goud epi a mwayen, lon tèm lè nou fin stabilize ekonomi an nou kapab pratike devaluation goud la pou ranfòse konpetitivite sou mache entènasyonal la de byen nap pwodwi yo konsa nap ka pran avantaj ke mache entènasyonal la ofri. Leta a ka ogmante tarif yo de manyè gradyèl epi enpoze kote denpotasyon poun enpòte egzakteman kantite ki manke a (sa vle di diferans ant kantite konsome ak kantite ke nou pwodwi) pandan ke nap amelyore pwodiksyon agrikòl nasyonal la jiskaske nou atenn otosifizans donk kanpe enpotasyon byen agrikòl ke nou ka pwodi yo .

12- Refòm fiskal:

Kesyon dwanye pa mache san refòm fiskal. Fòk leta a ogmante presyon fiskal lan ki jodi a 6% poul kapab genyen ase resous pou finanse sektè agrikòl la poul pèfòman. Fòk nou konbat evazyon fiskal, refòme kòd fiskal la, mete plis kontwòl pandan nap itilize teknoliji modèn yo pou kontwòl yo. Konsa nap kapab pi efikas, efisyan nan fè tout moun peye sa yo dwe peye.

Answit, bese taks sou expòtasyon byen agrikòl yo ak agroendistriyèl yo pou ankouraje pwodiksyon pou expòtasyon ki pral atire envestisman nan sektè agrikòl peyi a[1].

  1. « Ayiti Agrikilti nan kontèks konstriksyon kanal irigasyon sou rivyè masak la (Ayiti/Repiblik Dominikèn). » (in anglais). Retrieved 2023-11-19.