Selmy Accilien
Image illustrative de l’article Selmy Accilien
Biyografi
Nasyonalite Ayiti
Nesans (31 ane)
Gwomòn, Gonayiv
Aktivite Ekriven
Otè
Jan literè Woman, Pwezi
Zèv prensipal

Selmy Accilien, rele pafwa Seldjy, ki fèt 24 desanm 1992 nan Gwomòn nan Gonayiv (Ayiti), se yon powèt ayisyen.

Biyografi modifye

Li fè etid primè li nan Pòtoprens ak etid segondè li nan Gonayiv. Nan menm vil sa li etidye sikoloji nan Inivèsite Joseph Claude Bernard (2017- 2021) epi syans edikasyon nan Inivèsite École Supérieure Isaac Newton (ESIN). Pasyon li genyen pou lang fransè te pouse li antre al etidye Alliance Française, li soti ak yon diplòm DELFB2. Li anseye filozofi, sikoloji, literati ak lang fransèz nan plizyè kolèj nan vil kote li ap viv la.

Li se youn nan pi gwo powèt vil Gonayiv bay pou jenerasyon li a. Liv li yo pibliye nan lang kreyòl ak nan lang fransèz nan peyi Lafrans ak Ayiti.

Li patisipe nan plizyè rekèy kolektif e antoloji nasyonal ak entènasyonal. Powèm li yo pibliye nan jounal Le National, nan magazin Coucou ak nan lòt zèv kolektif. Li ap travay sou lòt jan literè, tankou : Woman ak esè.

Tèks li yo te pibliye nan Revue brestoise nan Frans, nan revi Baobab nan Kamewoun, nan Ayiti.

Nan lane 2014, li te patisipe nan "Livres en folie" avèk liv li a ki rele Vag yo pran egzil.[1]

Li kontinye travay ak « Editions de la rosée » pou li ankadre jèn otè. Selmy fonde yon klèb, yon gwoup powèt ki rele Des fleurs et des poèmes nan lane 2017. Powèt la swete tout konpayèl plim li yo kontinye li, ekri sa yo viv.[2]

Zèv li yo modifye

  • 2012 : Passion du silence, piblikasyon ak kont otè
  • 2014 : Vag yo pran egzil, edisyon Des Vagues, Pòtoprens
  • 2016 : Sur la tige de l'amour, edisyon Du Pont de l'Europe, Frans, 64 paj, liv sa te rive finalis nan konkou Prix de l’Académie Française, Phelps Antony te rive pran. (ISBN 978-2-36851-094-0)
  • 2017 : Et tu m'as dit, edisyon Du Pont de l'Europe, Frans, 56 paj, (ISBN 978-2-36851-151-0)
  • 2018 : Des mots pour nourrir la vie, edisyon Des fleurs et des poèmes, zèv kolektif
  • 2019 : Ti koze bò lanmè, edisyon De la rosée, tradwi an franse (Des mots sur le rivage, vèsyon jiskaprezan inedi)[3],[4]
  • Lagrenn, (liv sa a pa pibliye)
  • 2021  : Un printemps qui finit à mes pieds (ISBN 978-2-36851-680-5)[5]

Referans modifye

  1. (franse) fr « Vers la deuxième édition du festival littéraire Pawoli ». lenouvelliste.com. 20 fevriye 2018. Retrieved 7 janvye 2019. 
  2. (kreyòl ayisyen) ht Marvens Jeanty (30 mas 2020). « Selmy Accilien « mwen ekri pou m esprime lanmou sou tout fòm » ». kreyoliti.wordpress.com. KreyoLiti. Retrieved 23 oktòb 2021. 
  3. (franse) fr Jephthé Sem Sanon (20 oktòb 2018). « Ti koze bò lanmè : un poème dualisme entre patriotisme et l’amour ». desfleursetdespoemes.wordpress.com. Retrieved 23 oktòb 2021. 
  4. (franse) fr Ricot Marc Sony (5 mas 2019). « Selmy Accilien signera « Ti koze bò lanmè » aux Gonaïves. ». rezonodwes.com. Archived from the original on 2021-10-23. Retrieved 23 oktòb 2021. 
  5. (franse) fr « Un printemps qui finit à mes pieds ou les complaintes d'un deuil inachevé ». lenational.org. Retrieved 25 janvye 2022. 

https://editionsdupontdeleurope.eproshopping.fr/1593980-Un-printemps-qui-finit-a-mes-pieds-Selmy-Accilien.html

https://lenational.org/post_article.php?cul=147

https://desfleursetdespoemes.wordpress.com/2019/01/26/ti-koze-bo-lanme-carte-blanche-pour-le-poete-selmy-accilien/

Lyen deyò modifye