Sitadèl-Laferyè

Sitadèl-Laferyè se youn nan pi gwo moniman nan peyi Ayiti. Li sitiye nan komin Milo nan peyi a ki sou yon mòn nan do vil Sen-Rafayèl. Se Anri Kristòf, youn nan ewo endepandans nou yo, ki te bati li nan zòn sa a. Kote batiman sa a sitiye a te ede wa a defann wayòm li kont lòt peyi ak lòt pati nan zile a ki te gen yon lòt gouvènman nan tèt li. Jodia, Sitadèl la se youn nan pi gwo mèvèy nan lemond.

Sitadèl Laferyè.

Nan lane 1982 INESKO te klase li kòm yon patrimwàn mondyal. Li se fyète tout ayisyen[1].

IstwaModifier

Se yon fòterès yo te bati aprè Ayiti fin pran endepans li nan lane 1804 pou defann pati nò a nan peyi a pou si Fransè ta deside retounen. 20 000 moun te patisipe nan travay pou te bati li pandan 14 ane. Pami travayè sa yo, 2000 te mouri (fè vwal pou peyi san chapo) pandan travay yo. Daprè gid touristik ayisyen yo, se melanj mòtye ak san moun sa yo ki fè foterès solid konsa.

Aprè tranbleman tè ki te pase nan peyi a, nan lane 1842, batiman an te andomaje anpil. Men travay òganis ki rele "Institut de sauvegarde du patrimoine national" (Enstiti sovgad patrimwàn nasyonal) (ISPAN) te pèmèt yo pote anpil reparasyon nan batiman li.

BibliyografiModifier

  • Hinson, Rebecca (2017) Sitadèl Laferyè: Atizay Ayiti, Rebecca Hinson Publishing.

ReferansModifier

  1. (franse) fr Philippe, Jean Alex Jean Louis. « Zoom sur Haïti | La Citadelle La Ferrière de Milot, une des perles de notre pays ». Retrieved 14 septanm 2018. 

Lyen deyòModifier