Solèy (senbòl ː ☉) se etwal nou. Planèt yo ak lalin nan kap vire alantou solèy la fòme sistèm solè nou an. Syantis yo voye nan lespas navèt espasyal kap vire alantou tè ya tankou yon satelit. Syantis yo voye navèt espasyal, ki se yon sonn pou lòt planèt yo. Satelit ak sonn yo voye enfòmasyon retounen sou latè. Selon enfòmasyon sa yo fè nou konnen ke tout planèt ak lalin yo genyen anpil bagay ki menm jan. Se menm jan tou nou konnen genyen anpil lòt fason yo diferan yon ak lòt.

Solèy la.

Yon galaksi se yon pakèt etwal ki gwoupe ansanm. Solèy la se yon n nan paket etwal yo ki nan galaksi nou an. Tout etwal yo genyen menm pwopriyete chimik. Genyen etwal ki gwo. Genyen etwal ki piti. Genyen etwal ki granmoun. Genyen etwal ki jenn. Genyen etwal ki pi cho pase lòt.

Genyen anpil milye galaksi nan monn nan. Galaksi sa yo genyen anpil bagay ladan yo ki sanble avek galaksi pa nou an. Yo fèt avèk men m eleman, men fòs, e se men m kalite fòm enèji ke nou jwenn nan sistèm solè nou an. [1]

Tradiksyon

modifye

Etimoloji

modifye

Mo solèy la soti nan lang franse a (soleil) ki soti nan yon mo laten (sol).

Referans

modifye
  1. « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2004-11-29. Retrieved 2009-11-13. 

Lyen deyò

modifye