ADN oubyen A.D.N. [adeyèn] abreje oswa sig pou Asid Dezoksiribo Nikleyik (abreje DNA ann anglè), molekil chimik fondamantal ki karakterize kwomozòm yo anfòm yon doub elis ki tòdye nan echèl chaje ak nikleyotid ki kole youn dèyè lòt. Se nan molekil ADN nan lamedsin jwenn tout enfòmasyon jenetik patikilye ki konsène yon moun.

ADN

Nan yon moun ki nòmal, ADN lan gen 46 kwomozòm, 23 ke yon moun erite de papa li, e 23 ke li erite de manman li. Gen de (2) tip de kwomozòm, X ak Y. X la gen plis jenn ladan li--- le de yon moun gen 2X kwomozòm, yo konsidere li kòm yon fimèl biyolojik. kwomozòm Y la li menm gen mwens jenn la dani--- le yon moun gen yon Y kwomozòm, ak yon X kwomozòm, yo konsidere moun sa kòm yon mal biyolojik. Jèn lan se inite jenetik setadi pi piti antite jenetik ki gen enfòmasyon pou pwodiksyon pwoteyin. li enpòtan pou note ke denyè etid ki fèt nan molekil biyoloji--- biyoloji ki etidye strikti ak mekanis molekil ki rantre nan fonksyon lavi-- sijere ke X kwomozòm lan la avan Y kwomozòm lan. Yon konklizyon ki sijere konsekansyèlman ke fanm la avan gason ki ta vle kontredi listwa genex ki de ke Èv te kreye ak kòt Adan. ADN lan ou ak vizyalize li kòm alfabè lang biyolojik la, kwomozòm yo kòm vwayèl ak konsòn, jèn yo kòm lèt, finalman Pwoteyin ke jèn yo pwodui yo kòm mo nan lang lan.

Enpòtans molekil ADN lan enfiltre plizyè aspè ekonomik ak sosyal--- li jwen yon kokin chenn wòl nan pwodiksyon vaksen ki baze sou etid jenetik yon bakteri ki pèmèt konpayi medikal yo fè yon bokit lajan, e kote yon pakèt moun arive gen iminite kont yon pakèt maladi enfektyèz. Enpòtans ADN nan syans forenzik se gwo koze-- syans forenzik se syans kriminolojik ki gen pou li we ak jistis ou pwose legal. Nan syans sa, yo itilize ADN kòm yon sinyati biyolojik ki eskliziv ak chak endividi (eksèpte vrè marasa) pou pwouve kilpabilite ou inosans.

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye