Ernst Mirville
Nesans (84 ane)
Pòtoprens
Nasyonalite ayisyen
Peyi nesans Ayiti
Diplòm
Fakilte Medsin ak Famasi, Fakilte Etnoloji

Ernst Mirville, rele tou Pyè Banbou, ki fèt 30 jiyè 1940 nan Pòtoprens nan depatman Lwès, se yon lengwis, yon sikològ, yon powèt ak ekriven ayisyen.

Li se manm Akademi Kreyòl Ayisyen.

Biyografi

modifye

Li fè klas primè li nan lekòl Janmari Giyou, tout moun konnen sou non Teyat. Li te fè klas segondè li Seminè. Li etidye nan Inivèsite Leta Ayiti kote li pran yon diplòm nan medsin nan lane 1966 (Fakilte Medsin ak Famasi) ak yon lòt nan Antwopoloji-Sosyoloji (Fakilte Etnoloji) nan lane 1971.

Nan lane 1987 Ernst Mirville te manm premye Konsèy Elektoral Pwovizwa peyi a. Nan lane 2000 li te vin prezidan Konsèy Elektoral ki te organize eleksyon ki te mennen Prezidan Aristid sou pouvwa a youn dezyèm fwa. Mirville te viv prensipalman kòm medsen epi kòm chèchè. Li patisipe nan plizyè òganizasyon kiltirèl ak sosyal ː li kreye G.N.A.F.(Gwoup Nasyonal Afabetizasyon ak Fòmasyon), M.T.O. (Mouvman Teyat Ouvriye), Inyon Entènasyonal Ayisyen. Nan lane 1965, li lanse òganizasyon Mouvman Kreyòl la ki te pral debouche sou kreyasyon Emisyon Solèy, Sosyete Koukouy, Lanbi Klib, Gonbo Klib, Koleksyon Koukouy, ASKONNA (Asosyasyon Konbit Natif-Natal), G.R.E.K.A. (Gwoup Etid ak Rechèch Kreyòl Ayisyen).

Li te direktè nan Enstiti Lengistik Aplike ak Kilti Afwo-Karayibeyen (E.L.A.K.A.K.). Li te deja prevwa kreyasyon selebrasyon jounen entènasyonal kreyòl. Ekip Mouvman Kreyòl la te gen yon baz teyorik pou bay pwezi kreyòl la eskanp. Li pwodui pi plis liv lengwistik pase pwezi. Travay teyorik li yo parèt tou nan liv ki rele Rechèch (1979). Li ekri rekèy pwezi adapte istwakont Lafontèn yo. Li pwopoze pwezi wongòl ak pwezi sou fòm kontchante.

Li se yon lengwis, yon sikyat, yon powèt epi yon teyorisyen literè anndan Mouvman kreyòl Ayiti a. Ernst Mirville ekri woman, gramè kreyòl ak plizyè atik nan jounal ak nan revi.

Tanbou Literè te pwopoze kandidati Ernst Mirville kòm Akademisyen.

Zèv li yo

modifye
  • 1965 ː Cahier kreyòl No 1
  • 1974 ː Deviz (Pwezi)
  • 1979 ː Rechèch (esè / pwezi)
  • 1979 ː Eléments de lexicographie bilingue : créole-français
  • 1985 ː Tim-Tim (Fab) 1973, 1985
  • 1984 ː Grammaire Créole Comparée
  • 1984 ː Siwolin, Leson kreyòl pou etranje ki pale franse
  • 1988 ː Cahier Kreyòl No 2 (Manifès Mouvman kreyòl), Face à Face
  • 1998 ː Similak (tradiksyon woman Fernand Hibbert)
  • 2000 ː Kaye kreyòl No 3
  • BILAP (Bilten Institi Lenguistik Aplike Pòtoprens)
  • 2012 ː Christophe Charles : un poète guédé

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye