Ouvri meni prensipal la

Erold Saint-Louis se yon ekriven ayisyen.

Li fè rechèch sou Vodou ayisyen an e li kwè li se yon patrimwan kiltirèl istorik Ayisyen e menm Afriken tou. Li ankouraje entèlektyèl ayisyen yo fè rechèch solid sou relijyon sa e ede moun yo konprann byenfonde l pi byen; konsa yo kapab rete move enfliyans ak koripsyon ki antre ladan li atravè listwa: la tounen nan sous orijinal li, nan Fran Ginen (Gine ?). Li kwè tou nan dwa tout moun gen pou adore sa yo vle nan relijyon yo vle san pèsekisyon.

L ap batay pou edikasyon an Ayiti fèt nan lang kreyòl ayisyen an. Konsa li deja tradwi liv soti nan lòt lanng antre nan lang ayisyen an. Li menm tou pibliye pwezi ak anpil lòt dokiman enpòtan an kreyòl. Se yon jenn militan, chèchè, pansè, atis, dramatij, dansè, aktivis sosyo-kiltirèl ki toujou ap panse ak Ayiti ak defann peyi li ak dwa moun, libète lapawòl, lavi ak panse.

Li kreye e dirije yon sit Videyo blòg (Vlòg) nan adrès elektronik sa: http://www.konbelann.blogspot.com. Li se youn nan manm fondatè òganizasyon imanitè tankou Dream For Haiti (Rèv pou Ayiti, http://www.dreamforhaiti.org) epi li kolabore ak aktif anpil nan lòt tankou Haitian Crongress To Fortify Haiti (Kongrè Ayisyen pou Fòtifye Ayiti, Konsila Jeneral Ayisyen nan Chikago kote li te fè etid inivèsitè l nan Inivèsite Shimer College (http://www.shimer.edu).

Erold Saint-Louis
Vye Ewol Shimer College 2008.jpg
Eta sivil
Dat nesans:1984
Lye nesans:Leyogàn
Peyi nesans:Ayiti
Nasyonalite : ayisyen
Zèv enpòtan:
*Bonnanj Pwezi!(Pwezi Kreyòl)

Kaye Kreyòl: Bonjou Ayisyanozofi

  • Yon Eritaj Yo Vòlè (Tèz Inivèsitè)

Tradiksyon Kreyòl Stolen Legacy pa Georges James

  • Vers et Prose de Jeunesse (Pwezi Bileng Kreyòl-Fransè)

ak Stanley Laferrire

  • Yewe Yo O! Ya Yanyan: (ap soti lòt ane)

Yon Antoloji Sekrè

Kèk not
*http://www.konbelann.blogspot.com

jenn militan, chèchè, pansè, atis, dramatij, dansè, pansè, aktivis sosyo-kiltirèl ki toujou ap panse ak Ayiti ak defann peyi li ak dwa moun, libète lapawòl, lavi ak panse.



Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


ByografiChanje

Dat enpòtan yo :

  • 1984: Li fèt Ayiti.
  • 2004: Antre nan Inivèsite nan lakou Chikago: Shimer College
  • 2007: Etid nan Inivèsite Òksfòd (Oxford), Angletè.
  • 2009: Fini Inivèsite. L ap viv ant Chikago-Nouyòk-Ayiti.

Zèv li yoChanje

  • Bonnanj Pwezi!(Pwezi Kreyòl)

Kaye Kreyòl: Bonjou Ayisyanozofi

  • Yon Eritaj Yo Vòlè (Tèz Inivèsitè)

Tradiksyon Kreyòl Stolen Legacy pa Georges James

  • Vers et Prose de Jeunesse (Pwezi Bileng Kreyòl-Fransè)

ak Stanley Laferrire

  • Yewe Yo O! Ya Yanyan: (ap soti lòt ane)

Yon Antoloji Sekrè

Lòt zèv li yo pibliye nan antoloji nasyonal e entènasyonal, nan magazin ak jounal. Li ekri kèk prefas pou zèv powèt ayisyen tankou André Fouad ki deja popilè. Li korije ak edite liv kreyòl tou pou lòt ekriven.

ReferansChanje