Harriet Jacobs
Deskripsyon imaj sa a, kòmante pi ba a tou
Pòtrè Harriet Jacobs an 1894.
Nesans
Edenton
Lanmò
Wachintòn
Nasyonalite ameriken
Peyi nesans Etazini

Harriet Jacobs, ki fèt an 1813 nan Edenton (Etazini) epi ki te mouri 7 mas 1897 nan Wachintòn (Etazini), se yon ekriven ameriken, aktivis aktif pou abolisyon esklavaj.[1]

Biyografi

modifye

Harriet Jacobs se yon ansyèn esklav afriken ameriken ki fèt Edenton, Kawolin dinò. Sove anba pwopriyete abizè li a ak mèt li ,[2] li kache pandan sèt (7) ane nan ti chanm nwa ki sou grenye kay grann li a, yon esklav libere. Apre li te genyen libète li nan Nouyòk, Harriet Jacobs te rantre nan rezo abolisyonis yo e li te fè kanpay avèk yo. Travay lajounen kòm yon nouris pou pitit Nathaniel Parker Willis, lannwit li pral ekri otobiyografi li, Incidents in the Life of a Slave Girl, written by herself, ke li pral pibliye pandan lavi li epi vann tèt li nan lòd yo pibliye anlè lanfè esklavaj ak pou genyen abolisyon li yo.

Yo antere li nan simityè Mount Auburn nan Cambridge, Masachosèt.

Harriet Jacobs te onore nan senpozyòm The Legacies of Sisterhood ki te òganize pa inivèsite Pace sou 6 ak 7 oktòb 2006 nan Nouyòk . Travay li te pibliye nan plizyè lang ak kòmantè sou pa istoryen ameriken an Jean Fagan Yellin.

Gade tou

modifye

Referans

modifye
  1. en « Harriet Jacobs | American abolitionist and author ». Encyclopedia Britannica. 2 jen 2017. Retrieved 21 novanm 2017. 
  2. en « Author of freedom, Harriet Jacobs | African American Registry ». aaregistry.org. Archived from the original on 2017-10-18. Retrieved 21 novanm 2017. 

Lyen deyò

modifye