Etazini

peyi nan Amerik dinò

Etazini, ki gen pou non ofisyèl Etazini nan Amerik, se yon peyi ki sitiye nan Àmerik ki sou zòn nò. Se yon repiblik federal baze sou konstitisyon e ki gen yon rejim prezidansyèl. Se yon ansyen koloni peyi Angletè.

Etazini se yon peyi ki divize an 50 mòso ke yo rele Eta. 48 nan 50 mòso ki fè Lèsetazini yo kole youn ak lòt, ant Oseyan Atlantik kote solèy leve e Oseyan Pasifik kote solèy kouche, epi nan Nò li gen fwontyè ak Kanada e nan Sid fwontyè ak Meksik. De dènye Eta yo se Alaska ki sitiye nan nòdwès Kanada e Awayi, yon ti zil ki nan mitan Oseyan Pasifik.

Anplis, yo gen 14 lòt zile ki pa ofisyèl tribò-babò nan lanmè Karayib (Pòtoriko ak Il Vyèj) e nan Oseyan Pasifik (Gwanm, zil Mariàn ak Samoa Ameriken). Pami yo Lanavaz ke yo fè dapiyanp nan men Ayiti.

Etazini gen pou Kapital Wachintòn ki nan distrik Kolonbya, yon distrik ki pa fè pati 50 Eta yo.

Se te youn nan premyè peyi yo nan kontinan Amerik la ki te deklare endepandans li nan lane 1776.

Moun Natif

modifye

Premye moun yo nan etazini te vini de Siberia. Kilti Clovis te premye kilti an ki te gen enfliyans nan tout kote de Etazini. Men kilti natif yo te grandi ak te devni plis epi plis sofistike. Kèk kilti, kon kilti Misisipi te develope agrikilti, achitekti, ak sosyete konplèks. Estimaston de popilasyon natif nan Etazini anvan de kolonizasyon Ewopeyen kwè ke te gen antre 500,000 et 1,000,000 moun.

Kolonizasyon Ewopeyen

modifye

Kristòf Kolon te eksplore Amerik dinò nan 1492. Eksplorasyon li lakòz de koloni panyol yo. Lafrans te etabli pwòp koloni yo kole ak rivyè Misisipi. Kolonizasyon Britanik te kòmance nan Vijini. Kolonizatè Ewopeyen yo te gen anpil konfli yo avek moun natif, men yo te angaje nan komès tou avek moun natif yo. Boukantay la de maladi Ewopeyen ak plant Ameriken ak Ewopeyen te devni yon dezas pou moun natif yo ki pa te gen rezistans ak maladi Ewopeyen. De plis, moun natif fòse ak adopte kilti Ewopeyen, ak ekspansyon Ewopeyen te fòse moun natif ak deplase.

Jeyografi

modifye

Politik

modifye

Etazini se yon peyi ki chwazi demokrasi. Elèksyon ap genyen gouvènman Leta, pi gouvènman nasyonal. Prezidan ozetazini aktyèl se Joe Biden.

Ekonomi

modifye

Sosyete

modifye

Vil Etazini

modifye

Lis gwo vil Etazini :

Relasyon avek Ayiti

modifye

Popilasyon ayisyèn Ozetazini anpil-anpil. Pa egzanp, gen gwo kominote ayisyèn nan vil tankou Miyami, Nouyòk epi Boston. Genyen tou yon gwo popilasyon ayisyèn nan teritwa ameriken nan Pòtoriko.

Ansyen premye minis Jacques-Édouard Alexis rive jwenn nan men gouvènman ameriken an viza pou kèk tan pou Ayisyen ka vini Etazini lè genyen gran katastwòf nan peyi Ayiti.

Jodi a, gen anviwon de (2) milyon moun ayisyen Ozetazini.

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye
Peyi nan Amerik

Amerik dinò : Etazini · Kanada · Meksik

Amerik santral : Beliz · Gwatemala · Kostarika · Nikaragwa · Ondiras · Panama · Salvadò

Karayib : Antigwa ak Babouda · Bahamas · Lababad · Kiba · Dominikani · Dominik · Grenad · Ayiti · Jamayik · Sen Kits ak Nevi · Sen Vensan ak Grenadin · Sent Lisi · Trinidad ak Tobago

Amerik disid : Ajantin · Bolivi · Brezil · Chili · Kolonbi · Ekwatè · Giyana · Paragwe · Pewou · Sirinam · Irigwe · Venezwela

lòt divizyon politik yo

Amerik dinò : Grinlann

Karayib : Karayib olandèz · Bèmid · Kayman · Gwadloup · Giyàn franse · Matinik · Monsera · Pòtoriko · Tik ak Kayk · Il Vièj amerikèn ak britanik