Maurice Léonce

foutbolè, antrenè espòtif ak ekriven ayisyen
Maurice Léonce
Nesans (103 ane)
Jeremi
Nasyonalite ayisyen
Peyi nesans Ayiti

'Maurice Léonce, ki fèt 10 septanm 1921 nan Jeremi (Ayiti), se yon foutbolè, antrenè espòtif ak ekriven ayisyen.

Biyografi

modifye

Manman li se Angèle Étienne. Papa li se Julien Léonce, yon Franse ki fèt nan Bòdo (Frans) epi ki imigre Jakmèl answit nan Okay van li enstale nan Jeremi.

Li te fè etid primè ak Frè Enstriksyon Kretyen nan vil li a anvan li rantre nan Lise Nord Alexis nan menm vil la pou li fè etid segondè.

Foutbolè briyan nan ane 1940 yo, li te mete koulè Zetwal ayisyen an pandan y ap pratike an menm tan : animasyon espòtif, pratik miz la ak dans. Nan laj 14 ane, li te patisipe nan ekip la Voldrogue de Jeremi.

Nan laj 21 ane, li te vin yon enstriktè espò.

Nan fen karyè foutbòl li, li te konvèti nan antrenè. Li te fè pati premye pwomosyon ki te fòme pa teknisyen franse Paul Baron, ki voye pa Federasyon entènasyonal Foutbòl (FIFA). Li resevwa lòt fòmasyon avèk Grèk, Georgiadis (1954), Ajanten Robertello ak Alman Ditma Krammer (1970), yon ansyen Bayern de Munich. Avèk twa (3) diplòm antrenè ak yon eksperyans long kòm yon edikatè fizik, li te angaje nan sipèvizyon jèn yo. Li te ansèyan espò nan kplèj Saint-Louis ak Saint-Joseph.

An 1964, akòz ditakti François Duvalier, li te yon refijye nan Nouyòk. An 1996, li retounen nan Ayiti aprè li te fonde yon lekòl foutbòl nan Queens avèk Franz Saint-Lot.

A laj 81 an, an 2002 li te fonde "Grand-Anse école football". An 2004, federasyon foutbòl ayisyen an, nan okazyon 100yèm anivèsè li, te deside onore li nan bay li yon diplòm antrenè pou devosyon li nan fòmasyon jèn yo.

An 2022, li prezante rekèy pwezi Poèmes de la Grand'Anse.[1]

Zèv li yo

modifye
  • 2022 ː Poèmes de la Grand'Anse

Referans

modifye
  1. (franse) fr Frantz Duval (14 jen 2022). « Il n'y a pas d'âge pour bien faire ». lenouvelliste.com. Le Nouvelliste. Retrieved 15 jen 2022. 

Lyen deyò

modifye