Jakmèl (komin)
Vil ki sitiye li sou kot sidès Ayiti li se chèf lye vil sa tou.
al gade paj ki genyen lis atik menm non yo.
Jakmèl se yon vil. Li te fonde an 1698.
Komin sa a se souprefekti an pou awondisman an ke gen mem non.
Pèsonalite nan relasyon avèk Jakmèl
modifye- Horace-Camille Desmoulins (1792-1825), pitit gason revolisyonè franse Camille Desmoulins (1760-1794), viv nan Ayiti an 1817 kote li marye avèk Zoé Villefranche. Yo genyen kat (4) pitit. Li mouri 29 jen 1825 nan Jakmèl .
Anpil lòt pèsonalite te fèt nan Jakmèl :
- Magloire Ambroise (1774-1807), ofisye siperyè nan lame kolonyal fransèz ak jeneral lame revolisyonè ayisyèn an, ewo endepandans Ayiti ak kosiye Lwa Endepandans Repiblik Ayiti sou 1e janvye 1804.
- Charles Moravia (1875-1938)
- Roussan Camille (1912-1961)
- Castera Bazile (1923-1966), pent
- Préfète Duffaut (1923-2012), pent
- Gérald Bloncourt (ki fèt 1926), pent ak fotograf
- René Depestre (ki fèt 1926), ekriven ak powèt. Li sitiye nan Jakmèl aksyon woman li: Hadriana dans tous mes rêves (1988)
- Fred Baptiste (1933-1974), aktivis politik ak lidè Fòs Lame Revolisyonè yo nan Ayiti (FARH).
- Jean Métellus (1937-2014), ki ekri woman Jacmel au crépuscule (edisyon Gallimard, 1981) ak rekey powèm Jakmèl : Jacmel, ma cité musicale aux lèvres tropicales.
- Ulrick Chérubin (1943-2014), majistra nan vil Amos nan Kebèk.
- Michel Adrien, majistra nan vil Mont-Laurier nan Kebèk.
- Michaëlle Jean, sekretè jeneral Organisation internationale de la Francophonie ak ansyen gouvènè jeneral Kanada ki fèt nan Pòtoprens nan yon fanmi nan Jakmèl.