Maurice Sixto
Image illustrative de l’article Maurice Sixto
Fonksyon Ekriven
Nesans
Gonayiv
Lanmò (ak 64 ane)
Filadèlfi Etazini
Nasyonalite Ayisyen
Domèn Literati

Maurice Alfredo Sixto (nan kreyòl ː Moris Siksto), ki fèt 23 me 1919 nan Gonayiv (Ayiti) epi ki mouri 12 me 1984 nan Filadèlfi, (Ozetazini), te yon jounalis, animatè, pwofesè literati, yon tradiktè, yon lodyansè, yon gid touris epi anbasadè.

Li se youn nan moun ki pi popilè nan koze literati oral nan Ayiti. Non li rete nan kilti peyi gras a yon gran travay li fè nan literati aloral, sitou an kreyòl.

Biyografi modifye

Papa li Moris Alfredo Sixto te yon enjenyè, manman li te rele Maria Bourand. Maurice Sixto fèt epi grandi Gonayiv. Li fè tout klas primè li nan lekòl Frè Gonayiv yo aprè li ale Pòtoprens kontinye etid segondè li nan li St. Lwi Gonzag kote li te komanse fè remake li pou talan lodyansè li. Bò kote manman li, li sou soti nan fanmiy Vastey. Manmanm li, pitit fi Alice de Vastey, se pitit fi Pompée Valentin Vastey ki li menm te vin Baron de Vastey sou rèy Henry Christophe. Maurice Sixto pote non papa, enjenyè Alfredo Sixto, ki te pitit Adolphe Sixto yon biznisman ki te soti nan peyi Saint-Thomas. Apèn li te fini etid segondè li, Maurice Sixto te antre nan Akademi Militè kote li te rete pou sèlman twa (3) mwa.Se pa paske se sa li te renmen men se pito paske li te vle kite kay papa li ki te marye ak yon jenn demwazèl nan laj li aprè manman li te fin mouri nan lane 1936. Maurice Sixto pa te ka sipote bagay sa.

Soti 1938 ou rive 1948, li te okipe plizyè pòs epi fè plizyè travay. Li te jounalis nan jounal Le Matin, pwofesè nan lang anglèz, animatè radyo, entèprèt nan anbasad amerikèn, gid touristik nan Agence Citadelle. Pandan tout tan sa yo li t ap etidye dwa nan Fakilte Dwa soti 1945 rive 1948. Prezidan Paul Eugène Magloire te nommen li atache près nan Anbasad Ayiti nan peyi Liberya 28 septanm 1950. Li te okipe pòs sa rive jis nan lane 1961 aprè li te ale nan peyi Kongo ak premye gwoup pwofesè ayisyen ki te ale an Afrik nan yon pwojè INESKO.

Maurice Sixto te pase nèf (9) lane Kinchasa kote li te anseye fransè, anglè, laten ak syans sosyal. Li te kritike Bèj yo kite ale kite peyi Kongo san yo pa te pote kole nan fòmasyon anseyan lokal pour pran kontinye travay edikasyon an. Se pandan ane sa yo li te pase nan Afrik li te rankontre epi marye ak Marie Thérèse Torchon ki vin dezyèm madanm li. Li te soufri maladi glokòm depi li te gen 24 lane. Li te vin pa ka wè nan lane 1969 malgre plizyè operasyon li te sibi. Akòz pwoblèm sa, li te oblije kite pòs li te okipe a nan Afrik pou li te retounen an Ayiti. Aprè li te al viv nèt nan peyi Etazini nan lane 1970. Men sa pa te anpeche li rete aktif nan peyi Etazini kote li te bay sèvis konsistan epi fè konferans sou sivilizasyon endyèn ak afrikèn. Jou ki te 4 jiyè 1976, majistra vil Philadelphie a te onore li nan okazyon yo t ap selebre 200 lane endepandans Etazini. Premyè dam amerikèn nan, Jacky Kennedy nan epòk sa te chwazi tankou envite donè yon dine li t ap òganize nan lane 1963 pou leve fon pou maladi lesemi. Li te resevwa tou pri pi bon lodyansè an New York nan lane 1979 epi pi bon konferansye nan Philadelphie nan lane 1984.

Yo konsidere Maurice Sixto pami pi gran komedyen ayisyen yo.

Gen yon fondasyon ki te kreye nan non li an 2014 pou fè pwomosyon edikasyon ak kilti ayisyèn.

Zèv li yo modifye

Premye zèv modifye

  • 1974 : Volim I Lea Kokoy Madan Ròròl.
  • 1977 : Volim II Zabèlbòk Berachat Bòs Chaleran.
  • 1977 : Volim III Ti Sentaniz Madan Senvilus Lòk Tama Pè Tanmba.
  • 1978 : Volim IV Gwo Moso Ti Kam Tant Mezi Ronma lan ekspò Priyè devan katedral.
  • 1978 : Volim V J'ai vengé la race Dépestre ; Le corallin du Célibataire ; Les ambassadeurs à Kinshasa.
  • 1979 : Volim VI Madan Jul Ton chal ; L'homme citron Men yon lòt lang Pleyonas Téofil ; Le jeune agronome Général Ti Kòk ; La petite veste de galerie de Papa.

Zèv ki pibliye aprè lanmò Maurice Sixto modifye

  • Antèman Bèlmè
  • Chofè taksi
  • Dictatures
  • Elie Lescot
  • Emil toutou
  • Fèt nan Bèlè
  • Gede san fil
  • Ki klas ou fè ?
  • La boutique de Mantilò
  • La morale de l’histoire
  • La prescription
  • Le directeur
  • Machann fritay ri Doktè Obri
  • Machann poul
  • Machann pwason Kwa-Bosal
  • Mantoutoun ak Krisyan
  • Mantoutoun ak mesye Marè
  • Pa achete kredi
  • Pa nan Betiz
  • Ti kana
  • Tonton Jamil
  • Solisyon chimik

Zèv pa pibliye modifye

  • Lea Kokoye, Ministre de l’Éducation nationale
  • Les Perles du Général
  • Lettre à Max Manigat
  • Maître Zabèlbòk Ministre des Affaires coutumières
  • Mant Lucia

Referans modifye

Lyen deyò modifye