Okipasyon ameriken an Ayiti, 1915-1934
Okipasyon ameriken an Ayiti te kòmanse 28 jiyè 1915, lè 330 Marin ameriken yo anvayi Pòtoprens epi tout peyi a sou otorite prezidan ameriken Woodrow Wilson. Entèvansyon jiyè pase aprè koudeta kont prezidan ayisyen Jean Vilbrun Guillaume Sam. Jou sa a, li bay lòd pou asasine prizonye politik yo, epi yon foul fache touye Sam[1] menm 28 jiyè a. Anvan evènman sa a, militè Etazini yo te deja debake yon fwa pou enterè biznis ameriken nan mwa desanm 1914.[2]
Etazini okipe Ayiti pandan disnèf (19) lane. Sepandan, te gen anpil rezistans kont militè Etazini an, espesyalman peyizan-sòlda ki rele “kako”. Marin yo elimine kako yo ak fè represyon vyolan kont peyizan ayisyen.[3] Okipasyon fini 15 out 1934 lè dènye maren yo kite peyi a sou otorite prezidan ameriken Franklin Delano Roosevelt. Aprè sa, militè Etazini a bay pouvwa nan Gad Ayiti yo, fòs lapolis e militè kreye pa Ameriken pou kenbe lapè an Ayiti. Etazini kanmenm kontwole finans ayisyen an jiska lane 1947.[4]
Anvan okipasyon amerikèn
modifyeAprè gwo eskandal kòripsyon sou Nord Alexis an 1908, li te gen 90 zan yo, lè li te vin prezidan li te mande pwosè kont koripsyon se te yon gagòt premye minis tout gouvènman an te enplike, Nord Alexis deklare nefast pèrefast pwosè kanmenm lè li kite pouvwa a leta ayisyen te dwe li.
Pandan 15 zan yo ap travay ak Almay, Fransè pou rive mete yon bank ayisyen sou pye. Ameriken yo pa t renmen wòl Alman yo t ap jwe nan ekonomi ayisyen an. Envestisman ameriken nan pa t anpil nan epòk la anviwon 200 000 dola. Yon envestisman ki pa t twò enpòtan lè yo pral ranplase bank la an 1910 ameriken pral ranje kò li yo egri yo ekri gouvènman an yo di : "nou pa ka ap fè bank pou nou menm Ameriken pou nou pa ladann. Epi finalman yo ranje kò yo pou yo antre, e lè yo fin antre yo mete tout Alman yo ak tout Fransè deyò. National City bank vin pwopriyete ayisyen. Politik sa a yo pral respekte l Amerik pou Ameriken tou kòm Zile Ayiti a pou Ayisyen. Ameriken toujou pa gen kontwòl ekonomi ayisyen an yo pwan rezolisyon pou yo mèt peyi a anfayit. Tout difikilte peyi a sòti pase anba Lafrans ki te mete li anfayit nan yon kesyon dèt pou endepandans, tou sa fè nou lwen pou nou gen yon estabilite finansyè ak administratif e fiskal. Tikras pa tikras peyi a ap avanse y ap akimile gram pa gram yon santèn kantite lò yo pral gen yon rezèv an ò nan Bank lan. Gwo venn pran ameriken nan mwa desanm 1914, yo debake ame militèman, yo bloke anba lavil la nan ri Des miracles epi yo leve estòk lò a y al avèk li.
Kòz okipasyon an an 1915
modifyeAnvan Ameriken te vin okipe Ayiti nan lane 1915, yo te mete peyi a anfayit yon dezyèm fwa, sa vin kòz enflasyon tèt nèg, enstabilite, moun ap kouri labank vin chèche kòb e labank pa ka ranbouse li, se te panik total. Moun ap fèmen boutik yo, Leta Ayisyen te tante tradwi ameriken lajistis pou yo te ka restitye lengo dò yo. Yo pa janm remèt nou lengo d ò yo olye yo bannou lengo d ò yo, yo siyen ak leta ayisyen yon konvansyon ki fikse to pou chanj lan a senk (5) goud pou yon dola. Sa a pou te ranplase 500 000 lengo an ò ameriken te pran an gwo ponyèt nan bank santral la. Nan ane 80 yo Ameriken sispann afè 5 goud pou yon dola a yo lage Ayiti nan povrete ekstrèm. Yo pa janm remèt lengo dò yo, epi to ki te fikse senk (5) goud pou yon dola a sispann.
Yon peyi ki pa ka estab e estratejik
modifyeSoti janvye pou rive 28 jiyè 1915, Ayiti te konnen yon gwo kriz politik. Pandan tan sa a anviron sis (6) prezidan pase sou pouvwa ,pami yo genyen yo asasinen epi genyen ki pran egzil. Sis (6) prezidan sa yo se te Sensinatis Lekont (1 an), Tankrèd Ogis (9 mwa), Michèl Orès (8 mwa), Orès Zamò (8 mwa), Davilma Teodò (3 mwa), Vilbrin Giyòm Sam (4 mwa). Yon peyi ki pa gen estabilite politik sa antrene sa nou rele ensekirite sosyal, enflasyon, chomaj ak gè sivil.
Etazini te preyokipe patikilyèman pou wòl (reyèl e imajinè) jwe pa Anpi alman, antre plizyè fwa pandan deseni presedan yo nan Amerik la, e tou nan Ayiti. Peyi ewopeyen sa a te ap chèche pou li antreteni, lwen baz li yo, yon sètèn enfliyans antan ke pwisans rival pizanpli ostil nan dominasyon amerikèn, atò reji pa Doktrin Monroe.
Lèke eklate Premyè Gè mondyal, Zile Ayiti a te genyen yon enpòtans estratejik, avèk mendèv li a e richès li yo ki anpil, konsa ke pò li yo mete sou sa laplipa pati nan Karayib yo, notaman marin alman an e amerikèn. Pa konsekan, sou Zile Ayiti a, envestisman alman, kit sou plan militè ke sou espyonaj la, tout te konsiderab. Envestisman li yo te antre nan kad ki pou yon pi laj rezo espyonaj epi pou enterè militè tabli nan Amerik latin epi nan tout Karayib yo diran lafen XIXe syèk, ki pou ane 1900 rive 1910.
Enfliyans alman an nan Ayiti
modifyeAnbisyon alman an te pwovoke pè ki reflete li pa yon rivalite e yon pakèt tansyon yo k ap grandi yo ak ti kominote alman tabli nan Ayiti. Byen ke konpoze anviwon 200 pèsòn yo an 1910, yo te gen yon pouvwa ekonomik dispwopòsyone. An efè, alman te kontwole anviwon 80 % pou komès entènasyonal ayisyen yo ap fè, te posede e eksplwate sèvis piblik yo nan Kap-Ayisyen e nan Pòtoprens, setadi prensipal kè pòtyè e tramwe a nan kapital la ak chemen fè yo ki desèvi Plèn Kildesak.
Depli, kominote alman an te pi entegre nan sosyete ayisyèn nan ke lòt kominote oksidantal yo, nan al konprann Fransè yo. Kèk Alman marye ak Ayisyèn yo ki se moun ki sot nan gran fanmi milat, anfen pou kontoune entèdiksyon ki fèt ak etranje yo, pa Konstitisyon ayisyèn nan, pou posede tè nan Ayiti. Alman yo gade lyen yo sere ak patri yo a konsa ke avèk lame e rezo espyonaj alman yo nan Ayiti, e tou al fè egalman prensipal pouvwayè pou fon ak anpil revolisyon yo, akòde pakèt prè avèk to enterè wo yo nan divès faksyon politik ayisyèn. Nan konsekans, Alman yo te konsidere tankou yon menas pou enterè ameriken, e yo al konsidere pou sa kominote alman nan Ayiti tankou yon evantyèl chwal Twayen an ki ap pwofite ak gouvènman enperyal nan Bèlen.
Monte tansyon yo
modifyeAnt 1910 e 1911, nan bout pou limite enfliyans alman, Depatman Leta pote de li nan yon konsòsyòm ki pou envestisè ameriken yo, konstitye pa National City Bank of New York (jodi a Citibank), pou l'akizidyon ki pou Bank Nasyonal Ayiti a, inik bank komèsyal e trezoreri nasyonal ki pou peyi a.
Nan mwa fevriye 1915, Jean Vilbrun Guillaume Sam, nonme prezidan pou lavi, mete an plas yon diktati. Nan mwa jiyè, nan kad ki pou yon revòlt tounèf anti-amerikèn, li fè egzekite 167 prizonye politik, tout moun ki soti nan rich fanmi milat ki gen yon desandans lye ak kominote alman. Depi lè ke masak la pran lari, foul la mache pran Sam nan Pòtoprens.
Revòlt anti-amerikèn[5] an te menase pou byen di enterè ekonomik ameriken yo nan Ayiti, tankou Ayisyen Ameriken Sugar Company. Pi plis, yon Ayisyen anti-ameriken sipòte pa Kako yo, Rosalvo Bobo, te an plas pou li siksede Sam nan tèt peyi a. Gouvènman ameriken deside aji rapidman anfen pou li al prezève enterè li yo.
Okipasyon an
modifyeEnvazyon
modifye28 jiyè 1915, se te yon veritab anachi, Ameriken yo te debake nan Bizoton kèk sòlda nan yon bato de gè ki rele : Wachintonn . yo te okipe tout pòs militè yo nan peyi a.Menm jou a te gen yon jèn sòlda ayisyen kite mouri, sòlda sa te rele Pyè Sili,sete inik sòlda ki tap defann pòs li.Sekretè pou Marin Etazini an te bay lòd ak kòmandan an, amiral William Deville Bundy, pou li "pwoteje enterè ameriken yo e etranje yo". Yon lòt objektif pou envazyon an se te pou modifye konstitisyon ayisyen an ki te ap entèdi ak etranje yo pou ka posede tè. Nan moman sa sete yon kawo total nan peyi a, anpil san koule bò kote popilasyon ayisyen an. Sa ki te vin debouche ak anpil zak vyolans andan peyi a, la menm vin gen yon gwoup (kako yo) ki sòti nan popilasyon ayisyen an ki vin opoze ak okipasyon an. Mond lan, sa k ap domine l? pi gwo vle kraze piti.
Pa janm pè tèt pou vale kò
modifyeAmeriken yo te debake ann Ayiti pou destabilize l e antre l nan sistèm devlopman ki pa adapte ak sitiyasyon lokal la. Entelektyèl nou yo te konn al fòme an frans e relasyon ayisyen yo ak fransè yo se te kòkòt ak figawo ki t ap vin kreye yon puisans nwa anba bouch ameriken pou n ka antre nan peyi non-alinye oswa tyè-monn nan okipasyon an gen ojektif destabilize nou. 1918 se ameriken ki mete sistèm edikasyon sa nou gen la ki pa adapte ak reyalite lakal pou l ba nou kritè oksidantal la byen ke nou gen moun ki fòme yo a koresponn ak bezwen peyi a. Dayè se nan peyi etranje moun ki entelektyèl yo fòme, yo gen kònesans, men tou màni nan vi yo e konsepsyon politik yo ki etranj ak reyalite lokal la. Sa k pral ba nou rivalite ant kapitalis ak sosyalis ki pral chita kò yo anndan peyi a. Sa k pi grav la lè n mande èd ak peyi nou estime ki rich yo se pi gwo erè, se lave men siye atè lè n solisite entèvansyon peyi sosyalis yo menm si n ta vle konbine deh metòd yo, reziltaa ap souvan pa t janm jan n te vle l la.
Menm si n ta gen foli imite ekònomi peyi rich yo, depi w pa ini ak lòt peyi ou se yon tyè-monn san-ras dèt ap kouvri w seryezman. Lafrans te kase ponyèt nou li fè n peye dèt pou endepandans nou. Nou pa ka rete san alye e se pa ak moun ki vòlè nou yo pou n al fè alye Lafrans, Etazini se peyi ènmi nou nou dwe kondàne yo nab yon jijman istorik ke lakou kasyon dwe statye sou li pa yon plent ke prezidan repiblik la drese e depoze devan kou a e pou kondànasyon sispann tout relasyon diplomatik ak leta sa yo.
Èd yo fè plis mal ke byen:
An 1980 peyi non-alinye oubyen rès-moun oswa tyè-monn oubyen chen manje chen yo vèse sou fòm dèt yo dwe peyi rich yo ki souse yo 71% sou resous yo genyen. Si n ap mete bènefis yo ki pou envestisman prive yo reyalize nan peyi ki pa vle ini yo ak lòt peyi ki sanble yo ke sosyete oksidantal yo ap debaba ( 5 milya dola an 1967), nou ka di, bagay ki parèt klè, ke se peyi tyè-monn ki finanse peyi endistriyèl yo.| [6]
Opozisyon Ekònomik
modifyeJou ki te 5 septanm 1915 lan, nonm ki gen non ki se Lènine lan te deklare:<< Etazini ki pou Ewop lan nan rejim kapitalis se yo ki pou oubyen enposib oubyen reyaksyònè>> nan fevriye ki pou menm àne a, li te deja presize: << Si mo ki se sou-lòd Etazini pou Ewop ye a...se ta absoliman bagay ki pa ka atake sou pwen politik, kesyon an ki pi enpòtan an ap rete poze: sa ki pou gen ekònomik lan e pou sans ki pou mo sou-lòd.>> [7]
lòt koz okipasyon ameriken an se pou fè kokirans ekònomik
modifyeSistèm lib antrepriz kapitalis la pa ka viv e pwospere ke an plèn libète. Pou metmen e devlope pwosperite l la, Etazini dwe posede yon vas debouche yo. Men, nan laplipa peyi yo, mwayen pou peye yo fè trè souvan defo e trezorye ameriken an dwe ouvri kredi ak Kliyan evantyèl. Ayiti pa t ap fè komès ak Ameriken e dola l la pa t gen valè nan epòk la. Nou konprann atò ke konfyans lan dwe renye.
Men politik komèsyal sa a te jwenn barikad ak Sovyèt yo, kote se Leta-sèl ajan pou komès la ak etranje an- l opze ak libète kòmès lan e ouvèkò l pou l gen enfliyanse li an sou bann rejyon yo ki tikras pa tikras ap vin vas ki pa anba kontwòl ameriken. Tò a koze ak pwosperite ameriken an mete kat sou tab tout òganizasyon sosyal la. Nou rive tou ak enfòmasyon sa a ke plan an ekònomik lan depann de ki plan politik ki adopte. Nam lòd ide sa a, Prezidan Eisenhower te pwoklame 1ye desanm 1957 : Leta sovyetik ao monte sab kanpe pisans militè li an e ekònomi li an, e chèf li yo pa nan griyen dan ak volonte yo genyen pou domine monn nan. ... Kominis yo gentan elaji kapasite endistriyèl yo a. Li bannou defi sou echèl mondyal la nan domèn ekònomik e se pa yon pènetrasyon ekònomik ke yo tante pou asire kontwòl resous yo, moun yo e materyèl yo, san kanpe ki ap pwogrese yo. Prezans, isit lan, debann chèf yo ki pou gouvènman yo pwouve ke nou gentan konsyan anpil de enpòtans defi sa a. [8]
Referans
modifye- ↑ Schmidt, Hans (1971). The United States Occupation of Haiti, 1915-1934. New Brunswick, N.J.: Rutgers University Press. pp. 64–67. ISBN 9780813522036. OCLC 44958519.
- ↑ Hudson, Peter James (2017). Bankers and Empire: Wow Wall Street Colonized the Caribbean. Chicago: Chicago University Press. pp. 102–103. ISBN 9780226459110. OCLC 958779835.
- ↑ Gaillard, Roger (1981). Premier écrasement du cacoïsme: 1915. Port-au-Prince: Le Natal.
- ↑ Dubois, Laurent (2012). Haiti : The Aftershocks of History. New York: Picador. p. 295. ISBN 9781250002365. OCLC 824429453.
- ↑ Histoire D’HaÏti De l’Indépendance á nos jour Odette Roy Fombrun 2015Henri Deschamps page 78
- ↑ {{site pa C. Julien.<< etazini e amerik latin>> semèn pou monn lan, 22novanm 1962}}
- ↑ Modèl:Oeuvres, tome 31 p.303,
- ↑ Paris-presse, 17 décembre 1957
Lyen deyò
modifye- (franse) fr Pierre Buteau : « L’Occupation américaine d’Haïti pose le problème fondamental de l’histoire dans la modernisation des sociétés » sou lenouvelliste.com
- (franse) fr Il y a cent ans, les Américains débarquaient, qu’avons-nous fait depuis ? sou lenouvelliste.com
- (kreyòl ayisyen) ht Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti sou alterpresse.org