Rosalvo Bobo

politisyen ayiti (1874-1929)


Rosalvo Bobo
Deskripsyon imaj sa a, kòmante pi ba a tou
Rosalvo Bobo
Nesans
Kap Ayisyen
Lanmò ak 55 lane (ak 55 ane)
Pari
Nasyonalite Ayisyen
Peyi nesans Ayiti
Konjwen
Sarah Schomberg

Pierre François Joseph Benoit Rosalvo Bob, rele Rosalvo Bobo, ki fèt 28 janvye 1874 nan Kap Ayisyen (Ayiti) epi ki mouri 29 novanm 1929 nan Pari (Frans), se yon medsen epi yon politisyen ayisyen.

Biyografi

modifye

Li te yon lidè pandan revolisyon an, an 1914 nan peyi Ayiti[1], e li te gen yon wòl politik enpòtan avan Etazini te okipe peyi a nan ane 1915.

Doktè Rosalvo Bobo ki te etidye medsin ta pral jwe yon wòl enpòtan nan zafè peyi li jiska lokipasyon amerikèn.

Nan dat 14 oktòb 1914[2], li te atake prizon Kap Ayisyen pou te libere rebèl ki te fèmen ladann. Fòs lòd yo te repouse atak la sa ki te fè Rosalvo Bobo t al refijye nan konsila alman an.

Jou ki te 18 oktòb 1914, Minis enteryè a, Charles Zamor kite Kap Ayisyen paske lajan yo te koumanse fini, pandan frè li la, Prezidan Oreste Zamor t ap mennen twoup li yo Pòtoprens (komin).

Rive 19 oktòb 1914[3], Oreste Zamor te kite Kap Ayisyen (komin), Rosalvo Bobo te soti nan konsila alman an e li te pwoklame tèt li chèf sivil revolisyon an. Joseph Davilmar Theodore te pwoklame kòm prezidan epi li nome Rosalvo Bobo Minis enteryè. Men gouvènman Davilmar Théodor a te oblije demisyone nan koumansman lane 1915 sou presyon ameriken yo. Jean Vilbrun Guillaume Sam te vin prezidan Ayiti.

Nan moman fòs lame amerikèn nan te rantre nan peyi a, tout moun te rekonèt li kòm chèf revolisyon an ki te jete gouvènman prezidan Sam nan. Se li ki te genyen nan kous prezidansyèl la. Men amiral ameriken an, William Caperton, chèf twoup ameriken an, te retire l kòm ènmi ameriken, nan avantaj Senatè Philippe Sudre Dartiguenave. Pandan lokipasyon amerikèn li te deklare " M prefere mouri vlope nan drapo m pase pou m sèvi letranje".

Bibliyografi

modifye
  • Roger Gaillard, Les cent-jours de Rosalvo Bobo, ou, Une mise à mort politique, Éditions Presses Nationales, Pòtoprens : 1973, redisyon 1997.

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye