Viris
Viris se bagay ki kab andomaje oswa touye òganis. Men viris pa klase nan okenn wayòm. Anpil byolojis pa konsidere viris tankou èt vivan. Viris se yon aspè sibstans ereditè ki antoure avèk anwoba yon pwoteyin ki enfekte ak miltipliye nan yon selil ot.[1]
Viris sanble ak parazit. Yo sèvi selil yo epi yo andomaje yo. Yo bezwen jwenn rezidans nan yon selil pou yo kab repeple.
Gen plizyè maladi viral ki afekte lavi nou. Viris yo kab pwopaje divès fason. Gen nan yo se ensèk ki pwopaje yo. Gen lōt nou jwenn nan manje oswa nan dlo. Gen anpil viris ki kab pwopaje nan lè a tou.
Gen anpil maladi viral ki kab epaye gras ak vaksen. Kounye a gen vaksen pou plizyè maladi. Syantis yo toujou ap travay pou devlope lòt vaksen.[2]
Youn viris se yon kòz SIDA.
Referans
modifye- ↑ http://www.glencoe.com/sec/science/mlg/mss/HaitianCreole_ms_V.pdf
- ↑ « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2004-06-25. Retrieved 2009-09-07.
Lyen deyò
modifyehttps://parlonssciences.ca/ressources-pedagogiques/documents-dinformation/les-virus
https://www.futura-sciences.com/sante/definitions/medecine-virus-291/