Yo defini enjenyeri kòm aplikasyon de konesans syantifik e teknik pou rezoud pwoblèm kòmen. Yon ekspansyon definisyon sa dwe konsidere gran enpak politik e ekonomik sou desizyon yon enjenyè kapab fè. Se yon syans ki mande anpil imajinasyon, vizyalizasyon, yon bon fondasyon sou syans fizikal (fizik, estatik, dinamik, materyèl karakteristik, etc.), matematik, bon jijman, avèk abilite pou kontiniman entegre nouvèl teknoloji anvan ou pwodui yon objè oubyen yon sèvis nesesè pou fasilite aktivite lèzòm.

Travay yon enjenyè se « itilize benefis konesans syantifik pou rezoud pwoblèm lezòm ».

Aktivite syantifik

modifye

Nan sosyete modèn (e.g. yon gwo vil), moun viv an gouf, e sou yon baz pèmanan ki kreye yon sityasyon trè konplike. Premyèman, li konsome resous lokal yo. Dezyèman, anpil moun konsantre ansanm kiltive yon anviwònman kote salte kapab gonfle sou pil avèk pakèk. Twazyèman, yon gwo vil itilize anpil enèji. Nou kapab kontinye elabore sou plizyè lòt pwoblèm toujou.

Pou rezoud pwoblèm sa yo, yon enjenyè pa fokis senpleman sou analize ekzistan pwoblèm sa yo, men lè li dekouvri yon pwoblèm, li chache yon mwayen pou aleje li oubyen elimine li totalman. Enjeniè a fè wout ki nesesè a pou bay kiltivatè yon fason pou rapidman vini jwenn konsomatè k'ap viv nan vil la ; fè li posib pou kiltivatè a ka pote pwodui li vin vann nan mache. Li chache yon jan pou pote dlo bay tout moun nan vil la pa konstwi liy distribisyon nesesè e touprè pou tout moun kapab trouve dlo. Li chache yon fason pou itilize idwokab, idwo-elektrisite, pouvwa van ou solèy, pou delivre pouvwa elektrik nesesè pou soulaje aktivite yon vil.

Travay yon enjenyè pli konplike ke sa toujou. Li konsiste plis ke chache yon mwayen pou rezoud pwoblèm, avèk ofri solisyon posib. Pafwa, sa se senpleman kòmansman. Majorite plan pwojè enjenyeri pran tan avèk yon ekip de patisipan pou reyisi. Men pou ekzekite plan mande lajan, negosyasyon politik, taksasyon, e plizyè lòt kalite kolaborasyon.

Sipoze ou vle bati yon sant distribisyon dlo nan Pòtoprens. Tankou enjenyè, ou kapab bezwen topografi lokasyon ki konsène estatistik sou kantite moun nan k’ap bezwen dlo. Ou chita w fè tout kalkilasyon ki nesesè pou etabli ki kalite tank ou bezwen, a ki elevasyon li sipoze ye, ki grosè fil distribisyon yo, ki pouvra ponp ki nesesè, si w menm bezwen ponp, etc. Men, aprè w fini tou detay sa yo, desizyon an pa desizyon pa-w ankò. Ou sou pitye kliyan ki peye w pou fè travay la, si pou w jamè wè projè sa reyisi. Avèk plis kliyan w’ap travay, plis konplikasyon pwoblèm sa yo ka poze.

An nou di se gouvènman ki te ba w travay sou pwoblèm sa. Menm anvan w kòmanse, gen pwoblèm. Nan yon peyi kote dlo pòtab raman asèsib, kiyès ki deside ki kote k’ resevwa dlo avan. Ki kote lajan ap soti : ou di taks. Kiyès k’ap peye li, e konbyen lajan.

Tout pwoblèm sa yo nesesite ke yon enjenyè pa senpleman gen yon bon baz syantifik, men yon abilite pou travay ak, konprann, e byen kominike avèk kliyan ki bay li fè travay yo.

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye