Différences entre les versions de « Georges Anglade »

2 199 octets ajoutés ,  il y a 1 an
Ajoute 2 paragraf
(Ajoute 2 paragraf)
 
}}
 
'''''Georges Anglade'' (Jòj Anglad)''', kise yon jewograf, politisyen epi ekriven ayisyen, li te fèt [[18 jiyè]] [[1944]] nan [[Pòtoprens (komin)|Pòtoprens]] epi ki mouri [[12 janvye]] [[2010]], se yon politisyen ak ekriven ayisyen.
 
Se te yon opozan fawouch rejim fanmiy Divalye a. Li te pran egzil 2 fwa pou konviksyon politik li, nan lane 1974 ak 1991. Li te pase anpil pati na vil [[Québec]] kote li patisipe na fondasyon depatman jewografi ''[https://uqam.ca/ Université du Québec]'' nan ''[[Montréal]]''. Apati lane 1990, li pibliye plizè liv lodyans ak kont ayisyen. Apre retrèt li tankou anseyan, il pataje anpil tan lib li nan ekri ak politik pafwa tankou konseye prezidan René G. Preval. Li mouri nan tranbleman tè ki te fwape Ayiti nan mwa janvye 2010.
 
== Biyografi ==
Nan lan 1962, li te kòmanse etidye nan Lekòl Nòmal Siperyè, apre li jwenn lisans li nan lane 1965 li nan dwa ak yon diplòm nan syans sosyal, nan Fakilte dwa [[Pòtoprens (menm non)|Pòtoprens]]. Apre li kite Ayiti pou ale Lafrans akoz opozisyon li ak rejim Divalye a. Soti 1965 pou rive 1969, li prepare doktora li nan domèn jewografi aplike nan ''Strasbourg''
*Dat enpòtan yo
 
Septanm 1969, li enstale li nan vil ''Montréal'' ki twouve li ''Québec'' epi patisipe nan fondasyon ''Université du Québec à Montréal (UQAM)'' kote li te okipe pòs pwofesè jewografi sosyal jiskaske li pran retrèt li nan lane 2002.
 
Li te kontinye opoze li kont otorite ayisyen jiskake lipran prizon nan 1974. li pran chimen egzil de (2) fwa nan lane 1974 ak 1991é Plizyè fwa li te resevwa menas lanmò. Nan lane 1980, nan ''Montréal'', li fonde Mouvman Ayisyen pou Solidarite (MAS), apre li ekri yon manifès, ''La chance qui passe'', ki yon apèl pou demokrasi an Ayiti. Nan lane 1990, li te konseye epi minis sou gouvènman Jean Bertrand Aristide ak René Préval. Nan lane 1994, li te prezide Konferans politik entènasyonal nan [[Miami]] ki te anonse ke demokrasi tounen an Ayiti.
 
An 1996, li te nome asosye pou rechèch nan ''Université de Berkeley'', nan Kalifoni apre li retounen ''Montréal''.
 
Apre karyè li nan divès pòs nan politik, li te konsantre aktivite li sou literati, sitou sou lodyans, ki li te teyorize pandan li t ap ekri nan menm estil sa.
 
An 2010, li menm ak madanm li mouri nan tranbleman tè ki te fwape peyi a na mwa janvye pandan li te vin patisipe nan 2è Festival ''Étonnants Voyageurs''.
 
== Zèv li yo ==
43

modifications