Marc Bazin

prezidan ayiti


Marc Louis Bazin
Deskripsyon imaj sa a, kòmante pi ba a tou
Marc Louis Bazin (2019)
Nesans
Sen Mak
Lanmò (ak 78 ane)
Pòtoprens
Nasyonalite Ayisyen
Peyi nesans Ayiti

Marc Louis Bazin, ki fèt 6 mas 1932 nan vil Sen Mak (Ayiti) ak ki mouri [1] 16 jen 2010 nan vil Pòtoprens (Ayiti), se te yon politisyen ayisyen.

Li te chèf pati politik. Li tap travay pou Nasyonzini. Li te minis sou prezidan Jean-Claude Duvalier. Li te prezidan pou yon ti tan nan peyi Ayiti. Li te yon ekriven. Li ekri liv konsène Ayiti oubyen kreyòl ayisyen oubyen Karayib an.

Biyografi

modifye

Marc Bazin te yon wo fonksyonè Bank Mondyal.

Li te Minis Finans sou Prezidan Jean-Claude Duvalier.

Li te chèf yon pati ki te rele "Mouvement pour l'Instauration de la Démocratie en Haïti" (MIDH).

Administrasyon prezidan Georges W. Bush ak boujwazi ayisyèn t'ap sipote pou li te ka vin prezidan pou envèstisè etranje te ka entèrese nan Ayiti e pou nou te ka genyen eleksyon lib e libè nan lane 1990 aprè peryòd diktati a. Men aprè eleksyon an, li fè sèlman 14% vwa e advèsè li Jean-Bertrand Aristide te fè 67% vwa yo. Nan epòk sila, Aristide te trè popilè, men sòlda sou zòd Raoul Cédras mennen yon koudeta dèyè prezidan Aristide 30 septanm 1991.

Nan dat 4 jen 1992, Lame a mete Marc Bazin premye minis interimè.

Nan dat 15 jen 1993, li demisyone.

30 out 1993, Robert Malval, pran plas Bazin.

Aprè sa Bazin pral fè anpil tan san patisipe nan politik. Men aprè Presidan Aristide retounen prezidan nan lane 2001, li eli li Minis Planifikasyon.

Nan lane 2006, Marc Bazin patisipe nan eleksyon pou prezidans peyi a, men li fè sèlman 0.68% vwa yo sou 35 kandida e René Préval eli prezidan.

Zèv li yo

modifye
  • Sa li fè

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye