Marie Curie
Image illustrative de l’article Marie Curie
Non nesans Marie Curie ak Maria Skłodowska-Curie
Fonksyon fizisyen
Nesans
Vasovi
Lanmò (ak 66 ane)
Passy Franse
Nasyonalite polonè, natiralize franse

Maria Salomea Skłodowska[1], rele Marie Salomea Skłodowska-Curie[2] ou sitou Marie Curie, ki fèt 7 novanm 1867 nan Vasovi (Polòy) epi ki mouri 4 jiyè 1934 nan Passy (Frans), se yon fanm fizisyen ak chimis polonèz, natiralize fransèz, nan peyi Frans.

Marie ak Pierre Curie

Li te dekouvè polonyòm ak radyòm avèk mari li, fizisyen Pierre Curie.[3]

Historisite modifye

Marie Curie ki se senkyèm pitit yon fanmiy profesè e patriyòt, li grandi nan yon fanmiy kote edikation ak konesans gen anpil enpotans, li te rive fini etid segondè li avèk fasilite e li te genyen rèv pou li t'al etidye syans. Men nan vasovi inivèsite yo pat aksepte fanm, on sèl mwayen ki te genyen se te pati nan peyi etrange. sè'l la t gen menm panse a pou medsin. yo te mete tèt yo ansanm pou yo te k al etidye nan peyi lafrans.[4]

Apèn Marie rive pari li te enskri nan sorbòn nan lane 1891[5].Li te konnen li manke kek konesans li te deside refè premye ane li, kou yo te pasyonel. Li arive jwenn yon lisans nan syans fizik avec yon ti mo trè byen nan lane 1893.Li te gen entansyon tounen nan pologne men akoz yon kontra ki finanse pa sosyete pou ankourajman endistri nasyonal SEIN pou mezire propriyete manyetik diferan asye yo te fè'l rankontre Pierre Currie.

Pierre curry te gen 8 lane an plis li, li te profesè nan lekol minisipal fizik ak chimi endistriyel nan pari. Li te deja yon fizisyen popilè pou travay li sou pyezoelektrisite, simetri ak manyetis. rankont yo te chanje lavi yo e yo te marye nan dat ki te 26 jiyè 1895.

Aprè yo premye pitit fi yo te finn fèt ki te rele Irène Marie t'ap travay sou yon tèz doktora nan fizik sou rayon iranik yo, ki te dekouvri pa Henri Becquerel . Metod kantitativ Pierre te fè pou pèmèt li etabli karaktè reyonman iranyom nan e pou l t k pi byen fè rechèch li yo. Depi lè sa a, Pierre ak Marie curie travay ansanm. yo dekouvri an jiyè ak an desanm 1898, 2 eleman nouvo polonyom ak radyom. En 1903 fanmiy curie ak Henrie Becquerel pataje pri nobel la. Nan 1904 Pierre vin profesè nan sobon e mete Marie kom chèf laboratwa. Kek mwa aprè dezyèm pitit fi yo Eve fèt.

Nan dat 19 avril 1906 Pierre Curie mouri nan on aksidan nan lari a, lekol la te bay Marie plas Pierre curie a. premye kou syantifik la nan sobon ki se 5 novanb 1906 se yon evènman kote etidyan jounalis moun ki te kirye patisipe. En 1908 Marie Curie vin premye fanm profesè nan inivèsite fransè.

Biyografi modifye

  • Dat enpòtan yo

Detèminasyon mas atomik radyòm modifye

Pou detèmine mas atomik radyòm, Marie Curie te fonn klori radyòm nan mas li te ye, epi presipite iyon klori yo lè li ajoute nitrat ajan. Lè li te detèmine mas klori an ajan presipite a, [6]li te konnen mas atomik klò ak ajan, li te kapab dedwi mas klò ki te prezan nan klori radyòm inisyal la, epi konsa detèmine pa yon senp soustraksyon mas atomik radyòm.[7]

Zèv li yo modifye

Referans modifye

  1. « Maria Skłodowska-Curie » (in polonais). Retrieved 2024-03-26. 
  2. « Marie Curie | CONICYT ». Retrieved 2024-03-26. 
  3. « Les grandes révolutions scientifiques ». Retrieved 2024-03-26. 
  4. « Biographie de Marie Curie, née Maria Sklodowska - Musée Curie ». Retrieved 2024-03-26. 
  5. « Curie, Marie (1867-1934) » (in espagnol). Retrieved 2024-03-26. 
  6. « Le Radium : découverte, utilisation et danger » (in français). Retrieved 2024-03-26. 
  7. « Le poids atomique du radium ». Retrieved 2024-03-26. 
  8. « Herman H.J. Lynge & Søn A/S » (in anglais). Retrieved 2024-03-26. 
  9. « Rayons émis par les composés de l'uranium et du thorium | WorldCat.org » (in français). Retrieved 2024-03-26. 
  10. Curie, Pierre;Curie. « Les nouvelles substances radioactives et les rayons qu'elles émettent ». Retrieved 2024-03-26. 
  11. « Oeuvres de PIERRE CURIE -1908 - » (in français). Retrieved 2024-03-26. 
  12. Lyon, Interfaces/fonds anciens BU (2021-05-10). « Le Traité de radioactivité de Marie Curie ». Interfaces. Livres anciens de l'Université de Lyon (in français). Retrieved 2024-03-26. 
  13. R., E. (1911-03). « Traité de Radioactivité ». Nature (in anglais) 86 (2157): 1–3. ISSN 1476-4687. doi:10.1038/086001a0.  Check date values in: |date= (help)
  14. « La radiologie de la guerre ». 
  15. « Pierre Curie (1859-1906) | Mediachimie ». Retrieved 2024-03-26. 
  16. « Les rayons Alpha, Bêta, Gamma des corps radioactifs en relation avec la structure nucléaire by CURIE, Marie: Bon Couverture rigide (1933) | Librairie Alain Brieux » (in anglais). Retrieved 2024-03-26. 
  17. « Les rayons Alpha, Bêta, Gamma des corps radioactifs en relation avec la structure nucléaire by CURIE, Marie: Bon Couverture rigide (1933) | Librairie Alain Brieux » (in anglais). Retrieved 2024-03-26. 

Lyen deyò modifye