Lang kreyòl

Yon lang kreyòl[1] se yon lang natirèl ki vin fèt lè ou melanje plizyè lang pou yo vin fè yonn, nan yon ti kras tan, ak yon gramè fasil.[2] Anpil fwa, se yon lang pidjin ki vin tounen yon lang apa. Konsèp lang kreyòl ta vle sanble ak konsèpt lang melanje oswa lang miks yo, epoutan, yo pa menm. Men poukisa yo pa menm ː[3]

  1. Gramè lang kreyòl yo estab, gramè a byen tabli, byen chita.
  2. Lang kreyòl yo gen yon bann ak yon pakèt mo vokabilè, yon leksik ki byen chita.
  3. Lang kreyòl se yon seri de lang ki pase soti nan manman ak papa desann bay pitit, apre sa pitit-pitit elatriye. Se premye lang yo aprann pale.[4]

Nou pa konnen konbyen lang kreyòl egzak ki egziste nan mond lan. Men depi ane 1500 yo, genyen plis pase 100 lang kreyòl vin fèt. Pifò se lang ki fèt ak lang ki soti sou kontinan Eròp yo, tankou lang Angle ak lang franse.[5] Se paske nan peryòd sa, lèzòm te vini ka fè pi bon bato. Lèzòm te vini aprann navige bato plis byen. Sa vini fè ke peyi nan kontinan Eròp yo te nan sa yo rele laj pou eksplorasion oswa Laj pou dekouvri an, ak esklavaj Atlantik.[6] lan, kote yo te ka ale lòt bò dlo pou vann oswa achte machandiz. Pou yo te ka fè komès ak moun ki pa pale menm lang ak yo, yo te vini fè yon lang ki plis fasil, plis senp pou yo kominike. Lang sa yo, yo rele yo pidjin, yo sanble ak konsèp lang melanje yo. Men lè yo vini tabli, lè yo byen chita, lè yo stab, yo vin bay kategori lang kreyòl yo. Se pa sèl lang peyi sou kontinan Ewòp la ki fè lang kreyòl. Pou nou pran egzanp, genyen kreyòl ki fèt ak lang arab ak lang chinwaz. Jounen jodi a, se kreyòl Ayiti a ki gen plis moun ki pale. Se plis pase 10 milyon moun ki pale li, epi se premye lang yo aprann pale.[7]

Konprann kreyòl nan yon kout je

Save yo kwè ke yon lang kreyòl fèt lè yon lan pidjin ke granmoun yo pale, pou dezyèm lang yo, vini tounen yon lang natif natal kote pitit yo, pitit-pitit yo vini pale pou premyè lang - yon fenomèn ke yo rele nativizasion.[8]

Kèk save lang, lengwis yo, tankou Derek Bickerton, di ke gramè yon lang kreyòl A ta vle plis sanble ak yon gramè lang kreyòl B olye li ta sanble ak gramè lang ki pèmèt li devlope an.[9]

Se nan 500 lane ki sot pase yo nou wè anpil lang kreyòl parèt. Se paske nan tan tan sa yo, peyi Eròp yo te devlope anpil teknoloji nan zafè bato ak navige sou lanmè. Sa te pèmèt yo laji, layite kò yo nan zafè komès ak lagè tou, nan sa nou rele Laj Eksplorasion an. Pouvwa ekonomik ak militè sa yo te vini genyen an te pèmèt yo kolonize plizyè kote nan mond lan.

Pandan lontan, lang kreyòl yo pa te ofisyèl, pa te gen anpil moun ki pale yo si ou konpare yo ak popilasion mond lan. Sa te fè ke yo te rabese lang sa yo, tankou dialèk ki pa gen menm valè ak lang ki pèmèt li devlope a. Pou tèt sa, anpil nan lang kreyòl ki te devlope nan koloni Ewopéyen yo disparèt. Men kounya, bagay yo chanje, van an vire. Lang kreyòl yo ap reprann plas yo, nan sosyete yo, kote moun pale yo nan tout nivo, nan tout klas. Epi tou, lingwist yo komanse plis enterese ak lang sa yo.[10]{{}}[11] Menm gen peyi ki rekonèt lang kreyòl yo an pou lang ofisyèl.

Lengwis yo kwè ke fenomèn ki fè kreyòl yo son fenomèn inivèsèl pou devlopman yon lang.[12] nenpòt ki lang, pa sèlman sa ki te fèt nan tan koloni Eròp. Pa egzanp, Sigmund Feist fè yon propozision kote li di ke lang jèmanik yo ta fòme ak menm fenomèm kreyòl sa.[13]

Kèk lòt espesyalis, tankou Salikoko Mufwene, kwè ke se pa menm sikonstans ki fè lang pidjin yo, ki fè lang kreyòl yo. Li di :

  • Lang pidjin yo pa oblije vini anvan yon lang kreyòl. Lang pidjin yo fèt nan yon koloni machann kote moun ki pale lang pidjin nan pou li fè komès, li pale lang pa li nan lavi nòmal li. Lang pidjin nan se yon lòt lang pou li, sou tèt lang pa li ke li pale deja a.
  • Lang kreyòl yo pa oblije evolye soti nan yon lang pidjin. Yo devlope plis nan koloni abitasion yo. Sou koloni sa yo, ou te genyen seri de moun ki soti sou kontinan Eròp lan. Pou yo peye vwayaj la, yo te siyen kontra pou yo te esklav pandan yon ti tan - kontra sèvis. Anpil nan moun sa yo pa te soti nan klas sosyal ki gen privilèj, yo pa te pale yon fòrm langaj de kalite, yon langaj standar. Lè Ewopeyen sa yo te mele ak esklav ki pa te soti Eròp yo, kèk mo ak kèk karaktè lang esklav yo vin mele ak jan Ewopeyen te konn pale an. Sa vin bay yon yon lòt lang ki vin diferan, alafwa de lang Ewopeyen an, ak lang esklav ki pa te soti Eròp yo tou. Apre sa, Ewopeyen an ak lòt esklav, yo pataje lang tou nèf sa nan tout sitiyasion, chak jou ki jou. Lang kreyòl la diferan de pidjin nan, nan sans sa, paske li se premye lang, lang prinsipal moun ki nan koloni an. Li pa itil sèlman lè pou yon moun kominike ak yon lòt klas moun ki sipiryè.[14]

Istwa

Etimoloji

Mo kreyòl la soti nan franse, kote li ekri créole mo créole la li menm, li soti nan mo Panyòl criollo ak mo Pòtigè crioulo, kote toude soti nan vèb ki se criar (nan sans lelvaj bèt, li vle di kwaze mal ak femèl pou yo fè pitit)[15]. Sans mo kreyòl la te vin kreye nan 16è ak 17è sièk yo, lè peyi Eròp yo te laji kò yo ak koloni sou lòt kontinan yo.

Mo criollo ak crioulo yo, lè moun te fèk kòmanse itilize yo, se te pou fè separe moun ki fèt nan koloni Panyòl ak Pòtigè yo, ak sa ki rive nan koloni nan granmoun. Yo te pèmèt separe españoles criollos (panyòl kreyòl oswa moun ki fèt nan koloni yo men ke zansèt te panyòl) ak españoles peninsulares (panyòl ki soti nan penensil Iberik la, ki gen Espay ak Pòtigal ladan li). Nan Brezil, yo te itilize mo sa yo pou separe negros crioulos (nèg kreyòl oswa moun po nwa ki fèt Brezil ke zansèt yo te esklav) ak negros africanbos (nèg ki te fèt sou kontinan Afrik lan). Apre kèk tan, sans mo sa yo ak lòt mo ki soti nan sous yo (cróle, kréol, kreyòl, kreyol, kriol, krio, elatrye) te chanje. Li vini tounen non yon bann gwoup etnik diferan. Epi “lang kreyòl” vle di “lang ke kominote moun kreyòl yo pale”.

Repatisyon jewografik

Jan Ewopeyen yo te fè komès nan tan lontan, nan tan koloni yo kite tras li nan mond lan. Sa fè ke pifò lang kreyòl ki soti nan lang Ewòp yo, yo fèt nan zòn bò lanmè, kote ekwatè mare sentiwon li sou mond lan. Genyen lang kreyòl Ewopeyen sou kontinan Amerik lan, nan zòn lwès kontinan Afrik lan, nan zòn lwes End, nan sidès kontinan Azi, rive jis Endonezi, Singapou, Makaw, Hong Kong, Filipin, Malezi, Moris, Reyinyon, Sechèl ak Oseyani.[16]

Anpil nan lang kreyòl yo pa egziste ankò, sa ki rete yo se nan zòn Karayib yo, tankou nan Giyàn franse, Ayiti, nan zòn lwès Afrik lan, Ostrali (Kriol Ostrali), Filipin (Chavacano) ak Oseyan endyen an ou ka jwenn yo.

Baz kreyòl sou bò Atlantik yo se lang Ewopeyen yo ak kèk karaktè lang Afriken ak kèk lang Autoktòn sou kontinan Amerik lan. Lang kreyòl Oseyan Endyen yo fèt a baz lang Ewopeyen, kèk eleman lang Malagachi, epi kèk lang Azi yo.

Estati sosyal ak estati politik

Pandan lontan, lang kreyòl yo pa te genyen anpil prestij. Yo te konsidere kreyòl yo tankou se yon lang ki pèdi nanm li, ki pèdi valè li. Yo pat menm konsidere yo tankou lang, plis gro grad yo te bay lang kreyòl se te dialèk. Menm lengwist yo tou, yo te itilize mo kreyòl pou kontrè yon lang. Se komsi nou ta di lang=bon, kreyòl=pa bon.[17]

Lang kreyòl yo pa konpatib ak “modèl-pyebwa” Neyo-grameryen ki te parèt nan 19yèm syèk la. Se yon teyori ki gade yon seri de son nan yon, jan yo sanble, tankou son -f- ak son -v-, epi li fè yon pwopozisyon kote ou gen yon lang ki se rasin, ak son orijinal lan ak kèk lang ki tankou branch, kote mo yo pa sonnen menm jan. Teyori a di ke chanjman son yo fèt nan menm moman an pou tout son ki chanje yo. Lang kreyòl yo pa rantre nan lojik sa si nou konpare yo ak lang ki sous yo an.

Fénomèn dekolonizasyon ki te fèt nan 20è sièk yo te pote anpil chanjman sou plan sosyal, politik, ak akademik. Lang kreyòl yo te pwofite chanjman sa yo pou yo pran yon lòt souf. Kounya, yo komanse plis itilize lang kreyòl yon nan film ak ekri. Yo jwi plis prestij nan sosyete yo soti yo. Lang kreyòl yo komanse standardize epi yo menm itilize yo nan lekòl ak inivèsité nan mond lan. Epi tou, lingwist yo vini aksepte lang kreyòl yo menm jan ak tout lang, kote yo pa konsidere lang keryòl yo tankou yon fòrm inferyè on lòt lang. Kounye a, tout lang, ke lingwis yo sispèk te pase nan stad ke yo rele kreyolizasion an, yo vini tonbe nan fanmi “lang kreyòl” la san prejij ras ak etni, san yo pa limite zòn geografi ke yo kwè lang sa yo ka parèt sou yon kout bòlèt, san rezon lojik.

Angle Afriken-Ameriken pale

Genyen anpil pawòl anpil sou enpakt fénomèn kreyolizasion an sou jan Afriken-Ameriken yo pale jounen jodi a nan peyi Etazini. Nan systèm edikasion yo an, epi nan tan lontan, se te mo "ebonics" ki te itilize pou dekri fòrm lang angle sa yo. Mo "ebonics" lan tou, toujou genyen anpil prejije negatif ki mache ak li, menm jan ak mo "kreyòl" la.

Klasifikasyon lang kreyòl yo

Klasifikasyon istorik

Si ou gade istwa lang kreyòl yo, ou a va wè ke genyen 4 mòd kreyòl :

  1. Kreyòl plantasyon yo
  2. kreyòl fò yo
  3. kreyòl mawon yo
  4. pidjin ki tounen kreyòl yo

Klasifikasyon filojenetik yon kreyòl toujou lakòz anpil pawòl. Sa se paske pifò orijin lang kreyòl yo konplike. Epi tou, genyen pwoblèm dokimantasion an, kote lang pidjin ki vin bay lang kreyòl lan konn disparèt san li pa kite tras (tankou yon liv).

Pifò fwa yo, se yon seri de mo “poto mitan”, leksik lang lan, ak fòm gramè a ki pèmèt nou mete kèk lang kreyòl nan kèk klas filojenetik. Men, mo lang kreyòl pa janm soti yon sèl kote, epi gramè yo orijinal. Pou tèt sa, li pa toujou fasil pou ou konnen ki lang-manman (lang ki bay baz ak blok pou li konstwi) yon lang kreyòl. Menm konsèp/kategori “kreyòl Franse”, “kreyòl pòtigè” oswa “kreyòl angle”, tout espesyaslis yo pa dakò sou yo.

Relasyon lang kreyòl yo ak pouvwa

Mo sibstra ak sipèstra yo itilize anpil lè de lang kominike. Men, yo plis fè sans lè sèlman lè nou nan kontèks akizisyon yon 2yèm lang oubyen ranplase yon lang, lè moun ki pale yon lang A (sibstra) wè li plis bon pou yo pale yon lang B (sipèstra), paske li gen plis prestij. Rezilta yon evènman tankou sa yo se ke moun ki te pale ansyen lang lan (sibstra a) pral sèvi ak yon vèsion supèrstrat la, nan kontèks fòmèl pou pi piti. Substrat la ka rete kòm yon dezyèm lang pou konvèsasion enfòmèl. Lè nou gade kèk lang Ewopeyen (tankou etrisk, breton, ak venesyen), nou ka wè enfliyans substra a sou jan moun yo pale a souvan limite, kote se sèl pwononsyasion ak kèk mo prete ki rete. Substrate la ta ka menm disparèt tou san yo pa kite yon tras.

Men, genyen sa ki pa dakò sou kijan mo "substrat" ak "supèrstrat" yo fè sans nan jenèz oswa deskripsion yon lang kreyòl. Modèl ranplasman lang lan pa mache nan kontèks kreyòl la fèt la, lang kreyòl yo sòti nan plizyè lang san yo pa enpoze youn nan yo pou ranplase yon lòt. Separasion substrat-Supèrstrat lan vin gòch lè genyen anpil plizyè supèrstrat (tankou nan Papiamentu), lè nou pa ka idantifye substrat lan , oswa sèl prèv lang substrat ke nou genyen, se ke li sanble on lòt kategori lang. Malgre sa, separasion sa ka itil lè lang-manman/lang papa kreyòl yo pa kontribye ak menm fòs epi ou ka demontre sa ak lasyans. Pou nou pran egzanp, lè nou ap pale de kreyòl Atlantik yo, Supèrstrat vle di lang Ewopeyen yo, epi substrat vle di lang ki pa soti Eròp tankou lang Afriken yo.

Dekreyolizasyon

Li ra pou yon lang kreyòl jwenn estati ofisyèl. Sa fè ke moun ki pale yon kreyòl fin fòme ka vin santi yo oblije konfòme jan yo pale, epi kopye youn nan lang paran yo. Prosesis/fénomèm dekreyolizasion sa a vin bay yon spektròm/kontinyòm lang kreyòl pale kote on jwenn anpil vèsion kreyòl ak anpil koreksion yo fè nan kreyòl la.

Gen moun ki di ke lè nou konpare lang kreyòl yo ak lòt lang ki pi byen tabli, nou ka wè ke:

  • gramè lang kreyòl yo
  • Gen plis varyete gramè nan lang kreyòl yo

Men se pa tout moun ki dakò ak lide sa yo. (Tou pwofite gade konpleksite langaj).

Konparezon filojenetik oswa tipolojik ki fèt pou lang kreyòl yo, pou wè jan yo sanble, pa bay menm rezilta. Lang kreyòl ki soti nan lang ki sanble, tankou lang Eròp yo, souvan pi sanble ant yo, ke si ou gade yo ak lang kreyòl ki pa soti nan lang Eròp yo (tankou Nubi oswa Sango). Si ou gade tout kreyòl Franse yo apa, epi ou konpare yo ak rès lang kreyòl ki baze sou lòt lang Ewopeyen yo; ou ava wè ke kreyòl Franse plis sanble ant yo, epi yo sanble anpil ak divès dialèk Franse ki pale nan mond lan. Sa nou ka wè, se ke pifò atik defini yo vini avan non a (pre-nominal) nan lang kreyòl Angle ank lang Angle, poutan yo vini apre non an nan kreyòl Franse yo ak kèk modèl Franse ki te ekspòte bò 17-18èm sièk, nan zòn ki Kebèk jodia. Plis toujou, lang Ewopeyen ki vini bay lang kreyòl nan koloni yo, yo tout tonbe nan menm kategori lang ki se lang Endo-Ewopeyen Lwès yo. Gramè lang sa yo vle sanble anpil, tèlman sa ipotèz Sapir-Whorf oswa ipotèz relativite leengwistik lan lage yo tout nan menm panye lang Ewopeyen Moyèn Standar yo. Nan panye sa, Franse ak Angle ki sanble anpil, malgre Angle soti nan lang Jermanik yo epi Franse baze sou lang Laten Romèn nan. Sa se paske lang Angle te prete anpil mo, ki vin fè li plis gen menm trè ak Franse. Kidonk, jan nou ta vle wè kreyòl yo sanble a, se ta plis paske yo soti nan menm fanmi lang. Si yo pa te soti nan menm fanmi lang, nou pa gen garanti ke yo ta sanble menm jan an. Nan sans sa, lang kreyòl yo pa oblije sanble pou yo lang kreyòl.

kreyasyon lang kreyòl yo

Genyen anpil teori ki chache eksplike kote lang kreyòl yo soti. Pifò eseye eksplike poukisa yo sanble. Arends, Muysken & Smith (1995)[18] idantifie 4 kategori eksplikasyon sou kijan kreyòl yo fèt :

  • Teyori ki fokis sou kontribisyon lang Ewopeyen yo
  • Teyori ki fokis sou kontribisyon lang ki pa Eropeyen yo
  • Teyori ki baze sou yon ipotèz gradasyon ak devlopman
  • Teyori inivèsèl yo

An plis de chèche konprann nan ki fason lang kreyòl yo vin fòme, genyen yon lòt deba ki pete. Deba sa chèche konprann si genyen yon diferans sou jan lang kreyòl yo vin fèt ak jan lòt lang yo vin fèt; oswa se menm prensip yo ki lakòz tout lang. [19]

Teyori ki fokis sou kontribisyon lang Eropeyen yo

Teyori monojenetik pidjin ak kreyòl yo

Teyori monojenetik pidjin ak kreyòl yo panse ke tout lang kreyòl Atlantik yo soti nan yon sèl Lingua Franca mediteraneyen - Lingua Franca se yon lang ke 2 pèp ki pa pale menm lang itilize pou yo pale. Li ta soti nan yon pidjin ki soti nan Afrik de Lwès epi ki te baze sou lang Pòtigè. Pidjin sa te releksifie nan “faktori esklav” nan zòn Lwès Afrik la. Se menm faktori sa yo ki te responsab Trafik Esklav sou Osean Atlantik lan. Hugo Schuchardt te premye nèg ki te bay teyori nan 19yèm syèk la. Pita, nan lanne 1950-1960, Douglas Taylor [20], Keith Whinnom[21],[22], R.W. Thompson[23] ak William A. Stewart [24] te repran teyori sa, sa te vini fè li popilè. Malgre sa, se pa tout moun ki dakò avèk teyori sa paske li ta vle ke tout lang kreyòl yo ta soti nan yon sèl kreyòl ki baze sou lang pòtigèz. Reyalite a pa mache avèk teyori sa.

  • Anpil pèp ki pale yon lang nan kategori kreyòl yo pa te genyen okenn kontak ak Pòrtigè.
  • Pa gen anpil prèv pou demontre ipotèz sa, pa gen anpil tras Pòrtigè nan leksik pifò lang kreyòl yo.
  • Gen lòt fénomèn ki ka eksplike jan gramè lang kreyòl yo sanble. Pa egzanp, lang sa yo konn pèdi enfleksyon (chanjman nan yon mo ki vin bal yon fonksion gramè) ki nòmal nan lang manman yo. Epi tou, yo konn gen seri de mòd gramè ki pa sanble ak ni lang Ewòp yo, ni ak lang Afrik de Lwès yo.

Pa egzanp, se fenomèn releksifikasyon ki bay teyori sa plis pwoblèm. Bickerton montre ke li pa vreman posib ke yon lang rive tabli nan tout zòn Tropik lan nan pami moun ki pa gen menm lang orijin, kote tout leksik li ak jan ou prononse mo yo chanje epi pou gramè li pa fè yon pa kita, yon pa nago.[25]

Ipotèz orijin domestik- ke kreyòl yo soti nan mariaj/fanmi an

Se Hancock ki pwopoze ipotèz sa. Daprè li, se lè 16èm sièk la ta pral fini, machann ki pale Angle te komanse tabli sou rivyè Gambia ak Sierra Leone, ak lòt zòn nan vwazinaj lan tankou kòt Bullòm ak Sherbro. Machann sa yo te vin marye ak pèp lokal epi sa vin bay yon popilasyon ki melanje. Mariaj sa yo vin bay yon pidjin ki baze sou lang Angle. Esklav yo vin aprann pidjin sa yo, epi yo te tou brote li nan Karaib yo. Pidjin sa te yon poto mitan ki pèmèt kreyòl Angle yo devlope.

Ipotèz orijin dyalèk Ewopeyen - kreyòl yo soti nan dyalèk Ewopeyen an

Se lang kreyòl Franse yo ki pi gwo kandida teori sa, kote kreyòl sa ta rezilta chanjman lengwistik nòrmal. Le fèt ke yo kreyòl soti nan listwa kolonyal yo ak jan sosyete yo te evolye. Nan kad teori sa, kreyòl Franse yo se yo seri de lang ki baze sou Franse nan sans filojenetik . Pou plis presizyon, yo baze sou franse ki te egziste nan tan 17yèm syèk la nan Pari, nan pò franse ki te bay sou Atlantik yo, ak nan premye koloni Franse yo. Fanatik ipotèz sa yo di ke tout dialèk Franse ki pa kreyòl yo, yo tout soti nan menm koyne sa. Ou ka jwenn dialèk sa yo Kanada (plis nan Kebèk, nan kominote Akadi yo), nan Lwiziàn, Sen-Bartelemi, ak kèk lòt zòn nan Amerik lan kote yo plis sanble lang izole. Ipotèz sa swiv lojik ke lang yo chanje piti piti, gradièlman, epi yo byen mache ak modèl kote transfèr lang yo pa fèt ron kon boul (modèl transfèr langaj enparfè) lè lang koyne yo vin fèt.

Pale etranje ak pale tibebe

Ipotèz pale etranje an ta vle ke se lè yon moun ki konn pale yon lang, epi li eseye fè li pi senp pou yon lòt ki pa pale li konprann, sa vin bay lang pidjin ak lang kreyòl yo. Lè moun nan eseye fè lang senp, li konn vin sanble ak jan ou pale ak timoun ak tibebe. Kidonk yo rele ipotèz sa ipotèz pale tibebe.

Ardens, Muysken ak Smith (1995)[26] kwè ke se 4 prosesis ki vin bay sa nou rele “pawòl etranje” an :

1. Akomodasyon - se lè moun natif-natal yon lang pale dousman, fè ti fraz kout, ti fraz senpl; epi li fè poz devan chak mo, li itilize seri de mo ki pi vag epi li repete mo yo anpil. Egzanp:

(MN=Moun ki natif-natal, ME=Moun ki etranje an)

MN: Tanpri, ou ka repete pwoblèm madanm ou an te ap eksplike nou an ?

ME: Kisa?

MN:Madanm ou te gen yon pwoblèm…yon bagay ki te ap deranje li…yon bagay ki te ap toumante li…Tanpri di mw li ankò…silvouplè di mw ki problèm li genyen…Tanpri repete problèm nan.

2. Imitasyon - sou jan etranje an pale. Li ka parèt sou plizyè fòm selon nivo etranje an nan lang li ap aprann . Egzanp:

ME: Mwa pa entendu

MN: Ou pa entendu

3. Kondansasyon telegrafik - se lè nou efase mo ki gen fonksyon gramè yo, fè fraz konplike yo pi senpl. Egzanp:

MN: Ou te jwenn komisyon mwen te bay ti-Joèl pou ou an.

ME: Kisa ?

MN: Ti-Joèl fè komisyon. Ou jwenn ?

4. Adopsyon konvansyon - sa ka pran plizyè fòrm. Se ka seri de karaktè lang pidjin yo tankou yon vwayèl epantetik (yon vwayèl ki vin parèt nan yon mo ki pa te genyen li nòrmalman) , oswa mo vokabilè lang etranje an, elatriye… Egzanp:

ME: E byen, sa sè la bònn nouvèl-l isit nan montaygne de Jakmèl-l

Ipotèz sa ka eksplike jan kreyòl yo sanble an menm si yo pa soti nan yon menm lang (modèl mono-jenetik lan). Malgre sa, Hinnenkamp (1984), lè li te ap analize Pale Etranje lang Jermanik yo, di ke teori a sa trò enprevizib, trò kousi-kousa, e ke li pa ka bay yon modèl stabl pou yon moun ta ka aprann yon lang.

Modèl senplifikasyon sa te sipoze yon bèl eksplikasion pou jan gramè kreyòl yo fasil konsa. Men anpil moun kritike eksplikasyon sa.[27]

  1. Genyen anpil bagay ki sanble nan gramè pidjin ak kreyòl yo menm si lang manman ki bay leksik yo pa parèy ditou.
  2. Genyen anpil lòt prosesis ki ka eksplike jan gramè yo senpl lan, egz. teori bio-program langaj ke Bickerton propoze a.
  3. Moun ki konn pale lang manman leksik kreyòl yo pa ka konprann gramè lang kreyòl yo si yo pa aprann lang lan.
  4. Se moun ki pale lang sibstra yo ki te plis itilize lang pidjin yo pou yo kominike. Moun ki pale lang superstrat yo pa vreman sèvi ak pidjin nan.

Teori Pale Etranje (PE) an konn bay seri de eksplikasion ki vire-ron. Bloomfield montre ke PE an souvan baze sou yon imitasion pidjin, ki se yon “move” fason ke moun etranje yo pale. Kidonk, yon moun ka fè erè panse ke se pidjin nan ki vin bay lang etranje a.

L2 Mal-aprann - Teori kote aprann yon 2èm lang (L2) ki pa fin byen fèt

Ipotèz sa di ke pidjin se esklav yo ki pa te fin byen aprann lang-manman-leksik lan, yon lang ki te ap yon 2èm lang pou yo. Rechèrch ki fèt sou prosesis natirèl L2 yo montre anpil trè yon systèm inter-langaj. Ou ka wè trè sa yo nan Pidjin ak kreyòl tou. Men kisa trè sa yo ye:

  • Vèb ki pa chanje fòm lè yo konjige ;
  • Detèminant ki dispasrèt oswa pwonon demonstratif, adjektif ak advèb ki vin tounen detèminan ;
  • Patikil negatif ki vin anvan vèb la ;
  • Advèb ki vin itilize pou kominike modalite (posibilite);
  • Lòd mo ki fiks, ki pa vin devan dèyè lè se yon kestyon ki poze ;
  • Makè pliryèl non yon ki disparèt oswa vin mwens parèt.

Ipotèz L2 mal-aprann nan byen mache ak lòt ipotèz tankou ipotèz orijin dialèk Ewopeyen yo ak modèl inivèsèl pou transfè lang yo.

Teyori ki fokis sou kontribisyon lang ki pa Ewopeyen yo

Teyori ki fokis sou lang substrat yo - lang ki pa lang ki soti Eròp yo - kwè ke lang kreyòl sanble paske lang Afrik yo - ki se lang substrat - sanble. Teyori sa yo kwè ke trè resanblans sa yo janbe soti nan lang substrat la pou li tonbe nan kreyòl la. Prosesi releksifikation an ta vle ke lang substrat yo ta ranplase mo pa yo an ak mo ki soti nan lang superstrat la, men ke fonksion gramè mo sa rete menm jan an. Men genyen yon gro problèm ki rete paske lang substrat yo, tout lang Afrik yo pa sanble pase sa epi yo pa sanble ak kreyòl yo pase sa. Bickerton[28] menm di ke telman gen variete lang Afriken epi telman gen trou nan data/done ki disponib pou lang kreyòl yo; se plis chans ki fè ou ka panse gen yon aspèk nan leksik lang-manman yo ak lang kreyòl yo ki sanble.

Teyori ki baze sou yon ipotèz gradasyon ak devlòpman

Teyori inivèsèl

Etid resan sou lang kreyòl

Kontwovès - koze kote espesyalis yo pa dakò

Plis toujou

Nan anpil peyi sou latè, men sitou nan kèk peyi ki an Afrik delwès, nan kèk zile ki nan Oseyan Endyen, nan prèske tout zile ki nan Karayib la, ak nan kèk peyi ki nan zòn Pasifik sid, plizyè milyon moun pale yon seri lang yo rele pidjin ak kreyòl. Lang sa yo se lang ki soti nan kontak ak lòt lang. Dapre definision klasik lengwis ki te etidye lang sa yo bay, pidjin se lang ki devlope nan komès osnon nan lòt sitiyasyon kontak, kote diferan gwoup moun ki rankontre pa pale menm lang. Akòz de sa, yo oblije kreye yon fason nèf pou yo kominike. Kreyòl yo menm se ta pidjin ki vin ògmante estrikti lengwistik yo, epi detire fason moun itlize yo. Lè sa a, yo vin tounen lang natif natal yon kominote lengwistik. Se kolonizasion peyi Ewòp yo te kòmanse nan 17yèm syèk, ki fè lang kreyòl moun pale nan zile Karayib yo parèt. Kolonizasyon sa a te mache ak yon komès esklav, kote Ewopeyen yo te al fè dappiyan sou plizyè milyon Afriken an Afrik epi anbake yo sou gwo bato ak chenn nan pye yo pou y al travay kòm esklav nan jaden kann nlan zile Karayib yo. Frans, Espay, Angletè, Pòtigal, Peyiba, te pi gwo peyi ewopeyen ki te antre nan komès esklav e ki tap fè kolonizasyon tou.

Lang peyi sa yo vin tounen lang klas dominan yo nan tout zile Karayib yo (lang angle nan peyi Jamayik, lang franse ann Ayiti, Matinik, Gwadloup...) men laplipa moun nan zile sa yo kontinye pale yon varyete kreyòl ki gen laplipa mo li yo baze sou lang ansyen koloni a. Gen plizyè gwoup lang kreyòl. Kwak diferan moun ki pale kreyòl sa yo kapab pafwa konprann sa lòt ap di, lang kreyòl sa yo pa konpreyansib, sotinan yon zile ale nan yon lòt. Se gras a mo yo nou rive idantifye yo. Majorite mo lang kreyòl yo soti nan yon lang ewopeyen; pa egzanp, laplipa mo ki nan lang kreyòl ayisyen soti nan lang franse, laplipa mo ki nan kreyòl jamayiken soti nan lang angle, men sentaks, sistèm règ lang kreyòl yo diferan anpil de lang ewopeyen. Sou plan lengwistik, nanpwen anyen ki fè lang kreyòl yo enferyè devan lang ewopeyen yo osnon devan nenpòt lòt lang sou latè. Menm jan ak tout lang kretyen vivan pale, lang kreyòl yo reflete pwopriyete gramatikal inivèsèl ak devlòpman mantal tout lang kretyen vivan pale, keseswa lang angle, lang franse, lang chinwa, lang arab, lang swahili, lang hindi, lang quechua, elatrye. Sou plan ideyolojik, lang kreyòl yo angaje nan yon gwo batay kont yon seri fòs nan sosyete kote moun pale yo ap fè tout sa yo kapab pou lang kreyòl yo pa leve kanpe. Malgre lang kreyòl yo se lang tout moun pale nan laplipa zile sa yo, genyen gwoup moun ki refize sèvi ak yo pou devlope alfabetizasion osnon edikasion. Dimansion ideyolojik la pèdi anpil nan aspè negatif li te genyen pandan dènye 30 lane ki sot pase yo, men li kontinye ap kreye anpil pwoblèm toujou.[29][30]

Kreyòl yo ak orijin franse

Bibliyografi

  • Anderson, Roger W., ed. (1983), Pidginization and Creolization as Language Acquisition, Rowley, MA: Newbury House
  • Ansaldo, U.; Matthews, S. (2007), "Deconstructing creole: The rationale", Typological Studies in Language, 73: 1–20, doi:10.1075/tsl.73.02ans, ISBN 978-90-272-2985-4, ISSN 0167-7373
  • Ansaldo, Umberto; Matthews, Stephen; Lim, Lisa (2007), Deconstructing Creole, Amsterdam: Benjamins
  • Arends, Jacques; Muysken, Pieter; Smith, Norval (1995), Pidgins and creoles: An introduction, Amsterdam: Benjamins
  • Bailey, Charles J; Maroldt, Karl (1977), "The French lineage of English", in Meisel, Jürgen (ed.), Langues en Contact – Pidgins – Creoles, Tübingen: Narr, pp. 21–53
  • Bickerton, Derek (1981), Roots of Language, Karoma Publishers, ISBN 0-89720-044-6
  • Bickerton, Derek (1983), "Creole Languages", Scientific American, 249 (8): 116–122, Bibcode:1983SciAm.249a.116B, doi:10.1038/scientificamerican0783-116, JSTOR 24968948
  • Bickerton, Derek (1984), "The language bioprogram hypothesis", The Behavioral and Brain Sciences, 7 (2): 173–188, CiteSeerX 10.1.1.908.5328, doi:10.1017/S0140525X00044149
  • DeCamp, David (1977), "The Development of Pidgin and Creole Studies", in Valdman, Albert (ed.), Pidgin and Creole Linguistics, Bloomington: Indiana University Press, pp. 3–20
  • DeGraff, Michel (2001), "On the origin of creoles: A Cartesian critique of Neo-Darwinian linguistics", Linguistic Typology, 5 (2–3): 213–310
  • DeGraff, Michel (2002), "Relexification: A reevaluation" (PDF), Linguistic Anthropology, 44 (4): 321–414
  • DeGraff, Michel (2003), "Against Creole Exceptionalism" (PDF), Language, 79 (2): 391–410, doi:10.1353/lan.2003.0114
  • DeGraff, Michel (2004), "Against Creole Exceptionalism (redux)" (PDF), Language, 80 (4): 834–839, CiteSeerX 10.1.1.693.2511, doi:10.1353/lan.2004.0178
  • DeGraff, Michel (2005), "Do creole languages constitute an exceptional typological class?", Revue Française de Linguistique Appliquée, 10 (1): 11–24, doi:10.3917/rfla.101.24
  • Ferguson, C.A. (1971), "Absence of Copula and the Notion of Simplicity: A Study of Normal Speech, Baby Talk, Foreigner Talk and Pidgins", in Hymes, D. (ed.), Pidginization and Creolization of Languages, Cambridge: Cambridge University Press
  • Fournier, Robert; Wittmann, Henri, eds. (1995), Le Français des Amériques, Trois-Rivières: Presses universitaires de Trois-Rivières, ISBN 2-9802307-2-3
  • Fournier, Robert (1998), "Des créolismes dans la distribution des déterminants et des complémenteurs en français québécois basilectal", in Patrice Brasseur (ed.), Français d'Amérique: variation, créolisation, normalisation, Université d'Avignon: Centre d'études canadiennes, pp. 217–228
  • Hamilton, A. Cris; Coslett, H. Branch (2008), "Role of inflectional regularity and semantic transparency in reading morphologically complex words: Evidence from acquired dyslexia", Neurocase, 14 (4): 347–368, doi:10.1080/13554790802368679, PMID 18792839
  • Geeslin, Kimberly L. (2002), "Semantic transparency as a predictor of copula choice in second-language acquisition", Linguistics, 40 (2): 439–468, doi:10.1515/ling.2002.019
  • Gil, David (2001), "Creoles, Complexity and Riau Indonesian", Linguistic Typology, 5: 325–371
  • Givón, Talmy (1979), "Prolegomena to any sane creology", in Hancock, Ian (ed.), Readings in Creole Studies, pp. 3–35
  • Hall, Robert A. (1966), Pidgin and Creole Languages, Ithaca: Cornell University
  • Hall, Robert A. (1974), External History of the Romance Languages, New York: American Elsevier Publishing Company
  • Holm, John (1988), Pidgins and Creoles, 1, Cambridge: Cambridge University Press
  • Jungemann, Fréderic H. (1955), La Teoría del substrato y los dialectos hispano-romances y gascones, Madrid
  • Lefebvre, Claire (2002), "The emergence of productive morphology in creole languages: the case of Haitian Creole", Yearbook of Morphology: 35–80
  • Martinet, André (1964) [1955], Économie des Changements Phonétiques: traité de phonologie diachronique, Berne: Francke
  • McWhorter, John H. (1998), "Identifying the creole prototype: Vindicating a typological class", Language, 74 (4): 788–818, doi:10.2307/417003, JSTOR 417003
  • McWhorter, John H. (2000), The Missing Spanish Creoles: recovering the birth of plantation contact languages, Berkeley: University of California Press
  • McWhorter, John H. (2005), Defining Creole, Oxford: Oxford University Press
  • Meijer, Guus; Muysken, Pieter (1977), "On the beginnings of pidgin and creole studies: Schuchardt and Hesseling", in Valdman, Albert (ed.), Pidgin and Creole Linguistics, Bloomington: Indiana University Press, pp. 21–45
  • Mufwene, Salikoko, ed. (1993), Africanisms in Afro-American Language Varieties, Athens: University of Georgia Press
  • Mufwene, Salikoko (2000), "Creolization is a social, not a structural, process", in Neumann-Holzschuh, Ingrid; Schneider, Edgar (eds.), Degrees of restructuring in creole languages, Amsterdam: John Benjamins, pp. 65–84
  • Muysken, Pieter; Law, Paul (2001), "Creole studies: A theoretical linguist's field guide", Glot International, 5 (2): 47–57
  • Parkvall, Mikael (2000), Out of Africa: African influences in Atlantic Creoles, London: Battlebridge
  • Parkvall, Mikael (2001), "Creolistics and the quest for Creoleness: A reply to Claire Lefebvre", Journal of Pidgin and Creole Languages, 16 (1): 147–151, doi:10.1075/jpcl.16.1.07par
  • Schneider, Edgar W. (1990), "The cline of creoleness in English-oriented Creoles and semi-creoles of the Caribbean", English World-Wide, 11 (1): 79–113, doi:10.1075/eww.11.1.07sch
  • Schumann, John H. (1978), The Pidginization Process: A Model for Second Language Acquisition, Rowley, MA: Newbury House
  • Sebba, Mark (1997), Contact Languages: Pidgins and Creoles, MacMillan, ISBN 0-333-63024-6
  • Seuren, Pieter A.M.; Wekker, Herman C. (1986), "Semantic transparency as a factor in creole genesis", in Muysken, Pieter; Smith, Norval (eds.), Substrata Versus Universals in Creole Genesis, Amsterdam: Benjamins, pp. 57–70
  • Singler, John Victor (1983), "The influence of African languages on pidgins and creoles", in Kaye, Jonathan; Koopman, H.; Sportiche, D.; et al. (eds.), Current Approaches to African Linguistics, 2, Dordrecht: Foris, pp. 65–77, ISBN 90-70176-95-5
  • Singler, John Victor (1988), "The homogeneity of the substrate as a factor in pidgin/creole genesis", Language, 64 (1): 27–51, doi:10.2307/414784, JSTOR 414784
  • Singler, John Victor (1996), "Theories of creole genesis, sociohistorical considerations, and the evaluation of evidence: The case of Haitian Creole and the Relexification Hypothesis", Journal of Pidgin and Creole Languages, 11 (2): 185–230, doi:10.1075/jpcl.11.2.02sin
  • Stewart, William A. (1962), "Creole languages in the Caribbean", in F.A. Rice (ed.), Study of the Role of Second Languages, Washington, D.C.: Center for Applied Linguistics, pp. 34–53
  • Takashi, Takatsu (2008), "'Kundoku' as a Pidgin-Creole Language (ピジン・クレオール語としての「訓読」)", in Harukichi Nakamura (ed.), Essays on 'Kundoku': The Literary Chinese in East Asian world & Japanese Language (「訓読」論 東アジア漢文世界と日本語), Tokyo: Bensei Shuppan(勉誠出版)
  • Taylor, Douglas (1977), Languages in the West Indies, Baltimore: Johns Hopkins University Press
  • Thompson, R.W. (1961), "A note on some possible affinities between the creole dialects of the Old World and those of the New", Creole Language Studies, 2: 107–113
  • Traugott, Elizabeth Closs (1977), "The Development of Pidgin and Creole Studies", in Valdman, Theo (ed.), Pidgin and Creole Linguistics, Bloomington: Indiana University Press, pp. 70–98
  • Vennemann, Theo (2003), "Languages in prehistoric Europe north of the Alps", in Bammesberger, Alfred; Vennemann, Theo (eds.), Languages in Prehistoric Europe, Heidelberg: C. Winter, pp. 319–332
  • Wardhaugh, Ronald (2002), "Pidgins and Creoles", An Introduction to Sociolinguistics (fourth ed.), Blackwell Publishing, pp. 57–86
  • Weinreich, Uriel (1979) [1953], Languages in Contact: Findings and Problems, New York: Mouton Publishers, ISBN 978-90-279-2689-0
  • Whinnom, Keith (1956), Spanish Contact Vernaculars in the Philippine Islands, Hong Kong
  • Whinnom, Keith (1965), "The origin of the European-based creoles and pidgins", Orbis, 14: 509–27
  • Whorf, Benjamin (1956), John Carroll (ed.), Language, Thought, and Reality: Selected Writings of Benjamin Lee Whorf, Cambridge: MIT Press
  • Winford, D (1997), "Creole Formation in the Context of Contact Languages", Journal of Pidgin and Creole Languages, 12 (1): 131–151, doi:10.1075/jpcl.12.1.06win
  • Wittmann, Henri (1973), "Le joual, c'est-tu un créole?" (PDF), La Linguistique, 9 (2): 83–93
  • Wittmann, Henri (1995), "Grammaire comparée des variétés coloniales du français populaire de Paris du 17e siècle et origines du français québécois" (PDF), in Fournier, Robert; Wittmann, Henri (eds.), Le Français des Amériques, Trois-Rivières: Presses universitaires de Trois-Rivières, pp. 281–334
  • Wittmann, Henri (1996), "La forme phonologique comparée du parler magoua de la région de Trois-Rivières" (PDF), in Fournier, Robert (ed.), Mélanges linguistiques, Revue québécoise de linguistique théorique et appliquée 13, Trois-Rivières: Presses universitaires de Trois-Rivières, pp. 225–43[permanent dead link]
  • Wittmann, Henri (1998), "Les créolismes syntaxiques du français magoua parlé aux Trois-Rivières" (PDF), in Brasseur, Patrice (ed.), Français d'Amérique: variation, créolisation, normalisation (Actes du colloque, Université d'Avignon, 8-11 Oct.), Avignon: Université d'Avignon, Centre d'études canadiennes, pp. 229–48
  • Wittmann, Henri (1999), "Prototype as a typological yardstick to creoleness", The Creolist Archives Papers On-line, Stockholms Universitet
  • Wittmann, Henri (2001). "Lexical diffusion and the glottogenetics of creole French." CreoList debate, parts I-VI, appendixes 1-9. The Linguist List, Eastern Michigan University & Wayne State University.
  • Wittmann, Henri; Fournier, Robert (1996), "Contraintes sur la relexification: les limites imposées dans un cadre théorique minimaliste" (PDF), in Fournier, Robert (ed.), Mélanges linguistiques, Revue québécoise de linguistique théorique et appliquée 13, Trois-Rivières: Presses universitaires de Trois-Rivières, pp. 245–280

Referans

  1. « The study of pidgin and creole languages » (PDF). University of chicago. 
  2. « Typologizing grammatical complexities » (PDF). University of Buffalo. 
  3. McWhorter, J. H. (2005). Defining creole. Oxford University Press.
  4. Calvet, Louis-Jean. (2006). Toward an Ecology of World Languages. Malden, MA: Polity Press
  5. "Creole – Language Information & Resources". www.alsintl.com. Archived from the original on June 20, 2017. Retrieved October 9, 2017.
  6. Linguistics, ed. Anne E. Baker, Kees Hengeveld
  7. "Haitian Creole at UVA and Duke". iwl.virginia.edu. Retrieved December 15, 2020
  8. Lowenberg, Peter H. (1986). "Non-Native Varieties of English: Nativization, Norms, and Implications". Studies in Second Language Acquisition. 8 (1): 1–18. doi:10.1017/S0272263100005805. ISSN 0272-2631. JSTOR 44486848.
  9. Bickerton, Derek, 1983, « Creole Languages », scientific American
  10. DeCamp, David (1977), "The Development of Pidgin and Creole Studies", in Valdman, Albert (ed.), Pidgin and Creole Linguistics, Bloomington: Indiana University Press
  11. Sebba, Mark (1997), Contact Languages: Pidgins and Creoles, MacMillan, ISBN 0-333-63024-6
  12. Vennemann, Theo (2003), "Languages in prehistoric Europe north of the Alps", in Bammesberger, Alfred; Vennemann, Theo (eds.), Languages in Prehistoric Europe, Heidelberg: C. Winter, pp. 319–332
  13. Feist, Sigmund (1932). "The Origin of the Germanic Languages and the Indo-Europeanising of North Europe". Language. 8 (4): 245–254. doi:10.2307/408831. JSTOR 408831.
  14. Mufwene, Salikoko. "Pidgin and Creole Languages". Humanities.uchicago.edu. Archived from the original on 2013-06-03. Retrieved 2010-04-24.
  15. Holm, John (1988), Pidgins and Creoles, 1, Cambridge: Cambridge University Press
  16. Chambers, Douglas B. (2008-12-01). "Slave trade merchants of Spanish New Orleans, 1763–1803: Clarifying the colonial slave trade to Louisiana in Atlantic perspective". Atlantic Studies. 5 (3): 335–346. doi:10.1080/14788810802445024. ISSN 1478-8810.
  17. Meijer, Guus; Muysken, Pieter (1977), "On the beginnings of pidgin and creole studies: Schuchardt and Hesseling", in Valdman, Albert (ed.), Pidgin and Creole Linguistics, Bloomington: Indiana University Press, pp. 21–45
  18. Arends, Jacques; Muysken, Pieter; Smith, Norval (1995), Pidgins and creoles: An introduction, Amsterdam: Benjamins
  19. DeGraff, Michael (2001), “On The Origin of Creoles”. Linguistic Typology
  20. Taylor, Douglas (1977), Languages In The West Indies, Baltimore; John Hopkins University Press
  21. Whinnom, Keith (1956), Spanish Vernaculars In The Philippine Islands, Hong Kong
  22. Whinnom, Keith (1965), The Origin Of The European-based creoles and pidgins, Ornbis, 14, 509-27
  23. Thompson, R. W. (1961), A note on some possible affinities between the creole dialects of the Old World and those of th New, Creole Language Studies, 2, 107-113
  24. Stewart, William A. (1962) ”Creole languages in the Carribean”, in F.A. Rice (ed.) Study of the Role of Second Languiages, Washington, D.C.: Center for Applied Linguistics, pp. 34-53
  25. Bickerton (1977);62
  26. Jacques Arends; Pieter Muysken; Norval Smith (1995), Pidgin and Creoles, an introduction, J. Benjamins
  27. Wardhaugh, Ronald (2002), Pidgins and creoles, an introduction to sociolinguistics, 4th edition, Blackwell Publishing, pp. 57-86
  28. Bickerton, Derek (1981), Roots of Languagem, Karoma Publishers, ISBN 0-89720-044-6
  29. « Professor Michel DeGraff : Se pawòl nou ki mare nou ansanm ». VoicesfromHaïti. 22 me 2012. Konsève soti nan orijinal la, 21 fevriye 2016.
  30. Claire Lefebvre, 1998, CREOLE GENESIS AND THE ACQUISITION OF GRAMMAR, THE CASE OF HAITIAN CREOLE, Cambridge University Press, www.cambridge.org/978052193823

Lyen deyò