Jean-Jacques Dessalines

(Depi paj redireksyon « Janjak Desalin »)

Jan-Jak Desalin[1] (an fransè ː Jean-Jacques Dessalines[2]), fèt 20 septanm 1758 nan abitasyon Vye Kay nan Grand-Rivyè Dinò (Ayiti) epi mouri 17 oktòb 1806) se yon militè ak chèf Revolisyon Ayisyen ki te pwoklame endepandans peyi a premye janvye 1804.

Jan-Jak Desalin
Jan Jak Desalin. Liberatè ak premye Anperè peyi Ayiti sou non Jak Premye.
Fonksyon:Anperè

Tit:Jak I
Dat fonksyon:2 septanm 1804 - 17 oktòb 1806
Dat kouwonman: 8 oktòb 1804
Gouvènman anvan: Li menm (Gouvènè Jeneral)
Gouvènman ki swiv: Anri Kristòf (Prezidan)

Eta sivil
Dat nesans:20 septanm 1758
Lye nesans:Grann Rivyè dinò
Peyi nesans:Sen Domeng Ayiti
dat lanmò : 17 oktòb 1806
Pon Wouj. Nan nò Pòtoprens (Ayiti)
Nasyonalite : Ayisyen

Konjwen: Larenn Mari-Klè Felisite Erez



Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Li te premye moun ki dirije Ayiti sou tit Gouvènè Jeneral avi. Nan dat de (2) septanm lane 1804, pèp ayisyen an te ba li pote chapo Anperè sou non Jak premye. Men li te deklare tit Anperè li a pa ereditè, sa vle di, li p ap rete pou pitit li lè li mouri.

Kòm ansyen esklav, li te patisipe nan leve kanpe esklav yo te fè nan koloni fransè ki te rele Sen Domeng la. Li se te premye lyetnan anba lòd Tousen LouvètiNapoleyon te voye solda li yo, sou kòmandman bo frè li Jeneral Leklè, pou Lafrans te ka repran kontwòl zile a. Sepandan, aprè Fransè yo te arete Tousen, yo te voye l nan peyi Lafrans, Gouvènman Lafrans la te vini avèk lòd pou remete nèg yo anba esklavaj ki te aboli depi lane 1794 nan tout koloni fransè yo. Desalin te òganize nan mwa oktòb 1802, yon revòl kont lame fransè a. Nan batay sa yo, anpil san te koule. Desalin te fini pa genyen viktwa kont lame fransè yo Jeneral Rochanbo te kòmande. Se finalman yon 18 novanm 1803, nan gwo batay ki te rive nan Vètyè, fransè yo te bay legen epi te mete yo deyò nan zile a. Kèk mwa pita, nan premye janvye 1804, Desalin te deklare endepandans peyi a ki te rele Sen Domeng nan li te tou batize Ayiti. Non Ayiti sa te jan kèk nan bann Endyen ki te rete nan zile te konn rele tè a. Men Endyen sa yo ki te bann Tayino te disparèt ak maladi nan lane 1550. Sa vle di 147 lane anvan Espanyòl yo te bay Fransè yo yon bout nan zile Sendomeng la nan lane 1697, nan yon trete ki fèt nan lavil Riswik.

Anperè Desalin te eseye remete ekonomi peyi a sou pye ak yon sistèm agrè ak fòs ponyèt. Kolaboratè li yo te konplote epi yo te asasine l nan lane 1806, aprè li te deside anpeche kèk milat nan Sid peyi a fè fo papye pou yo pran tè yo di ki te tè papa yo, blan fransè te kite pou yo. Epi se konsa, yon 17 oktòb, Desalin te pati pou Sid peyi a, lè yo tann li yon pyèj nan lavil Pon Wouj, nan nò Pòtoprens. Epi yo te tiye Anperè a. Pami konplotè yo nou jwen Aleksann Petyon ki te rekonèt responsabilite li nan yon lèt li te ekri bay Anperatris Marie-Klè, madanm Desalin, yon jou apre asasina a, nan dat 18 oktòb 1806[3]. Men gen plizyè moun ki sispèk Anri Kristòf ki te dezyèm nan kòmandman apre Desalin, li te okouran de konplo a, san li pa t avèti Anperè a. Antouka, madanm Desalin, ak tout lòt pitit Anperè a, te pito mete yo sou pwoteksyon Wa Kristòf olye yo te ale pou pati Repiblik Aleksann Petyon epi ak Jan Pyè Bwaye te mete kanpe nan pati Sid peyi a ki te divize an 2 aprè lanmò Desalin, jouk rive nan lane 1820, aprè lanmò Wa Kristòf.

Desalin te granpè Cincinnatus Leconte, ki te Prezidan Ayiti nan lane 1911 pou rive lane 1912.

BiyografiModifye

 
Yon gravure kouwonasyon Desalin kòm Anperè Ayiti

Soti an afrik, li vann kὸm esklav nan Sendomeng. Aprè sa, pandan pwoblèm ki mennen endepandans zile a, li vin lyetnan pou Tousen Louvèti ak òganize nan mwa oktòb 1802 la oganize yon potanta kont lame apa-dominguoise kont ekspedisyon napoleyonyèn nan. Li te batay kont jeneral milat André Rigaud ak jeneral franse Charles Leclerc.

Aprè depòte Tousen an, li soumèt nan Etazini. Li ensije aprè, li vin rete bò nò nan lil, li rive nan repouse Jan-Batis-Donasyen ki Wochanbo nan sanglan batay la Crête-à-Pierrot, nan Ti Rivyè Latibonit. Li rive nan otòn 1803 nan va genyen batay yo Kreyòl nan batay Vètyè, ak 1ye janvye 1804 Desalin pwoklame endepandans Ayiti. Li fè premye gouvènè jeneral lavi, epi Seza (pou PA yo dwe devanse li rival, Bonaparte) sou non Jak Ier (1804). Sou 8 oktòb 1804, li se yon kouwòn sou tèt nan achevèk Jan Batis-Jozèf Brelle.

Li fè masak yo Kreyòl "ki espwa yo tounen nan lòd ansyen an Ayiti" ak kontinye yon politik "kaporalis agrè" (tankou nonmen Michel-Rolph Trouillot) chwazi pou kenbe pwofi nan endistri sikriyè la fòs, san esklavaj pwòp di. Li gouvènman ki deside aksyon ou yon refòm agrè nan avantaj nan chèf fanmi esklav san tè, li ansasinen 17 oktòb 1806 nan pon Lanaj yo rele Pon Wouj, nan nò Pòtoprens, kolaboratè li, Aleksann Petyon, Jean-Pierre Boyer yo, André Rigaud ak Bruno Blanchet ki t ap sèvi nan bouch nan mitan tout, san bliye Henri Christophe ki te nan nò. Yo te trennen kò li nan tout lari pòtoprens, nan aswè yon fanm ki rele Marisainte Dedée Bazile te ranmase rès kò a mete li nan yon sak epi al mete nan simetyè sentàn[4].

Esklav yo leve kanpeModifye

 
Batay pandan revolisyon an

Nan dat 14 out 1791, nan Bwa Kayiman ki nan Plèn di Nò anpil esklav deside leve kanpe. Boukman Dutty ki t ap dirije gwoup esklav sa yo te jwenn sipò Jean-François ak Biassou. Premye aksyon sa ki te poze nan revolisyon esklav yo te pran fòm yon seremoni vodou. An prezans manbo Cécile Fatima, te gen yon alyans ki te siyen ak san yon kochon kreyòl yo te sakrifye.

ReferansModifye

  1. "Jean Jacques Dessalines" [archive], Educando, March 2007.
  2. [https://www.haiticulture.ch/Jean-Jacques_Dessalines.html « Il �tait une fois Pierre-Dominique Toussaint Louverture »]. Retrieved 2022-11-07.  replacement character in |title= at position 4 (help)
  3. Ardouin, Beaubrun "Etudes sur l'histoire d'Haïti : suivies de la vie du Général J.-M. Borgella", Volume 6. pp.358-359.
  4. histoire d’Haïti de l’indépendance a nos jours Odette Roy Fombrun 2014 page 9

Lyen deyòModifye

Jean-Jacques Dessalines (1804–1806)Henri Christophe (1806-1807)Bruno Blanchet (1807, enterim)Alexandre Pétion (1807-1818)Jean-Chrisostôme Imbert (1818)Jean-Pierre Boyer (1818-1843)Charles Rivière Hérard (1843-1844)Philippe Guerrier (1844-1845)Jean-Louis Pierrot (1845-1846)Jean-Baptiste Riché (1846)Céligny Ardouin (1846-1847)Faustin Soulouque/Faustin Ie (1847-1859)Fabre Geffrard (1859-1867)Nissage Saget (1867)Sylvain Salnave (1867-1869)Nissage Saget (1869-1874) • Konsèy Sekretè deta (1874)Michel Domingue (1874-1876) • Komite revolisyonè epi gouvènman pwovizwa (1876)Pierre Théoma Boisrond-Canal (1876-1879)Joseph Lamothe (1879)Florvil Hyppolite (1879)Lysius Salomon (1879-1888)Pierre Théoma Boisrond-Canal (1888, enterim)François Denys Légitime (1888-1889)Monpoint Jeune (1889, enterim)Florvil Hyppolite (1889-1896) • Konsèy Sekretè deta (1896)Tirésias Simon Sam (1896-1902)Tirésias Simon Sam (1896-1902)Cincinnatus Leconte (1902, enterim)Pierre Théoma Boisrond-Canal (1902)Pierre Nord Alexis (1902-1908) • Komisyon lòd piblik (1908)François C. Antoine Simon (1908-1911)Cincinnatus Leconte (1911-1912)Tancrède Auguste (1912-1913) • Konsèy Sekretè deta (1913)Michel Oreste (1913-1914)Edmond Polynice (1914)Oreste Zamor (1914)Edmond Polynice (1914)Joseph Davilmar Théodore (1914-1915)Jean Vilbrun Guillaume Sam (1915) • Komite revolidyonè (1915)Philippe Sudre Dartiguenave (1915-1922)Louis Bornó‎ (1922-1930)Louis Eugène Roy (1930, enterim)Sténio Vincent (1930-1941)Élie Lescot (1941-1946)Franck Lavaud (1946, enterim)Léon Dumarsais Estimé (1946-1950)Franck Lavaud (1950, enterim)Paul Eugène Magloire (1950-1956)Nemours Pierre-Louis (1956-1957, enterim)Franck Sylvain (1957, intérim)Léon Cantave (1957) • Gouvernement collégial (1957)Léon Cantave (1957)Daniel Fignolé (1957, enterim)Antonio Kébreau (1957)François Duvalier (1957-1971)Jean-Claude Duvalier (1971-1986)Henri Namphy (1986-1988)Leslie Manigat (1988)Henri Namphy (1988)Prosper Avril (1988-1990)Hérard Abraham (1990, enterim)Ertha Pascal-Trouillot (1990-1991, enterim)Jean-Bertrand Aristide (1991)Raoul Cédras (1991)Joseph Nérette (1991-1992, enterim)Marc Bazin (1992-1993, enterim)Jean-Bertrand Aristide (1993-1994)Émile Jonassaint (1994, enterim)Jean-Bertrand Aristide (1994-1996)René Préval (1996-2001)Jean-Bertrand Aristide (2001-2004)Boniface Alexandre (2004-2006, enterim)René Préval (2006-2011)Michel Martelly (2011-2016)Jocelerme Privert (2016-2017, enterim)Jovenel Moïse (2017-2021)