Patisipasyon medàm yo nan endepandans Ayiti
Patisipasyon medàm yo nan endepandans Ayiti antre nan tout deba ki gen pou wè ak libète Ayiti. yon peyi ki soti anba esklavaj kolon fransè nan lane 1804.
Anpil nan medàm yo tankou: Marie-Claire Heureuse Félicité Bonheur, Catherine Flon, Sanité Bélair ( Suzanne), Marie-Jeanne Lamartinière, Victoria Montou ki gen ti lòt non li Toya ,li se matant Dessalinnes ki se papa nasyon an. Sesi Fatiman (Cecile Fatiman), Dédée Bazile.
Marie Claire Heureuse Félicité
modifyeYo pa twò pale de li nan liv istwa yo, li te fèt nan vil Leyogàn nan lane 1758 epi mouri an 1858. Papa li te rele Guillaume Bonheur epi manman li te rele Marie-Sainte Lobelot. Li te marye ak avèk Pierre Lunic, pwofesyon li se te Maître-Charon ,li te responsab atelye bitasyon « des frères de Saint-Jean de Dieu » yon ti kras tan aprè, misye vin mouri, Claire Heureuse te vin vèv nan lane 1795. kèk ane aprè li te vin remaye ak Jean Jacques Dessalines.
Li te yon enfimyè. nan moman gè yo pou endepandans Ayiti, dam sa te okipe li nan bay laswenyay ak tout sila yo ki nesesite.
se youn nan medam yo ki te trè prezan nan tout sa ki gen pou wè ak liberasyon peyi a. Nan tout moman goumen yo, li te bay swen ak tout sila ki blese yo, Nan sans sa li te premyè enfimyè nan istwa Ayiti
gras ak kouraj li ,Claire-Heureuse nan virewon li te konn fè nan kad patisipasyon li nan konba endepandans lan , te rive nan vil jakmèl , li te ede anpil moun ki nan yon moman kote vil la t'ap konnen yon moman difisil kote anpil moun te nan grangou.
li te arive mobilize anpil lòt fanm nan komin Leyogàn pou yo te vin ede l pataje manje, medikaman ak materyèl pansman. Li pwouve bon kè li pandan l'ap mete sa li konnen ak entèlijans li nan sèvis tout moun.
pandan tout vi li, rete yon moun ki renmen pataje, genyen anpil kouraj , premye aksyon li poze kòm madan Dessalines se te rekonèt legalman tout timoun ki fèt nan adiltè sa yo rele nan kouran ayisyen yo pitit deyò.
Claire Heureuse nan sansibilite li te menm arive pwoteje lòt kan an ki se kolon yo, genyen temwanyaj ki te vle fè kwè, selon sèn « de sauveatage de Descourtilz » li nte menm arive kache anba kabann li, sa li pa t ka sove vi yo nan sipliye, kriye, mete ajenou nan pye Dessalines[1].
Claire Heureuse te vin entèrese ak sitiyasyon prizonye yo, achevèk Jean-Baptiste-Joseph Brelle te kouwone li kòm enperatris bò kote mari li . li t'ap dirije jiskaske yo te vin touye mari li nan Pont-Rouge nan dat ki te 17 Oktòb 1806
aprè yo te fin touye mari li, lavi Claire Heureuse te vin toumante. Moun ki te anfas mari l yo te vin sezi tout byen l yo san yo pa kite mwayen nan men l pou reponn ak egzijans lavi, li te vin viv yon vi trè difisil, kote li te santi li imilye, endiye. Pa rapò ak difikilte lajan, li te oblije al viv kay pitit pitit li nan vil Gonayiv pou li te ka kouri pou mizè . nan lannwit 8 pou rive 9 dawout li te vin arive mouri[2].
Catherine Flon
modifyeCatherine Flon fèt nan dat 2 desanm 1772 nan Akayè peyi d Ayiti. epi li mouri nan dat 27 dawout 1831 nan laj 58 lane, papa li se te youn nan nan pèsonalite revolisyonè ayisyèn lan, anperè Jean Jacques Dessalines epi manman li se te Marie Augustin Flon
pandan yon kongrè ki t'ap fét nan Akayé kote anpil chèf revolisyon ayisyèn yo te reyini nan dat 18 me 1803, Dessalines te rache drapo 3 koulè fransè yo . 3 koulè sa yo se te ble, .blan ,wouj. koulè blan an te nan mitan epi li te senbolize ras blanch lan.
Catherine Flon te pran 2 moso ki te rete yo. ble ak wouj la, manzè pran yo epi koud yo ansanm pou senbolize inyon nwa milat
gen 2 vèsyon diferan sou kreyasyon drapo ayisyen an
nan zye pèp ki pa konn li an. drapo 3 koulè a senbolize inyon twa (3) klas koloni yo ki se : klas blanch, klas jon ak klas nwa. nan yon jès chofe ,Dessalines wete koulè blanch lan. se te nan sans sa Catherine Flon ta reyini de (2) koulè ki te rete yo ble ak wouj la, epi koud yo pandan li te itilize cheve nan tèt li kòm fil.
Dezyèm vèsyon an vle fè kwè se ta yon lòt pitit fi Dessalines te genyen, kolon yo te maltrete li nan bitasyon kote li ta rete ak kolon yo tankou bòn nan lide pou l rapòte ak Dessalines tout sa k'ap pase lakay yo. Dessalines te wè pitit li benyen ak san, yo ta chire yon jip ble ki te sou li, epi pran yon foula wouj, aprè li mande avèk Catherine Flon pou li reyini yo pandan li deklare « yon fransè p'ap janm leve men yo sou pitit fi nou yo ankò, libète oubyen lanmò » . vèsyon sa ta vle fè kwè ble ki nan drapo ayisyen an diferan de koulè ble ki nan drapo fransè yo.
Catherine Flon konsidere kòm youn nan fanm vanyan ki te genyen nan istwa endepandans Ayiti bò kote sanité Bélair, Cécile Fatiman epi Dédée Bazile.[3]
Suzanne Bélair ( Sanité)
modifye[5]Suzanne Bélair se veritab non Sanité Bélair, li te fèt nan lane 1781 nan vil vèrèt, epi li mouri nan dat ki te 5 oktòb 1802. Li te yon gwo revolisyonè epi genyen gwo grad nan lame Ayiti bò kote Toussaint Louverture nan epòk revolisyon ayisyến lan
Sanité Bélair te yon jèn afranchi, li te marye nan lane 1796 avèk Charles Bélair ki te neve Toussaint
Li te prezan anpil nan revolisyon ayisyèn lan , li te vin sèjan nan lame Toussaint Louverture lan pandan batay ki te opoze twoup fransèz yo. Sanitè Bèlair te enterese mari li patizan moun k'ap defann endepandans yo.
Dawout 1802, Sanité Bélair mete ansanm ak mari li Charles Bélair pou yo patisipe nan goumen ki t'ap fèt nan mòn vèrèt yo pou te voye ale lame Napoléon ke jeneral Leclerc t'ap dirije pou te remete esclavaj nan koloni Sen Domeng. Sanité ak mari li fè apèl ak frè konba yo epi sansibilize tout popilasyon nan Latibonit pou defann yon sèl koz. manzè te pwouve li te yon gran gèryè. Pou kouraj li ak angajman li, yo te konsidere tankou nannan preparasyon twoup lan an sekrè.
Li menm ak mari li te gen anpil siksè bò kote sòlda ki te okipe blòk Latibonite yo avèk yon pati twoup kolon fransè yo ki te sou sèvis jeneral Charles Victoire Emmanuel Leclerc ki te vin jwenn kan ki t'ap goumen kont esklav yo, sa vle di kan Sanitè Bèlaire lan
pandan yon atak sipriz kont twoup li a ak mari l, Sanité al chache ranfò ak katouch, yo te arive mete lapat sou li. mari li Charles Bélair vin dezespere, li al rann tèt li.
komisyon militè, lè yo konsidere grad grad Charles Bélair ak madanm li. Charles Bélair kondane pou yo tire li,epi pou yo koupe tèt Sanité Bélair.
Lè jou egzekiisyo0n an rive, yo plase Charles pou yo ti re li, li tande vwa Sanité k'ap di l li mouri an gason brav,li te tonbe lè l resevwa plizyè katouch . jou pou Sanité mouri a, li egzije pou yo tire l pito olye pou yo koupe tèt li. Sanité pa t vle yo bande je li malgre tout jefò bouwo a. ofisye ki t'ap kómande a te oblije pase lòd pou yo tire l.[6]
Marie Jeanne Lammatinière
modifyeYo pa vrèman konnen anpil koze sou Marie Jeanne. tankou dat li fèt ak dat li mouri. nou rete sèlman nan sa li fè ki enteresan avèk lwanj pou li. Li te yon esklav rebèl, epi youn nan pèsonalite revolisyon ayisyèn, li te fè konnen li pa rapò ak aksyon li pandan batay ki t'ap fèt nan fò Crête à Pierrot nan lane 1802.
Marie Jeanne te yon milatrès ki te marye ak chèf brigad Louis Daure Lamatinière. nan epòk la, chèf Brigad sa t'ap kòmande nan espas fò Crête à Pierrot a. Marie Jeanne te yon lesivyè epi machann pwomennen, li te yon sòlda nan kan mari li ,li te konn ede mari li prepare operasyon yo epi travay sou lòd li.
Jeneral Debelle te kòmande de mil (2000) avan gad fransè ki ta pral debake Crête à Pierrot nan dat ki te 4 mas 1802. Manzè te tou kòmanse atake, malgre yo te 300, mesye Lamatinière yo bonbade kan fransè avèk materyèl gè yo., aprè sòlda Toussaint Louverture yo atake tou , sa ta koz fransè yo fè yon kraze kite sa. 400 nan yo te mouri oubyen blese, epi jeneral Debelle te gen gwo blese tou. Nan dat ki te 12 mas la, kapitèn jeneral Leclerc te fè yon lòt gwo atak ki t'al pran echèk li tou kote brigad Boudet te pèdi 480 sòlda, genyen ki te mouri, genyen ki te blese. brigad Dugua te pèdi ant 200 ak 300 sòlda. 3 jeneral sòlda sa yo te blese tou. Leclerc te blese nan mitan janm li.Dugua te mouri ak 2 bal, epi Boudet te blese nan talon pye li. Lacroix te rete nan moman sa sèl jeneral ki te nan kondisyon pou l te dirije. Li menm t'ap eseye chache bon jan enfòmasyon ak mete bon estrateji pou fè yon pi gwo atak. men twoup Lamartinière an, ladan li te gen Mari Jeanne te tèlman ap brase bil yo nan pa lage zam yo epi ankouraje yo pou yo fè rezistans. Nan dat 22 mas Donatien-Marie-Joseph de Rochambeau te fè yon lòt atak pou granmesi kont twoup Lamatinière an, ladan li genyen Marie-Jeanne ki te enpresyone sòlda fransè yo pou kouraj li tge genyen pou pran avantaj sou mi fò Crête à Pierrot avek zam li ki ta pral fè atak fransè yo echwe kote yo ta pral pèdi 300 sòlda ankò
Marie-Jeanne te abiye ak yon rad nan stil mamelouk, li te pote yon gwo fuzi avèk yon ponya tache nan yon sentiwon an fè. yon bone mare tout tét li pandan kék méch cheve lage sou figi li. anba anpil tire, Marie-Jeanne t'ap fè virewon pou distribiye katouch oubyen ede chaje chaje zam , epi lé gen pi gwo cho li mete l nan premye ran sòlda yo.
kèk mwa aprè, Toussaint Louverture ak kèk lòt ofisye nan lame endijèn lan te vin obeyi a Leclerc, misye vin rekrite yo pou kòmande twoup fransè yo. Rochambeau te vin bay Louis Daure Lamartinière grad kolonèl pou fòs li ak kouraj li pandan batay ki te fèt Crête à Pierrot a. yo te vin tiye l nan yon tan aprè poutèt li te trayi revolisyon ayisyèn lan, daprè sa yo te kwè. Marie-Jeanne te vin vèv, li te vin anba otorite Jean-Jeacques Dessalines ki te konnen li kòm gwo militan, li te vin ti fanm deyò Dessalines.
apresa li te vin avèk yon lòt ofisye ki te konn lite bò kote yo nan moman batay Crête à Pierrot, misye te rele Jean-Louis Larose ki te bay defen mari Marie-Jeanne lan yon bèl antèman lè yo te touye l la.[7]
Victoria Montou (Toya)
modifyeVictoria Montou ki gen ti jwèt non li Toya oubyen matant Toya , pa gen twòp enfòmasyon de li. nou pa gen dat egzak li fèt. Men istwa fè konnen li fèt nan 18 tyèm syèk lan , li ta soti Benen epi viv Saint Domingue jiskaske li mouri nan lane 1805. li te matant Jean-Jacques Dessalines ki se papa nasyon Ayiti.
Toya te esklav nan bitasyon kolon Henri Duclos, se la a tou neve li Jean-Jacques Dessalines t'ap viv, misye te konsidere Toya kòm dezyèm manman li, li te ba li tout sa ki gen pou wè ak kilti afrikèn epi jwe yon gran wol nan moun Dessalines te vin ye a.
gras ak karaktè li, sa te vin pèmèt li dirije 50 nèg esklav ki t'ap travay nan jaden. yon jeneral fè doktè Jean-Baptiste Mirambeau , sa ki te pèmèt li rantre nan listwa, doktè a te jwenn li ap dirije yon gwoup esklav ki t'ap revòlte nan lane 1792, yo te vin mete li nan prizon ak tout gwoup esklav li a. Li te toujou jwe wol nasn pil evènman youn aprè lòt ki te mennen nan endepandans nan lane 1804. Neve li Dessalines te vin anperè, li te vin nome manzè Duchesse Impériale. aprè yon ti tan, li mouri paske li te malad.[8][9]
Cécile Fatiman
modifye[10]Cécile Attiman Coidavid, se sou non sa li te fèt nan lane 1771 epi mouri ak 112 zan nan lane 1883, se pitit yon esklav afrikèn avèk yon Corse ki te prens. yo te vann Cécile Fatiman pou esklav ak tout manman li nan koloni fransèz. manman li te gen 2 lòt pitit gason ki te disparèt nan komès esklav la, Cécile Fatiman pa't janm rekwaze yo ankò. Manzè se te yon revolisyonè, li te nan konba politik yo epi asiste endepandans Ayiti. li te gran sè Marie-Louise Coidavid, ki te madanm Henri Christophe ki te pwoklame tèt li wa Henri premye. Sa ta vin lakoz Cécile Fatiman vin prensès soti nan lane 1811 pou rive 1820 nan epòk wayom Ayiti. li te vin marye ak prens Jean-Louis Pierrot, prezidan nan lane 1845 pou rive 1846, gras ak sa, li te vin premyè dam Ayiti.
Nan lane 1791, Dutty Boukman te yon esklav, bòkò nan vodou, menm jan Cécile Fatiman te manbo nan vodou te óganize yon seremoni nan bois-Caïman ki ta pral deklannche revolisyon ayisyèn nan. Cécile Fatiman te mete sou li yon kòsaj long blanch. Nan espas sa tout esklav ki te nan mawon yo ak pitit Lafrik Guinen te reyini pou mete kanpe yon estrateji pou yo ka soti nan esklavaj. pandan seremoni an pral fini, Cécile Fatiman pike yon kochon nwa nan vant avèk yon kouto sakre, aprè moun ki te nan seremoni yo bwè san kochon an nan lide pou yo pa't pèdi devan kolon men tou pou yo te ka rete soude depi nan rasanbleman sa.
Yo konsidere Cécile Fatiman kòm youn nan fanm vanyan ki te genyen nan Ayiti menm jan Sanité Bélair
Dédée Bazile
modifyeMarie Sainte Dédée Bazile , yo te konn rele Défilée oubyen Défilée la folle te fét nan alantou Cap-Francais. Li te youn nan revolisyonè ayisyèn nan ki te pote kò Dessalines yon kote pou li antere
Dédée Bazile te konn vann manje, bwason ak sòlda epi yon machann pwomennen nan alatou twoup moun ki te konn ap fè lagè yo nan lame endijèn. pandan konba twoup fransè yo ak lame endijèn nan, li asiste kote yo touye 3 frè li yo avèk 2 nan 3 pitit gason l yo. evénman sa yo te koz Dédée Bazile te vin fou, malgre foli li, sa pa't anpeche li swiv lame endijèn nan pandan l'ap rele {defile! defile! }se te akoz sa yo te tou ba li non Défilée.[11]
Referans
modifye- ↑ Memoire de femmes, 1997, Jasmine Narcisse
- ↑ « En mémoire de Claire Heureuse, épouse du fondateur de la nation haïtienne » (in anglais). Retrieved 2022-10-27.
- ↑ « Femmes d'Haiti : Catherine Flon ». Retrieved 2022-10-31.
- ↑ « Wikipédia, l'encyclopédie libre » (in français). Retrieved 2022-10-31.
- ↑ Revolutionnaire a la haitienne-Garance ASBL. sur www.garance.be
- ↑ Memoire de Femmes, Jasmine Narcisse
- ↑ Thomas Madiou, Histoire d'Haiti: Tome II 1799-1803, editions Henri Deschamps, Port-au-Prince, 1989, p.386
- ↑ Memoire de Femmes, Victoria Montou dite Toya, sur jasminenarcisse.com
- ↑ Charles Philippe Bernoville { Profile de l'heoine haitienne qui a eduque Dessalines} sur profileayiti.blogspot.com
- ↑ ...cecile-fatiman-pretresse-au-bois-caiman/
- ↑ Femmes d'Haiti sur www.haiticulture.ch/Defilee.html