Lengwistik kreyòl ayisyen


Nou ka defini lengwistik kòm etid de nati e estrikti langaj imen (sa vle di fason moun pale). Yon lengwis se yon moun ki etidye fenomèn sa yo.

Kreyòl peyi Dayiti

Langaj kreyòl - ki baze premyèman sou fransè ak plizyè lang afrikèn, enfliyans pa lang endyèn yo, enpe panyòl ak anglè - kapab konklizivman defini tankou ayisyen, nan sans de lang ki pale pa pèp ayisyen an [1]. Wi, varyete kreyòl sa atribiye avèk kèk lòt gwoup ak nasyon avèk istwa similè ak pèp ayisyen an, men a fòs de popilasyon estime plis ke 10 milyon jounen jodi a, majorite kreyolopal se Ayisyen oubyen desandan d Ayisyen.

Si nou defini mo "Ayisyen" an tankou konstitisyon peyi Dayiti fè li nan TIT II, Atik 11, kòm :

Nenpòt moun ke manman li oubyen papa li se natif natal Ayisyen, si manman li oubyen papa li pa te jamè renonse nasyonalite yo, moun sa se Ayisyen depi lè li te fèt la.

Definisyon sa nesesite ke gen Ayisyen ki pa pale kreyòl. Yon moun ka fèt nan nenpòt peyi epi satisfè demann konstitisyonnèl sa.

Toutfwa, si nou limite definisyon sa a moun ki fèt ann Ayiti (moun ke lonbrik yo plante nan peyi a), ki gen omwen yon paran ayisyen, pwoklamasyon an kòrèk, ki di, « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl », TIT 1, Chapit I, Atik 5(a) konstitisyon Ayisyen an. Èske w jamè rankontre yon Ayisyen ki satisfè modifikasyon sa a ki pa t pale kreyòl ?

Malgre gran kantite moun ki pale kreyòl, resous ki disponib an kreyòl reyèlman limite. Yon rezon, majorite ekriven ayisyen, istorikman pale, chwazi pou ekri nan lòt lang (nan lang fransè, anglè). Yon lòt rezon, edikasyon an kreyòl sèlman fèk a nivo primè ann Ayiti. Yon rezon plis, enstitisyon ayisyèn yo an gran pati, chwazi pou yo fè biznis yo an fransè.

Gras a nouvo teknoloji, kòm entènèt la, avèk jefò pou kwaze teknoloji avèk kreyòl [2], langaj kreyòl ayisyen an kòmanse avanse pli lwen. Men yon faktè reste egal, si Malis ak Bouki ekri yon menm fraz an kreyòl, li p ap nesesèman vèbatim. Nou fè jefò nan vèzyon kreyòl ayisyen wiki a pou nou ekri kreyòl nan yon fason ke gran majorite a kapab li e konprann. Nou envite w pou ou fè kòrèksyon kòm ou wè yo nesesè.

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Daprè Iv ak Paul Déjan nan liv ki rele Ekri kreyòl fasil, nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa (3) ti prensip sa yo

Men lèt nou jwenn ki rete nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo :


Prensip 1 : Chak lèt ret nan wòl yo


a  nan : katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.
an  nan : san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b  nan : aba
ch  nan : chak, cho
d  nan : drapo
e  nan : me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, rete
è  nan : nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en   nan : katreven, fen, prensip, lenjistis
f  nan : nèf, fèt, fen, pwofesè
g  nan : lagè, grangou
i  nan : dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip
j  nan : lenjistis, manje
k  nan : katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l  nan : mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wòl, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl
m  nan : me, mil, moun, montre, lamizè
n  nan : nèf, inivèsite, moun, aprann
o  nan : drapo, yo
on  nan : onz, montre
ou  nan : tout, koun, kouran, pou
oun  nan : moun, youn
p  nan : drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r  nan : katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, rete, kouran, travay
s  nan : inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t  nan : katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, rete, travay
v  nan : katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w  nan : pwofesè, twa, wòl
wi  nan : dizwi, (dizwit lè li tousèl)
y  nan : kreyòl, yon, yo, travay
z  nan : dizwi (dizwit), onz

Prensip 2: Chak son ekri menm jan

Chak son ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se :


Prensip 3 : Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil

Nou wè sa nan : bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz. Kalkile prensip sa yo byen. Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri. Swiv modèl yo byen. Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.




Koutwazi : Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )

Kreyòl la, Dekode

Baz ki byen etabli yo

h

Yon mo kreyòl ki soti nan fransè ki kòmanse ak yon h myèt, an kreyòl, kòmanse ak vwayèl ki suiv h la, osinon yon lòt konsonn. Pa gen h myèt an kreyòl. Tankou "Haïti" an fransè se "Ayiti" an kreyòl. Pou rezon sa, h jeneralman pa yon antre nan yon diksyonè.

w pou ou

An kreyòl, li jeneralman preferab ke youn pa gonfle ni vwayèl ni konsòn ansanm nan kreyasyon yon mo. Mwen meyè ke m[ou]en, oubyen mouin. Lwen olye ke louen, swiv pito souiv.

en ak in

Obzève distenksyon ant en ak in. Kèk mo ki fini ak in : in, izin, zepin, latrin. Kèk mo ki fini ak en : en, pen, zen, lwen, pwen.

Lòt obzèvasyon

Pran atik sa kòm konsèy, men pa kòm lòd gramatik. Kite diskou gramè pou grameryen. Se pa anyen kont grameryen. Aktyèlman, nou bezwen tout kantite grameryen kreyòl posib nou ka jwenn. Men kòm itilizatè langaj, patikilyèman kreyòl, ou bezwen chache mwayen efektiv pou w kapab ekri lang nan. Eseye itilize tout resous ki ekri an kreyòl ou trouve itil. Neyanmwen, toujou kenbe konsèy Aleksann Manzoni, powèt italyen, ki di :

« Langaj dwe posede yon òganik [vivan] omojeneyite derive pa lisaj, reflekte oken distenksyon ant langaj literè ak langaj oral ».

Ou sou wiki. Ekri kreyòl la menm jan ou menm ou pale l ; plen moun ki prè pou modifye ak korije nenpòt atik ou soumèt. Malgre, la, esperans lan se touche sou kèk pwen ak obsèvasyon fèt sou lang kreyòl la ki trè enteresan. Esperans lan se ke yo sèvi w kòm zouti ki petèt kapab pèmèt ou pi fasilman eksprime w an kreyòl pa ekriti. Pa egzanp, distenk diferans nan pwonon pèsonèl yo an kreyòl konpare ak fransè, plasman atik yo nan yon fraz, kèk nan aksan ki pi souvan itilize yo, etc.

Kontraksyon atik ak non

Leksikografè ayisyen souvan liste kèk mo de (2) fwa. Pa egzanp, ou ka twouve mo lavi, ak vi nan menm diksyonè a. Ki fè, yon fraz tankou fraz sa a :

Lavi ak lanmò depann sou sa w kite bouch ou pale.

Ka regade kòm yon fraz ekri san atik, oubyen ki kontrakte atik yo ak non yo (nan ka sa, atik la ak non vi e ). Sa pa nesesèman yon prensip jeneral. Pa egzanp, konsidere de (2) fraz sa yo :

(1) Kisa w fè premyèman lè w leve le maten ?
(2) Kisa w fè premyèman lè w leve lematen ?	(ra)

Pa gen okenn enfraksyon nan enfòmasyon ki kominike la, fraz nimewo (1) pi souvan ekri, men fraz nimewo (2) a pi kòrèk.

Plasman atik yo

An kreyòl, yon atik ka vin anvan oubyen swiv non li modifye a, selon si fraz la fè sans oralman. Konsidere,

(1) Kanaval la byen pase ane a, san dega, san traka.
(2) La kanaval byen pase ane a, san dega, san traka.

Fraz nimewo (1) anfòm an kreyòl. Nimewo (2), kontrèman, pa vreman fè sans. Kote ke, fraz

(1) La Bib di, « renmen vwazen w yo kòm pwòp tèt ou », ak
(2) Bib la di, « renmen vwazen w yo kòm pwòp tèt ou »,

Tou de fè bon sans an kreyòl.

Devlopman

Nap bay nan seksyon sa kèk devlopman pou bay detay sou sa nou wè pli wo.

Lang kreyòl ayisyen se youn nan lang kreyòl ki gen plis moun ki pale li sou latè. Se lang natifnatal tout Ayisyen ki fèt e ki leve an Ayiti kote yo rele li Kreyòl. Nan dyaspora a, gen plis pase yon milyon Ayisyen ki pale kreyòl. Gen moun sa yo k ap viv nan Lamerik dinò (Ozetazini ak Okanada), nan Lamerik disid (Venezwela ak Giyàn franse), nan Karayib la (Kiba, Repiblik dominikèn, Matinik, Gwadloup, Bahamas), ann Ewòp (Frans), ak nan kèk peyi Lafrik. Nan kominote ayisyen ki gen plis moun yo, tankou Nouyòk, Miyami, Monreyal, osinon Repiblik dominikèn, kreyòl ayisyen devlope anpil nan kontak li fè non sèlman ak lang peyi sa yo men tou ak varyete yo pale ann Ayiti. Pami tout kreyòl, se sou kreyòl ayisyen yo fè plis rechèch nan linivèsite. Kwak se sèlman yon ti ponyen Ayisyen ki te pale lang franse, lang sa a te lang ofisyèl peyi Ayiti pandan lontan jouktan, kreyòl vin tounen lang ofisyèl Ayiti depi lane 1987. Kreyòl ayisyen genyen yon òtograf ofisyèl depi 1980 e gen anpil ekriven ayisyen ki ekri liv enteresan sou diferan aspè esperyans ayisyen.

Istwa

Sou plan istorik, li difisil pou nou bay presizyon sou ki lè kreyòl ayisyen parèt. Nan lane 1697, Franse yo ki t ap viv ann Ayiti depi 1629, vin okipe ofisyèlman pati lès Sen Domeng. Ispayola se non tout zile a. Anvan 1697, se Panyòl ki te mèt tout zile a. Se apre Franse vin pran Sen Domeng vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl ki baze sou franse parèt: Franse yo kòmanse komès esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Se konsa lang kreyòl vin parèt. Dapre kèk istoryen, vè 1728, te genyen anviwon 50 000 esklav ak yon ti kras mwens kolon nan Sen Domeng, men ant 1740 e 1791 yo estime te genyen prèske yon demi-milyon Afriken ki t ap travay kòm esklav nan jaden Sen Domeng yo. Yo te rele esklav ki te fèt an Afrik yo « bosal », men sa ki te fèt Sen Domeng yo, yo te rele yo “kreyòl”. Kreyòl ayisyen grandi nan kontèks jaden Sen Domeng yo, kote esklav afriken, ki te pale lang Niger-Congo yo, te antre an kontak avèk kolon franse ki te pale yon varyete franse ki diferan anpil de franse moun pale kounye a, epi esklav afriken sa yo eseye kominike avèk kolon franse sa yo. Tankou nenpòt ki lòt lang kretyen vivan pale sou latè, kreyòl ayisyen se yon sistèm lengwistik total ki gen pwòp règ pa li e ki pa depann de okenn lòt lang pou li fonksyone. Genyen 7 milyon edmi moun ki pale li ann Ayiti, e plis pase yon milyon lòt ki pale li nan dyaspora a. Kreyòl ayisyen pa franse mawon. Se yon lang diferan de lang franse, kwake gen anpil mo nan vokabilè li ki soti nan franse tankou mo franse soti souvan nan lang laten.

Premye tèks

Premye tèks nou konnen ki ekri an kreyòl ayisyen genyen anviwon 10 liy. Li te parèt nan yon liv ki rele "Voyage d’un Suisse dans différentes colonies d’Amérique" ki te pibliye an 1786. Moun ki te ekri liv sa a rele Justin Girod de Chantrans. Li te yon vwayajè suis ki te viv Sen Domeng ant mwa me 1782 e jiyè 1783. Men tèks sa a jan li te parèt nan liv de Chantrans lan. Se te yon lèt yon jenn ti fanm esklav te ekri mennaj li pou li mande li padon paske mennaj la te konprann ti fanm lan ap ba li zoklo:

Moi étais à la case à moi; moi étais après préparer cassave à moi; Zéphir venir trouver moi, li dit que li aimer moi, et qu’il voulait que moi aimer li tout. Moi répondre li que moi déjà aimer mon autre et que moi pas capable d’aimer deux. Li dit moi, que li mériter mieux amour à moi que matelot à li. Moi répondre li, que li capable de mériter li mieux, mais que pas te gagner li encore. Li dit moi que li va gagner li, et tout de suite li faire moi violence…Ah, toi connais comment li fort! Juger si gagner faute à moi! Le ciel témoin, cher dombo, de l’innocence et de fidélité à moi.

Mwen te anndan joupa mwen, m t ap pare kasav mwen; Zéphir vin wè mwen, epi li di m li renmen mwen, e li ta renmen mwen renmen li tou. Mwen di li mwen gen yon mennaj deja e mwen pa kapab genyen de mennaj. Li di mwen li merite lanmou mwen pi plis pase matlòt li. Mwen di li se posib men li poko genyen li. Lè sa a, li di mwen l ap vin pran li, epi san m pa atann li plonje sou mwen… Ou konnen jan nèg sa a gen kouray! Èske ou panse se fòt pa m! Bon Dye nan syèl la temwen, dombo cheri, mwen inosan e mwen se yon mennaj fidèl!

Malgre enpòtans istorik li, nou dwe li tèks sa a avèk anpil rezèv epi nou pa ta dwe konsidere li tankou yon bon echantiyon lang kreyòl moun te konn pale nan Sen Domeng nan epòk sa a. Girod de Chantrans se yon etranje ki te viv Sen Domeng pandan yon sèl lane epi li pa te konn pale kreyòl fen e byen.

Òtograf

Jiskaprezan, se sitou nan domèn òtograf gen jefò ki fèt pou estandadize kreyòl ayisyen. N ap raple se nan lane 1980, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Nan kesyon diksyonnè, gen kèk bon diksyonè bileng angle-kreyòl ak franse-kreyòl, men genyen yon diksyonè kreyòl-kreyòl, menmsi sou yon plan pedagojik, li enpòtan pou ta genyen youn. Pou moun ki pale angle, genyen anpil bon liv deyò pou aprann kreyòl ayisyen, men genyen omwen 4 linivèsite ameriken ki anseye klas kreyòl. Laplipa lengwis ki etidye kreyòl ayisyen admèt li gen 3 manman dyalèk - dyalèk nan Nò : se varyete moun pale nan Kap Ayisyen ki reprezante dyalèk sa a; dyalèk nan Sant lan : se varyete moun pale nan Pòtoprens ak nan zòn Pòtoprens ki reprezante dyalèk sa a; epi dyalèk nan Sid : se varyete moun pale nan zòn vil Okay ki reprezante dyalèk sa a. Varyete moun pale nan Nò a sanble se li menm ki mwens sanble ak kreyòl majorite Ayisyen pale, akòz de kèk diferans li genyen sou plan leksikal ak sou plan sentaksik. Varyete moun pale nan Sant lan sanble se li menm ki gen plis prestij pou rezon politik, ekonomik e kiltirèl, men paske gen anpil moun ki kite pwovens pou vin viv Pòtoprens, fwontyè ki separe dyalèk yo vin pi flou e anpil Ayisyen pale alèz 2 dyalèk.

Edikasyon

Sou plan inivèsitè, etid kreyòl yo devlope anpil. Gen seksyon etid kreyòl nan plizyè depatman lengwistik linivèsite ewopeyen ak linivèsite nan Lamerik dinò. Nan linivèsite sa yo, kreyòl ayisyen se youn nan kreyòl atlantik yo lengwis yo plis etidye. Pati nan kreyòl ayisyen lengwis sa yo etidye pi plis se sentaks e teyori lengwistik yo plis itilize pou yo fè rechèch sa yo se teyori lengwistik ki rele gramè jenerativ. Chak ane, depi fen ane 1970 yo, genyen omwen yon tèz doktora sou yon aspè enpòtan nan yon lang kreyòl (ayisyen osnon yon lòt kreyòl) yon etidyan prezante nan yon linivèsite Ewòp osinon Lamerik dinò. Fòk nou pa bliye mansyonnen 2 michan revi sou kreyolistik: nan domèn kreyòl ki baze sou franse yo, genyen revi ki rele: Études Créoles. Se an Frans yo pibliye revi sa a e li parèt 2 fwa chak ane; nan domèn kreyòl ki baze sou angle yo, genyen revi ki rele: Journal of Pidgin and Creole Languages. Se nan peyi Olann yo pibliye revi sa a e li parèt tou 2 fwa chak ane.

Depi kèk lane, kreyòl ayisyen rive entegre sistèm lekòl vil tankou Nouyòk, Miyami e Boston. Dapre kèk otè ki fè rechèch sou kesyon an, genyen omwen 30 000 elèv ayisyen ki enskri nan lekòl piblik vil Nouyòk la. Kreyòl ayisyen se katriyèm lang etranje yo pale e ansenye nan sistèm lekòl piblik vil Nouyòk la, apre lang panyòl, lang ris ak lang chinwa. Nan tout nivo lekòl, keseswa nan nivo primè, osinon nan nivo segondè, gen klas kote yo ansenye lang kreyòl ayisyen ak matyè tankou matematik, syans, istwa an lang kreyòl ayisyen. Deplizanpli, gen anpil elèv ayisyen ki antre nan klas sa yo, espesyalman elèv ki fèk soti Ayiti, men pwofesè yo pa genyen ase michan tèks literè an kreyòl pou ansenyen timoun yo literati, lekti, kominikasyon, menm jan pwofesè ameriken yo genyen kantite tèks literè an angle, lè y ap fè klas literati pou elèv ameriken. Otorite nan lekòl Nouyòk ta dwe fè yon gwo travay pou devlope michan tèks literè an kreyòl pou elèv ayisyen (yo ta kapab menm kòmanse tradwi kèk bon liv ki genyen nan kantite literati ayisyen ki ekri an franse).

Literati

Sou plan literè, Kreyòl ayisyen te pran yon lòt dimansyon nan mitan lane 1970 yo lè ekriven Franketienne te pibliye premye woman li an kreyòl, Dezafi. Majorite kritik literè ki pale kreyòl te mete chapo ba devan liv sa a. Pa te genyen lòt bon liv konsa ki ekri apre Dezafi. Te genyen kèk bon liv pwezi ansanm avèk kèk bon pyès teyat, men nou pa jwenn oken chedèv tankou Dezafi. Se posib gen kèk ti pwoblèm pou rive kreye yon rejis literè presi pou Kreyòl ayisyen e nan sans sa a, woman Dezafi a ta kapab yon eksepsyon. Pandan lontan, Kreyòl ayisyen te rete yon lang oral sèlman; moun te itilize li sitou nan sitiyasyon enfòmèl e pou kominikasyon yo fè toulejou. Anpil Ayisyen ki bileng te konn vire sou franse osinon sou angle si kesyon y ap diskite a te yon kesyon ki fòmèl osinon si yo pa t konnen byen moun k ap pale avèk yo a. Men depi kèk tan, nou konstate pa gen baryè ankò pou lang kreyòl la. Ayisyen sèvi ak li lan tout nivo konvèsasyon, pou tout sijè diskisyon y ap fè. Men antre kreyòl ekri nan tout domèn espresyon Ayisyen chwazi vin kreye nouvo pwoblèm paske ekriven ayisyen yo dwe jwenn kounye a yon lòt retorik, yon lòt estrikti ki pa depann antyèman de kontèks la e de lè moun nan ap pale a.

Alfabè

Konsòn yo

konsòn
b ! ch d f g h j k l
[b] [ʃ] [d] [f] [g] [h] [ʒ] [k] [l]
m n ng p r s t v z
[m] [n] [ŋ] [p] [ʁ] [s] [t] [v] [z]
vwayèl-konsòn
ui w y
[ɥi] [w] [j]

Vwayèl yo

vwayèl bouch
a e è i o ò ou
[a] [e] [ɛ] [i] [o] [ɔ] [u]
vwayèl bouch-nen
an en on oun
[ã] [ɛ̃] [õ] [un]

Dyakritik yo

Ofisyèl

dyakritik
aksan fòs ou aksan grav `
à è ò

Sèl aksan ki egziste an kreyòl se aksan fòs ki ta vle sanble ak aksan grav. Kòm klavye òdinatè yo poko programe pou fè aksan fòs la, nou itilize aksan grav nan plas li. Trè aksan fòs la pi long pase aksan grav la. Epi li pa twò kouche, li prèske kanpe dwat sou vwayèl li ye a, me li panche tou piti a goch.

Sa ki pa egziste nan kreyòl ayisyen an

  • é(aksan tegi); ä(trema), ê, ô(aksan sikonflèks)

Menmsi anpil moun mete aksan tegi lè yap ekri kreyòl, men li pa egziste nan lang sila a.

y ak w kenbe kreyòl la afrikanize. Nouvo mo ki antre nan lang kreyòl la se pa mo ki soti nan langaj afriken; tipikman, yo se mo ki soti nan lang franse, angle, panyòl, oubyen kèk lòt lang romans.

Fòm kontrakte

Nan kreyòl Ayisyen an, yo anplwaye 3 mwayen pou kontrakte lang lan.

  • Apostwòf
Egzanp:
Fraz san kontraksyon Fraz kontrakte
Mwen gen Jezi nan lavi mwen M'gen Jezi nan lavi'm
Ayiti nou an ap pi fò lè pitit li yo aprann an kreyòl Ayiti'n an ap pi fò lè pitit li yo aprann an kreyòl
si mwen si'm
sa ou fè sa'w fè
sa li di sa'l di
kote nou? kote'n?
yo ap prale y'ap prale
  • Tirè
Egzanp:

Fraz san kontraksyon

Fraz kontrakte

Mwen gen Jezi nan lavi mwen M-gen Jezi nan lavi-m
Ayiti nou an ap pi fò lè pitit li yo aprann an kreyòl Ayiti-n an ap pi fò lè pitit li yo aprann an kreyòl
si mwen si-m
sa ou fè sa-w fè
sa li di sa-l di
kote nou? kote-n?
yo ap prale y-ap prale
  • Espas
Egzanp:

Fraz san kontraksyon

Fraz kontrakte

Mwen gen Jezi nan lavi mwen M gen Jezi nan lavi m
Ayiti nou an ap pi fò lè pitit li yo aprann an kreyòl Ayiti n an ap pi fò lè pitit li yo aprann an kreyòl
si mwen si m
sa ou fè sa w fè
sa li di sa l di
kote nou? kote n?
yo ap prale y ap prale

Apostwòf la, se premye mwayen ki te konn fè kontraksyon yo; li toujou valab. Jounen jodi a, nou remake ke yo itilize "tirè" ak "espas" plis. Se sa ki yon devlòpman yon lang, alò nou di yo yon kokenn chenn byenvini.

Gade tou

Bibliyografi

  • Gramè Kreyòl Kaye Elèv Katriyèm ak Senkyèm Ane,1982: Enstiti Pedagoji Nasyonal (Depatman Edikasyon Nasyonal Ayiti) 112 P.
  • Ann Etidye Lang Nou an, Iv Dejan, 1986 Edisyon Demen Miyò.
  • Gramè Kreyòl Vedrine, Emmanuel Vedrine, 1996, E. W.Vedrine Creole Project, Boston, Mass. 354 P.
  • Lekti ak Gramè; 4èm Ane, Komite Edikasyon Karitas Ench, 198?

Referans

Lyen deyò